30/10/2025
🚫🔥 Pandan siklòn Melissa a, fè anpil pridans si w ap itilize recho a gaz anndan kay.
➡️ Lè w itilize recho a gaz nan yon espas fèmen, li pwodui monoksid kabòn, yon gaz ki pa gen koulè ni odè, men ki ka touye san ou menm pa rann ou kont.
💡 Kisa pou w fè pito:
• Kwit manje deyò oswa nan yon kote ki gen bon vantilasyon (ouvè fenèt ak pòt yo si sa posib.
• Si w santi tèt vire, tèt fè mal, oswa kè plen, soti deyò imedyatman epi rele pou mande èd.
👩🏽⚕️ Sante ou pi enpòtan pase tout bagay.