Docteur François Tight

Docteur François Tight Complexe medical Bon Berger

10/02/2025
11/09/2020
Kòman medam yo dwe dòmi lè yo ansent?Anpil nan medam nou yo swa pa neglijans ou pa mekonesans pa pote atansyon sou fason...
12/06/2020

Kòman medam yo dwe dòmi lè yo ansent?
Anpil nan medam nou yo swa pa neglijans ou pa mekonesans pa pote atansyon sou fason yo ta sipoze dòmi lè yo ansent.
Gwosès la se yon peryod enpòtan nan lavi yon fanm. Li pote anpil chanjman ni sou plan fizik, fizyolojik, ak sikolojik kay fanm lan. Pou byen abòde l, li mande preparasyon paske chanjman sa yo pa toujou byenvini lakay tout fanm. Ansanm chanjman sa yo pral oblije fanm kap pote gwosès sa chanje anpil nan konpotman abityèl li yo pandan peryod sa. Youn nan chanjman konpotman yo se fason fanm ansent lan dwe dòmi nan kabann li.
Nan kòmansman gwosès la, nan premye trimès la pou n pi presi, pa gen okenn enkyetid ni risk sou fason li dwe domi. Men, dezyèm trimès la se peryod ki koresponn tout bon ak kwasans fetis la. Se nan peryod sa matris fi a ap pran tout bon dimansyon gwosès la; se la vant lan ap gwosi. Donk, apati dezyem trimès la, pwochenn manman an pral oblije chanje fason li te konn dòmi.
1) Kouche sou avant
Kouche sou vant pa deranje anyen nan yon gwosès. Se yon pozisyon anpil moun renmen. Sèl pwoblèm avèk pozisyon sa sèke plis vant lan ap gwosi se plis fiti manman ap gen malèz pou li dòmi konsa.
2) Kouche sou do
Kontrèman ak sa nou te ka panse, yon fanm ki te konn abitye kouche sou do dwe dezabitye ak pozisyon sa. Nan pozisyon sa, matris la ki gwosi a pral fè fòs sou yon gwo venn nan kòw ke yo rele venn kav; sa ki pral redwi sou kantite san ki ta dwe rive nan kè a. Pozisyon sa favorize tou kèk ti malèz tou ni kay manman an ni kay pwochen bb a.
Si li difisil pou ou pou kite pozisyon sa, ou ka jis mete yon ti zòrye bò senti dwat ou, sa kap pèmèt ou panche plis sou kote goch ou.
3) Domi sou kote oubyen sou kan
Domi sou kote dwat pa gen okenn risk, men meyè pozisyon an se ta abitye kouche sou kote goch. Pozisyon goch la pèmèt fiti bb a resevwa san pi byen atravè plasenta a, an menm tan pèmèt li grandi pi byen.
4) Lòt pozisyon
Gen anpil lòt pozisyon tankou: Domi pye anlè sou yon sipò, dòmi sou kousen alètman;dòmi tèt wo

05/06/2020

Comment nourrir votre enfant conformément aux recommandations des spécialistes.

05/06/2020

Se vre anpil nan nou mete mask, youn pi efikas ke lòt! Men, majorite nan moun ki mete mask yo trè mal itilize l.
1- Mask la fèt pou bouche ni nen w ni bouch ou san li pa kite espas pou menm yon ti fil ta pase.
2- Evite touche sifas mask la ki bouche nen ak bouch ou a. Si ou ta anvi fè sa, lave men nou byen lave avan.
3- Pa pran abitid lè wap pale pou w retire mask la apre pou w mete l.
4- Depi w te deyò wap rantre lakay ou, toujou sonje lave mask la avan w itilize l ankò.
5- Ou dwe gen plizyè mask, pou si w ta gen pwoblèm kèlkonk ak youn konsa w a va itilize yon lòt.

Ann kontinye aplike prensip sanitè yo paske leta a pa gen okenn vrè plan pou nou
27/05/2020

Ann kontinye aplike prensip sanitè yo paske leta a pa gen okenn vrè plan pou nou

16/05/2020

Pour la première fois en France, un enfant de 9 ans atteint d'une forme proche de la maladie de Kawasaki, et qui a été en contact avec le coronavirus, est mort le 9 mai, à Marseille.

Nou te di l. Se tès ki pat genyen, ka kowona se sa nou pa manke.
16/05/2020

Nou te di l. Se tès ki pat genyen, ka kowona se sa nou pa manke.

Adresse

Carrefour

Heures d'ouverture

Mardi 09:00 - 13:00
Jeudi 09:00 - 13:00

Téléphone

+50936777039

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Docteur François Tight publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type