Vizit Dokte

Vizit Dokte Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Vizit Dokte, Health & Wellness Website, Delmas.

Organisme médical dédié à la VULGARISATION des connaissances médicales afin de compenser au manque criant constaté dans l’éducation sanitaire de la population haïtienne.

Anvan nou bay kraze KÈ nou nan Senvalanten, banm ba nou yon konsèy pou nou pran swen l❤️😆🆘 Fevriye se mwa sansibilizasyo...
13/02/2026

Anvan nou bay kraze KÈ nou nan Senvalanten, banm ba nou yon konsèy pou nou pran swen l❤️😆

🆘 Fevriye se mwa sansibilizasyon sou maladi kadyovaskilè 🆘

Nan Vizit doktè, nou pa ka rete an silans pandan maladi kè ap kontinye afekte kominote nou an. Dapre Òganizasyon Mondyal Lasante, anpil nan maladi sa yo ka evite ak abitid senp tankou aktivite fizik regilye.

Nou pa bezwen ekipman chè ni gwo mwayen pou n pran swen kè nou. Fè menm si se yon grenn mouvman tankou yon 2 Mach eskalye nap monte desann ak yon rit ke nou ka kenbe jouk nou bouke. 20-30 minit. Se gentan yon bon abitid pou KÈ nou. E pa gen LAJ nan ret AKTIF. Granmoun, Jèn moun, timoun.
Aktivite senp tankou:

🚶‍♂️ Mache chak jou
🏃‍♀️ Fè espò, kit se nan sal jimnastik oswa nan lari (kouri nan lari lematen sou yon bon distans)
🏠 Fè egzèsis lakay ou ( mouvman ak chèz, ak kabann, sou bout mi, ak eskalye

Chak mouvman konte. Chak pa ou fè se yon envestisman nan lavi ou. Sante pa yon liks — se yon dwa.

Ann pran responsabilite pou kò nou. Ann chwazi bouje olye n rete chita. Pou tèt nou, pou fanmi nou, pou lavni nou.

👉 Kòmanse jodi a. Pa tann demen.

Dr Lyne Vanessa Alexandre
Vizit doktè
www.vizitdokte.org

13/02/2026
Pote yon gwosès jiska bout li pote anpil chanjman nan kò yon fanm. Mak po a ki detire ( mak Pitit ), pran pwa ( kò dilat...
13/02/2026

Pote yon gwosès jiska bout li pote anpil chanjman nan kò yon fanm.
Mak po a ki detire ( mak Pitit ), pran pwa ( kò dilate) po ki vin pi lach, chanjman òmòn… tout sa yo pa “defo”. Se mak yon gwo mirak: pote lavi sou latè.

Nan kominote nou an, gen twòp fanm k ap sibi jijman oswa menm separasyon paske kò yo chanje apre akouchman. Men chanjman sa yo pa yon chwa, ni yon feblès. Se konsekans yon gwo sakrifis biyolojik fanm nan fè ak anpil kouraj ak lanmou.

Li enpòtan anpil pou nou sansibilize fanmi yo ak patnè yo: soutni yon fanm apre gwosès li se rekonèt sa li pase, respekte kò li, epi ede l reprann konfyans nan tèt li. Matènite pa dwe janm tounen yon rezon pou diskriminasyon oswa rejè.

Ann aprann selebre kò ki pote lavi. Ann ankouraje fanm yo aksepte chanjman yo ak fyète, epi ann raple kominote a ke lanmou ak respè dwe grandi ak kò a, pa disparèt poutèt chanjman li fè.

Pòspatòm se yon etap frajil e enpòtan nan lavi yon fanm. Tan pou rekipere, pou rebalanse ( mantal ak fizik) pou nouvo mond ak nouvo responsabilite. Se pa moman pou Presyon ak Diskriminasyon.

Dr Lyne Vanessa Alexandre
Vizit doktè

🆘 MANJE NAN LARI 🆘 Èske w te konnen ou mete lestomak ou an danje chak fwa ou manje CHENJANBE san okenn garanti ijyèn?Nan...
11/02/2026

🆘 MANJE NAN LARI 🆘

Èske w te konnen ou mete lestomak ou an danje chak fwa ou manje CHENJANBE san okenn garanti ijyèn?

