03/01/2026
Festen Tradisyonèl : Kè Kontre, yon modèl solidarite ak angajman kominotè nan komin Kafou
Nan dat 30 desanm 2025 lan, kominote Kafou a te viv yon bon moman rich an koulè, rit ak emosyon nan Festen “Tradisyonèl : Kè Kontre”, yon aktivite kiltirèl ki te rasanble jèn, granmoun, òganizasyon kominotè ak enstitisyon nan Kafou. Yon makonnen ki fèt ak valè idantitè, solidarite ak eritaj nasyonal nou kòm pèp.
Evènman sa a te reyalize sou inisyativ AKOLAD (Atelye Kreyasyon, Oryantasyon, Leadership ak Aksyon pou Devlòpman), an kolaborasyon ak CCMEC (Centre Culturel Municipal Emmanuel Charlemagne), AKOLIT, ak Rèv Mwen Se Bousòl Mwen, avèk kontribisyon aktif plizyè òganizasyon ak estrikti jèn nan komin Kafou. Pami yo, Club Littéraire Emeric Bergeaud (CLÉB), Antreprenarya San Dola (ASD), Zwezo, Balade Agence Événementielle (BAE), Jèn pou Jèn, Kafou Koneksyon, e-Jeunesse, Centre de Réflexion et d’Intégration Formelle (CRIF), Physio Harmonie Mot des Arts et du Droit (MAD), ansanm ak lòt gwoup ki, dirèkteman oubyen endirèkteman, te angaje yo nan yon veritab konbit kominotè pou reyisit aktivite sila.
Sou plan atistik, piblik la te apresye pèfòmans Authentic Band ak Authentic Compas, ki te bay bèl pèfòmans enstrimantal ak jwe bon jan mizik konpa.. Atelier de Tambour CCMEC te ofri yon demonstrasyon remakab ak son tanboun tradisyonèl, pandan atis Lounialie Belton ak Cap Oral te bay evènman an yon dimansyon espesyal ak entèpretasyon ki touche piblik la. Animasyon an te asire ak anpil metriz pa Jean Samuel Fleurant, ki te kenbe dinamik evènman an vivan pandan tout sware a.
Kòdonatè Jeneral AKOLAD la, Mesye Emmanuel Michel, eksprime satisfaksyon li, pou li menm : « Festen Tradisyonèl : Kè Kontre se pou nou yon sinyal fò ki montre a klè ke jèn yo, granmoun yo ak estrikti komin Kafou yo se yon modèl rezilyans. Malgre tout difikilte yo ap travèse, yo toujou demontre volonte pou angaje yo nan devlopman peyi a, pou prezève valè ak dinyite nou antanke Ayisyen, nan yon lespri solidarite ak konviksyon ke Ayiti demen an ap posib sèlman nan tèt ansanm. »
Festen Tradisyonèl : Kè Kontre te depase kad yon senp fèt. Li te tounen yon espas rankont, refleksyon ak rekoneksyon kote kilti sèvi kòm zouti rasanbleman, dyalòg ak konstriksyon sosyal. Patisipasyon piblik la demontre klèman enpòtans ak aktivite kiltirèl ki plase kominote a nan sant devlòpman.
Atravè inisyativ sa a, òganizatè yo mete aksan sou valè solidarite, tèt ansanm ak angajman sitwayen, kòm pilye esansyèl nan pwosesis devlòpman dirab peyi a.
Pou plis enfòmasyon :
AKOLAD( Atelye Kreyasyon, Oryantasyon, Leadership ak Aksyon pou Devlòpman)
akoladht1@gmail.com
゚viralシviralシfypシ゚viralシalシ