01/02/2021
Enpòtans ren yo nan kò yon moun
Denye semèn sa yo gen yon foto yon jèn etidyan nan inivèsite leta ki sou tout entènet lan kap mande èd poul ka cheche tretman nan peyi lotbo dlo paske tou lè 2 ren l yo pa bon, li an danje sil pata rive jwenn yon nouvo ren pou kò l byen fonksyone.
Lè w fin li tèks saa wap konprann nesesite pouw pwoteje ren’w e pataje mesaj saa ak yon zanmi poul fè sa tou.
Ren yo se 2 ògàn ki plase nan do a, nan chak bò kolòn vètèbral anba dènye kòt yo. Chak ren yo mezire 12 santimèt longè, 6 santimèt laje ak 3 santimèt otè epi l peze 160 gram chak . Chak ren yo gen yon milyon nefron ki gen pou wòl filtre san an pou pran sak bon an e kite rès yo al jete nan p**i, nou dakò se ren an ki fè p**i an, gras ak iretè pral stoke nan vesi a oubyen blad p**i ke irèt la ap ede pou soti deyò lè yon moun al fè p**i.
Fonksyon Ren yo
Ren yo se yonn nan ògàn yo konsidere kòm ògàn vital pou kò a san ren yon moun pa ka viv nòmal. Ren an jwe wòl paswa kò a. Manje, bwè, fè egzèsis nou ta di viv tou senpleman ap fe nou pwodwi mikwòb oubyen toksin nan kò nou. Mikwòb sa yo se kò a menm ki pwodwi yo e sa toujou fèt lè kò a ap byen fonksyone, anplis de mikwòb yo tout eksè dlo nan kò a se nan ren an yo elimine nòmalman. Wòl paswa a te pèmèt li seleksyone pwoteyin yo ak tout lot patikil ki itil nan kò pou fe yon retounen nan san an epi jete tout lòt patikil yo nan p**i ki souvan toks*k.
Ren yo jwe lot fonksyon ki pemet kò a rete ekilibre, li ede ko a retire likid nan ko a konpare a ak sa nap bwe pou ekilib la kenbe. Ekilib saa sa plis gen pou wè ak dlo epi sel mineral yo tankou kalsyom, potasyom, bikabonat, sodyom eksetera.
Ren an jwe yon wòl enpòtan nan kontwole tansyon ateryèl la lèl pwodwi òmon tankou bradikinin ak renin pou fè vasodilatasyon oubyen vasokonstriksyon kap monte ou desann tansyon an, epi tou lèl regle kantite dlo ak sel nan kò a. li jwe yon wòl enpotan nan pwodiksyon vitamin D a ki itil pou fomasyon epi fotifikasyon zo yo, ak bon nivo kalsyom nan san an.
Ren an jwe yon wòl enpòtan nan prodiksyon emoglobin yo, li sekrete yon òmon yo rele Epoyetin ki la pou stimile prodiksyon emoglobin ak global wouj nan mwèl osez la. Se sak fe nan ka a ensifizans renal anpil fwa gen anemi.
Yon fwa ren an pèdi kapasite poul jwe tout wòl li yo yo pale de ensifizans renal, e ke sa depann de stad ensifizans lan gen tretman apwopriye.
Tretman ki pi agresif lan se dyaliz sa moun yo rele lave san an. Yon pasyan ki nan stad saa dwe dyalize omwen 3 fwa pa semen pou pemet ren an retire tout mikwòb yo si travay sa pa fèt moun sa yo gen gwo konplikasyon e menm lanmo.
Yonn nan konsèy pou kenbe ren ou anfòm se bwè anpil likid ladan yo anpil dlo, evite bwè medikaman san preskripsyon paske anpil medikaman konn pwovoke pwoblèm nan ren an, twop gazez, twòp pwodwi asid aji negativman sou ren an.
Gen stad ou rive ak maladi ren an sak tap pi bon pou ou se jwenn yon lot ren ki konpatib a kow pouw kontinye viv paske moun ka viv nomalman ak yon sel ren, sin aplike konsey yo nou ka evite tonbe nan maladi renal yo.
Lè'n fin teks sa nou wè tout risk ke etidyan ki gen pwoblèm ren an genyen nan sans saa ede jann kapab pou sove lavil,men tou pran dispozisyon pouw pap jwe kont ren ou.
Dr Thebeaud
Medsen