Nan kapital la, manje nan lari ap pèdi estanda yo chak jou. Pa gen vrè kontwòl sanitè ki fèt. Direksyon Ijyèn Piblik (MSPP) egziste sèlman nan biwo ministè sila. Ni pa gen siy responsablite klè bò kote meri yo. Rezilta a? Ka entoksikasyon alimantè ak enfeksyon tankou H. pylori ap vinn pi komen lakay pasyan yo.

Pifò sitwayen pa egzije pi bon kondisyon nan men vandè yo, paske yo deja prizonye nan lòt gwo pwoblèm sosyal tankou ensekirite.

Men sa pa dwe fè nou bliye yon verite enpòtan: Sante nou se premye kapital nou.

Lè otorite yo absan, se chak moun ki dwe pran responsabilite pou pwoteje tèt li. Chwazi kote w ap manje ak anpil prekosyon, obsève pwòpte anviwònman an, epi pa neglije siy avètisman yo.
Yon ti desizyon jodi a ka evite gwo pwoblèm sante demen.

Dr Lyne Vanessa Alexandre
Vizit doktè
3743-4305 pou yon randevou medikal

Reponn ak SENSERITE. Èske w gen yon Metòd planin ak Pwoteksyon ou adopte pou lavi w ? M pa ko satisfè ak repons m jwenn ...
10/02/2026

Reponn ak SENSERITE. Èske w gen yon Metòd planin ak Pwoteksyon ou adopte pou lavi w ?

M pa ko satisfè ak repons m jwenn nan konsiltasyon yo.
Moun yo dim yo fidèl. TEMÈT ! Moun yo dim yo marye. TEMÈT !

Pran swen sante seksyèl nou se yon etap esansyèl nan devlopman nou kòm moun responsab. Sitou Si nou aktif seksyèlman.

Depi lan adolesans, li enpòtan pou chak jèn — fi kou gason — reflechi sou kesyon sa yo Depi SÈKS mete pye. Eske mwen chwazi yon metòd kontraseptif? Eske mwen pwoteje tèt mwen kont enfeksyon seksyèlman transmisib (IST)? M pa bezwen di w pou GRANMOUN.

Adopsyon bon jan metòd pwoteksyon yo ede evite gwosès ki pa planifye ak pwoteje kont IST. Sa se pa sèlman yon kesyon sante pèsonèl, men tou yon kesyon responsabilite anvè patnè nou ak kominote nou.
NON nou pa ka PA gen yon metòd planin ni pwoteksyon !
👉 Chèche enfòmasyon serye sou sante seksyèl
👉 Pale ak pwofesyonèl sante san wont ni pè
👉 Pran desizyon responsab pou pwoteje tèt nou
Li pa nòmal pou nap reponn konsa nan yon kesyon serye nan konsiltasyon. Sante nou se richès nou.

Dr Lyne Vanessa ALEXANDRE
www.vizitdokte.org
Sante seksyèl se yon dwa. Responsabilite seksyèl se yon siy matirite.

💧 Gouvènans dirab dlo an Ayiti : yon ijans pou sante piblik 💧Mezanmi pa sezi si Ministè a jwenn dlo kontamine. Nou te ko...
09/02/2026

💧 Gouvènans dirab dlo an Ayiti : yon ijans pou sante piblik 💧
Mezanmi pa sezi si Ministè a jwenn dlo kontamine. Nou te konnen nou se yon peyi kap fonksyone sou FOUL OTOMATIK. E m garanti w Nou gen enstitisyon yo, dirijan yo ki la pou sa. Yo touche chak mwa🤯. Ann pale !

Dlo potab se baz lavi. San yon bon sistèm pou jere dlo a, pa gen bon sante piblik. Kriz dlo n ap viv la montre nou klèman ke Ayiti bezwen yon gouvènans dirab dlo : yon fason serye, transparan ak syantifik pou kontwole, pwoteje epi distribye dlo pou tout moun.

