28/11/2025
👉Dlo Cho ak Dlo glasé
Men yon diferans klè, senp ak rapid ant yo 2 a ,ki efè yo fè sou santé nou👇
🔵 Dlo Glase (Dlo frèt)
1-Ki sa li fè nan kò a ?
2-Fè veso sangen yo retresi (sere).
3-Ralanti dijesyon.
4-Ka soulaje enflamasyon (tankou lè ou fè egzèsis).
5-Fè kò a boule plis enèji pou li remonte tanperati li.
6-Bay yon sans de fraîcheur, reviv.
Poukisa li bon pou li ?
-Chalè / solèy.
-Apre egzèsis pou bese enflamasyon.
-Pou rafrechi kò.
🔴 Dlo Cho
Ki sa li fè nan kò a ?
1-Fè veso sangen yo laje (ouvri).
2-Akselere dijesyon.
3-Relaks nè yo, diminye doulè.
4-Amelyore sikilasyon san.
5-Ede elimine toksin.
👉Poukisa li bon pou li ?
-Frèt / lè kò a sere.
-Doulè nan vant.
-Doulè nan gòj / grip.
-Detant ak soulajman.
🟣 Kilès pi bon ant yo 2 a ?
Tou depann de sitiyasyon an :
Pou refrechi → ou kapab pran dlo glase
Pou dijesyon, detant, doulè → ou kapab pran dlo cho
Pa bliye pataje l,swiv paj la pou kapab jwenn plis konsèy sou santé
́