11/02/2026
Tout moun ap pale de konplisite, men ki klima ideyal nou kreye pou sa? Le w'ap ekri mesaj menaj ou bo kote'w w'ap kache teks la...Lè yon moun rele'w fok ou deplase pou al pale....le telefòn ou sone ou pa ka di bb repon pou mwen m okipe ...le yon mesaj rive ou pa ka di cheri gade kiyès sa pou mwen... ou bb gade kiyès ki ekri men sa pou di pou mwen.....
Nou pa pral legliz ansanm, kom si se sel nan bal ak disko, restoran ak plaj nou ka ale? Ou pa ka monte yon eskalye telman fizik ou pa anfom epiw pap al fè ti mache kouri oubyen nenpòt espò fe kelkonk avel epi'w bezwen konplisite, yon kout eklè kap kalel lage nan mitan nou, dim non... tout ti zen'w se pou makrèl ou epiw bezwen konplisite....menm pete nou youn pa ka pete sou lot epiw bezwen konplisite.....banm tet mwen tande....gen bagay se yon nivo li ye,se travay pou nou travay pou nou atenn li...le 2moun fonn youn nan lot pa gen timidite anko nou lib pou fe,di sa nou vle ansanm.....
Tet li ap fel mal,li gen reg li ,nan gym nan ou pran yon dechiri lestomak ou oubyen ponyet ou ap few mal fok nou ka pataje sa san lot la pa santiw ap anmedel....ou te nan kamyonet ou tande yon zen,yon vye blag fok nou ka patajel paske se tout sa yo kap kreye konplisite a...nou ka jwe kat,domino,al nan gym ansanm,nou ka fe manje ansanm,ou vin lakay li ou jwenn li ap fe travay ou rantre nan batay,lap lave wap rense e non chita ap gade match epi kitel pou kont li....lap penyen timoun yo pou lekol map prepare petit dejeuner a ou menm,lap fe petit dejeuner a wap mete rad sou timoun yo...pran poz zuzu ak matcho nou epi tann konplisite,nou pa ka fe deba sou yon liv nou li menm si nou ka pa gen menm apwoch san sa pe kreye bouch long epiw bezwen konplisite..nap konplis le nou deside sispann konplekse e konplike lavi nou o dela de tit ak pozisyon nou...
Envite zanmi'w LIKE paj la