Gouvènans dirab dlo vle di : fè tès kalite dlo regilyèman, rann rezilta yo piblik, idantifye sous polisyon yo, epi pran mezi rapid pou korije pwoblèm yo. Sa mande kolaborasyon ant MSPP, DINEPA, Ministè Anviwònman ak lòt enstitisyon leta pou mete sante popilasyon an an premye.

San bon gouvènans, dlo ka vin tounen yon danje envizib ki menase timoun nou yo, fanm ansent yo ak tout kominote a. Men ak bon jesyon, dlo ka vin yon zouti pwisan pou prevni maladi, amelyore kalite lavi ak bati yon avni ki pi an sante.

Pwoteksyon dlo potab se pa sèlman yon kesyon teknik, se yon dwa fondamantal. Ann enfòme tèt nou, ann mande transparans, epi ann egzije aksyon konkrè pou yon sistèm dlo ki dirab pou tout Ayisyen.

Yon parantèz: Se pa paske w PA MALAD non kifè dlo wap wè a Byen trete. Anpil nan nou TONBE na pyèj sa. Plen metal LOU kap akimile nan sistèm nou pou Mande nou kont nan 20 lane. Mande kont ak otorite yo jodia !

Dr Lyne Vanessa Alexandre
www.vizitdokte.org

🚨 PLIZYÈ PATNÈ SEKSYÈL? Men ki danje ki gen ladan medam. Lè yon moun gen plizyè patnè seksyèl, risk pou trape enfeksyon ...
06/02/2026

🚨 PLIZYÈ PATNÈ SEKSYÈL? Men ki danje ki gen ladan medam.

Lè yon moun gen plizyè patnè seksyèl, risk pou trape enfeksyon seksyèlman transmisib (IST) ogmante anpil. Gen anpil nan enfeksyon sa yo ki pa bay siy touswit, men yo ka lakòz gwo pwoblèm pou sante w, pou kapasite w pou fè pitit, ak pou avni w.

Men prensipal IST yo : VIH/SIDA, sifilis, gonore, klamidya, papilomaviris imen (HPV), èpès jenital, epatit B ak C, ak trikomonaz. Menm lè pa gen sentòm, yo ka ap fè domaj an silans nan kò a.

👉 Chak fanm gen dwa fè chwa li nan lavi afektif ak seksyèl li. Men pwoteje sante w se yon responsablite.

✅ Itilize kapòt la kòrèkteman chak fwa
✅ Fè tès depistaj regilyèman
✅ Evite konpòtman ki mete w an danje
✅ Pale ouvètman sou sante seksyèl ak patnè w yo
✅ Konsilte rapidman si w remake nenpòt sentòm ki pa nòmal

Gen plizyè patnè pa dwe janm vle di neglije sante w. Pwoteje tèt ou se respekte tèt ou epi respekte lòt patnè w yo.

E Siw fè yon NEGLIJANS, pran chimen Doktè rapid.
Vizit doktè / Klinik Sante Fanm ankouraje fanm yo fè chwa ki klè, responsab, epi baze sou bon enfòmasyon.

Kò w merite pwoteksyon, swen ak respè.

Dr Lyne Vanessa Alexandre
www.vizitdokte.org

Je suis profondément fière du travail communautaire que je mène avec l’association Vizit Dòktè, née d’une conviction sim...
05/02/2026

Je suis profondément fière du travail communautaire que je mène avec l’association Vizit Dòktè, née d’une conviction simple mais puissante : l’accès aux soins de santé ne devrait jamais être un privilège — c’est un droit humain fondamental.

À l’intersection de l’engagement communautaire, du plaidoyer en santé publique et de la justice sociale, Vizit Dòktè œuvre pour rétablir ce souci d’accessibilité des soins à la population haïtienne trop souvent laissée en marge des systèmes de santé. Dans de nombreuses communautés, notamment en Haïti, l’accès aux soins n’est pas garanti. La distance, le coût, le manque d’infrastructures et les inégalités continuent de déterminer qui reçoit des soins et qui souffre en silence. Cette réalité est inacceptable — et elle exige une action collective.

🎯 Notre vision
Une société où chaque personne, indépendamment de ses revenus, de son genre ou de son lieu de vie, peut accéder à des soins de santé dignes, rapides et de qualité.

