26/01/2026
M vle pran yon ti moman pou m di mèsi ak tout kè m
a tout moun ki te pataje, ki te refere yon lòt moun,
ak tout moun ki toujou aksepte *m pataje mesaj, vizyon, ak enèji m ak yo san plenyen.*
Sipò sa a pa piti, e m rekonesan
Atelye ki sot fèt la te RÊVER & SE GUÉRIR
yon espas pou n pran souf, pou mete pawòl sou sa k fè mal,
Chak moun dwe geri selon ritm pa yo.
📸🎥 Foto ak videyo yo ap vini trè byento,
pou nou ka reviv bèl moman sa a, souri yo, silans yo, ak koneksyon yo.
E pandan n ap kontinye sou chimen sa a,
mwen kontan anonse pwochèn eksperyans lan :
✨*LOVE • HEAL • GLOW*✨
Yon eksperyans byennèt, aprantisaj, ak swen,
kote lanmou pou tèt ou, gerizon, ak limyè enteryè pral rankontre.
Mèsi paske nou la.
Mèsi paske nou kwè.
Vwayaj la ap kontinye 🌸