🛠️ Notre mission
Renforcer les communautés à travers l’éducation sanitaire, la prévention et des solutions innovantes basées sur la communauté afin de réduire les barrières à l’accès aux soins.

À travers Vizit Dòktè, nous portons fièrement plusieurs initiatives majeures :

🔹 Klinik Sante Fanm – dédiée à la santé des femmes, à la prévention et à l’accès aux soins de santé sexuelle et reproductive.
🔹 Tifi Bati Lavni – un programme qui investit dans la santé, l’éducation et le leadership des adolescentes pour qu’elles construisent un avenir plus sain pour elles-mêmes et leurs communautés.
🔹 Medicash – une approche solidaire visant à alléger le fardeau financier des soins médicaux pour les familles qui, autrement, seraient privées de traitement.

Ce travail n’est pas de la charité. C’est du pouvoir communautaire, une réflexion systémique et une responsabilité collective en action.

Je partage cela aujourd’hui non seulement pour célébrer ce que nous construisons, mais aussi pour appeler à un futur où personne n’aura à choisir entre sa santé et sa survie, et où vivre dans une communauté signifie réellement avoir accès aux soins.

Si l’équité en santé vous tient à cœur, si les solutions portées par les communautés vous inspirent, ou si vous souhaitez faire partie d’un changement concret, je vous invite à découvrir notre travail et à suivre notre parcours :

🌍 www.viztdokte.org

Ce n’est que le début — et ensemble, nous pouvons bâtir des communautés où les soins ne sont pas un luxe, mais une réalité vécue.

🚨 Pandan n ap make jounen kont kansè a, ann di yon verite ki fè mal 🚨Ann Ayiti, plis pase 11 milyon moun ap viv nan yon ...
05/02/2026

🚨 Pandan n ap make jounen kont kansè a, ann di yon verite ki fè mal 🚨

Ann Ayiti, plis pase 11 milyon moun ap viv nan yon peyi ki pa menm gen YON sant radyoterapi. Pandanstan, frè ak sè nou yo ap mouri ak kansè paske yo pa jwenn swen yo bezwen.

Gen moun ki oblije pran wout migrasyon pou al chèche tretman nan Kiba, Repiblik Dominikèn oswa Etazini. Sou wout sa yo, yo fè fas ak diskriminasyon, imilyasyon ak gwo danje. Sa pa nòmal. Sa pa jis.

👉🏾 Sante se yon DWA, pa yon privilèj.
👉🏾 Lajan taks piblik dwe sèvi pou sove lavi.

Yon sèvis radyoterapi pa yon rèv enposib. Sa ki manke se volonte pou mete sante popilasyon an an premye.

Jodi a, nou sonje tout moun ki pèdi lavi yo paske yo pa t ka jwenn swen nan pwòp peyi yo. E nou pran angajman pou leve kanpe, pale fò, epi egzije Leta ayisyen pran responsablite li nan sante piblik.

📣 Nou merite miyò.
📣 Nou gen dwa viv.
📣 Nou gen dwa jwenn swen lakay nou.

Vizit doktè ap kontinye denonse neglijans sa a jiskaske li korije.

Pou lavi. Pou diyite. Pou Ayiti.

Dr Lyne Vanessa Alexandre
www.vizitdokte.org

🚨 Kabinè jinekoloji : lè swen depase limit li, se pa swen ankò 🚨Kabinè yon jinekològ se youn nan espas ki pi entim, pi s...
04/02/2026

🚨 Kabinè jinekoloji : lè swen depase limit li, se pa swen ankò 🚨

Kabinè yon jinekològ se youn nan espas ki pi entim, pi sansib nan lavi yon fanm. Lwa ak règ pwofesyon medikal yo egziste pou pwoteje nou. Men nan kominote nou an temwayaj fanm yo ap ogmante, e yo pa ka inyore.

Gen fanm k ap rakonte :
• yo resevwa konsiltasyon san enfimyè oswa yon lòt moun nan sal la
• gen pawòl deplase (kompliman sou pati entim yo, pawòl ki pa pwofesyonèl),
• gen manyen ki pa klè, jès ki pa eksplike ni jistifye medikalman,
• e menm agresyon seksyèl ki fèt dirèkteman nan kabinè a, dèyè yon blouz blanch.

👉🏾 Yon jinekolog ki pwofesyonèl :
✔️ esplike chak jès li pral fè avan li fè l
✔️ respekte limit kò fanm nan, Mande konsantman chak lè sa Mande sa
✔️ sèvi ak pawòl medikal, san jije ni fè alizyon seksyèl
✔️ travay selon nòm yo, ak yon enfimyè oswa yon lòt pèsonèl prezan pandan egzamen an

❌ Manyen ki sanble ak karese,
❌ kòmantè sou kò fanm,
❌ jès ki fè w santi w mal alèz,
❌ dout, laperèz, malèz…
Sa yo pa swen medikal.

✨ Medam, Lè gen yon sitiyasyon ki pa nòmal, ou santi l. Kò w di w, kè w avèti w. Sa w santi a valab.

🛑 Ou gen dwa di NON.
🛑 Ou gen dwa kanpe konsiltasyon an.
🛑 Ou gen dwa denonse.

Denonse, Se pwoteje tèt ou, pwoteje sè w, kouzin w, ak tout lòt fanm ki ka tonbe nan menm men yo.

👉🏾 Respè pa yon opsyon.
👉🏾 Blouz blanch pa bay pèmisyon pou fè abi.

📣Doktè gen DEVWA respekte pasyan.

Pou nou menm. Pou lòt fanm. Pou diyite fanm yo. 💜

Dr Lyne Vanessa ALEXANDRE
www.vizitdokte.org
Klinik Sante fanm

🔴 GWOSÈS PA TOUJOU SAN DANJE: RESPEKTE CHWA FANM YO Nan sosyete nou an, lè yon fanm di li pa vle fè pitit, li sibi jijma...
02/02/2026

🔴 GWOSÈS PA TOUJOU SAN DANJE: RESPEKTE CHWA FANM YO
Nan sosyete nou an, lè yon fanm di li pa vle fè pitit, li sibi jijman, presyon, epi nou kareman mete yon etikèt sou do l.
Yo di l li egoyis.
Yo di l li kont lanati.
Yo di l li pa yon “vrè fanm”.

Men se menm sosyete sa a ki pa gen ase estrikti sosyal pou pwoteje ni MANMAN an ni timoun yo :
pa gen aksè ak swen sante,
pa gen aksè ak sekirite,
pa gen aksè ak edikasyon,
pa gen aksè ak pwoteksyon sosyal pou manman ak timoun.

📌 Mete sou sa, GWOSÈS se pa yon ti bagay.
Gwosès se yon eta ki ka mete lavi yon fanm an danje.

Yo aprann nou depi piti ke:
👉🏾 doulè nòmal pou Fanm
👉🏾Gwosès “pa yon maladi”.

Men sa pa vle di li san risk.

⚠️ Men kèk risk gwosès ka pote pou sante fanm :

▪️ Tansyon wo ak eklamsi (ki ka lakòz konvilsyon, koma, lanmò)
▪️ Emoraji pandan oswa apre akouchman
▪️ Enfeksyon grav
▪️ Anemi grav
▪️ Dyabèt pandan Gwosès
▪️ Pwoblèm kè, poumon, oswa ren
▪️ Depresyon ak twoub sante mantal (avan oswa apre akouchman)
▪️ Lanmò manman (sitou kote swen sante limite)

👉🏾 Nan peyi kote sistèm sante fèb, risk sa yo vin pi gwo toujou.

Se poutèt sa:
❗ Chwa pou fè pitit dwe yon chwa konsyan, lib, ak respekte.
❗ Pa gen okenn fanm ki dwe fòse pran yon risk pou lavi li pou fè sosyete a plezi.

Respekte fanm ki di li pa vle fè pitit.
Respekte fanm ki di li vle tann.
Respekte fanm ki di li vle chwazi.

Dr Lyne Vanessa ALEXANDRE
www.vizitdokte.org







Adresse

Delmas

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Vizit Dokte publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram