G.C Clinique Medicale

  • Home
  • G.C Clinique Medicale

G.C Clinique Medicale GC CLINIQUE MEDICALE.

Réclamez votre santé...
CEO .genelus
�+ 509 35400663 / 37467676
gccliniquemedcicale@gmail.com
�10C, Gattereau 20,Rte de Bassin,Gonaives, Haiti

Ann fè yon ti pale sou yon tèm sa a ki trè enteresan sitou pandan semèn sent lanCiguatera (Poisson cuivré) 🐠🐟🌿🔸️Ciguater...
13/04/2022

Ann fè yon ti pale sou yon tèm sa a ki trè enteresan sitou pandan semèn sent lan

Ciguatera (Poisson cuivré) 🐠🐟🌿

🔸️Ciguatera, sa nou tout konnen sou nom poisson cuivré a, se yn fom de entoks*kasyon alimantè ou pran nan manje pwason, ki kontamine pa yn plant nou jwenn anba lanmè, sitou nan resif koralyen yo, ki rele Gambierdiscus Toxicus.

✔Kisa ki pwason cuivré a?

Kontrèman ak sa anpil moun panse, pwason sa yo pa manje kwuiv, se yon ti plant ki nan lanmè a yo manje. Ti plant sa a ki se yn Phytoplancton, li sentetize yonn nan molekil ki plis nosif nan mond sou maren an, ki se ciguatoxine. Li tèlman danjere, yon sèl mikrogram kont pou tuye yon moun.
Gen yn seri ti pwason ki herbivore, lè yo manje ti plant sa, yo tou genyen G. Toxicus la nan chè yo. Gro pwason ki carnivore yo yo menm, yo al manje ti pwason sa yo, konsa prosesis biomagnification an ap ogmante.

✔Kisa ki pase lè ou manje pwason sa ?

Ciguatoxine ki nan pwason sa se yn neurotoxine, li pral altere sistèm nerveux a, epi lap bay anpil lot konplikasyon dijestif ak kadyak.

✔Kijan wap fe konnen ou pran nan sa nou rele pwasson cuivre a ?

Apre yn 3 ou 4 è de tan ou fin manje pwason sa, lap baw dè sentom tankou vant fè mal, diare, vomisman, doulè nan tout kow, ti bouton tankou fe chalè leve sou tout pow, pikotman ak gratel, ou ka genyen vetij, epi wap santi manb ou yo vle paralize.

✔Kisa pou fè nan ka sa a ?

Pa gen yn tretman espesifik pou moun ki entoks*ke nan G. Toxicus. Li ra pou tande maladi sa a touye moun, men dèfwa li konn koze paralizi respiratwa oubyen koma ki konn trè mortel.
Si ou ta remake ou pran nou yn poisson cuivré. ou supoze kouri nan sant sante ki pi prew la, pou yon pèsonel sante ka trete sentom yo, sitou pou sentom troub kadiak yo ke li koze.
Fimen ak bwe alkol ap agrave maladi a e lap koz sentom yo pran plus tan pou yo trete. Medikaman tankou analjezik, antiemetik, antispasmodik, Kotikoid, calcium ak vitamin tankou B1, B6, B12 ak anpil ju sitron ap edew amelyore sentom yo.

Nap jwui semen sent nou, nap manje pwason, nap pran prekosyon. 😊
Byen fete tout moun.

Jodia se Jounen Mondyal Epilepsi, sa nou tout konnen sou non MALKADI. Nan tan lontan, maladi sa te asosye ak anpil kwaya...
09/02/2022

Jodia se Jounen Mondyal Epilepsi, sa nou tout konnen sou non MALKADI.
Nan tan lontan, maladi sa te asosye ak anpil kwayans relijye, mit ak sipèstisyon. Paske nan epòk medyeval la, yo te panse sete yon maladi sinatirèl. Pou yo sete yn gro mal. Se la tou non an sòti: Mal Caduc, ke non di nan lang pa nou an MALKADI.

MALKADI PA DJAB.

Epiliepsi oubyen Malkadi se yon maladi ki koze pa yon ogmantasyon aktivite elektrik ki nan sèvi a, ki pral lakoz yon peryòd de kriz (kriz epileptik) pafwa repete. Li ka fèt swa nan yon zòn espesifik nan sèvo an oubyen nan tout sèvo a. Li ka touche tout moun, tout kouch sosyal, fi kou gason, granmoun kou timoun.

Nan 60% ka yo, yo pa konnen kisa ki koz maladi Malkadi a. Men, gen kèk bagay ki asosye ak li tankou yon anomali konjenital, yon timè nan sèvo, yon infeksyon oubyen yn inflamasyon nan sistèm nève a tankou nan ka menenjit, ansefalit viral; yon ACV, epi konsomasyon eksesif dròg ak alkòl. Selon rechèch kelke syantifik, 10 a 15 % maladi Malkadi ereditè, paske li lié anpil fwa ak movèz fonksyoman yn jèn nan kèk fanmi.

Lè moun nan pral gen kriz la, li gen kèk siy ki ka fè’l santi sa, tankou: li santi yon gou drol nan bouch li oubyen li pran yon sant trè dròl, li wè kèk imaj ke sel li ki wè yo, li ka gen yn pati nan kò li kap tranble de fason envolontè, pikotman anòmal, kè li ap bat fò, sekresyon saliv li ogmante, li gen kèk troub nan langaj li etc…

Pa bliye sa, MALKADI PA DYAB. Pa neglije wè doktè paske maladi Epilepsi ka trete swa pa medikaman oubien pa chiriji, sa depan de koz la.

Kisa’w dwe fè lè yon moun gen Malkadi?
Rete tèt frèt, retire tout bagay ki danjere ki bò kote li, vire’l dousman sou kote pou li ka respire pi byen, mete yon rad oubyen yn zòrye ou kousen anba tèt li, rete avè’l jiskaske kriz la pase.
Kisa’w pa dwe fè nan moman kriz la?
Pa kouri kite moun nan pou kont li, pa eseye anpeche mouvman kontraksyon kò li ap fè yo, pa mete anyen nan bouch li (ni dlo, ni dwèt ou oubyen yn bagay kèlkonk pou anpeche dan’l sere).

Èske ou te konnen AMOXICILLYNE pa fè anyen pou grip?Amox ki se yn antibyotik, pa itil kont viris grip. Grip la se yon en...
03/01/2022

Èske ou te konnen AMOXICILLYNE pa fè anyen pou grip?

Amox ki se yn antibyotik, pa itil kont viris grip. Grip la se yon enfeksyon viral, e medikaman sa yo travay sèlman pou enfeksyon bakteryèn.
Si ou ta wè yon doktè preskri antibyotik nan yon pasyan ki gen grip, konnen se yon "konplikasyon posib" detekte e li ap chèche trete.
Tankou, si doktè a wè ke yon pasyan gen yon lafyèv pou plis pase 10 jou oswa ke enfeksyon viral la ka konplike pa yon enfeksyon bakteryèn, yon bwonchit pa egzanp, li ka bay antibyotik. Men, nou dwe kenbe nan tèt ou ke sa li bay la se pou trete konplikasyon bakteryèn lè yo parèt; li pa ni pou grip, ni yon prevansyon pou pa gen infeksyon pa yon bakteri.
Pa bliye, lè ou pran antibiotik san bezwen, sa lakoz kò a vin rezistan ak antibiotik; lè sa, sa ka rive ou vin nan yon sitiyasyon ke ou bezwen pran medikaman sa pou tout bon, men li pa fè anyen pou ou paske òganis ou fin abitye avè’l

ZEWO AMOX 500 MG NAN MOMAN EPIDEMI GRIP LA.

Ou gripe?
Pran anpil likid; bwè anpil vitamin C tankou zorany, sitron; pran ibuprophen ak paracetamol pou ede’w ak fyèv e doulè; mete rad ki kouvri tout kò’w; pa sou estime ti remèd natirèl yo tankou (siwo myèl, lay, jenjanm, zonyon vyolèt ak yn seri lòt fèy ki bon pou sa); lave men’w souvan.
Ou pa jwenn soulajman ak tout sa yo? Ale wè yon doktè.
Crédit: Clinique Drs Génélus Chery
Route de Bassin, Gonaives, Haiti
Tel: +509 35400663/ 37467677

© 2021 Tous droits réservés.
Aucun des textes, ou une partie du texte, des photos ou des vidéos de Dr. Génélus Michemana, ne peut être reproduit dans un livre ou ailleurs à des fins lucratives ou de propagande sans son autorisation écrite.

Eske’w te konnen stress se yon gro maladi?Eske’w te konnen lè’w kite stress pote’w ale li gen anpil lòt dega li fè sou k...
03/01/2022

Eske’w te konnen stress se yon gro maladi?
Eske’w te konnen lè’w kite stress pote’w ale li gen anpil lòt dega li fè sou kò a?
Stress gen efè sou preske tout kò’w, tankou:

1- sistèm ki kontrole muscle nan kò’w
Trop stress ka rann ou konsantre, sa ki ka lakoz ou gen kò fè mal, tèt fè mal oubyen li ba’w kranp

2-Sistèm ki pèmèt nou respire
Ou vin oblije ap respire fò pou ka pran plis oksijèn. Trop stress ka fè’w respire vit e fèw gen souf kout.

3- Sistèm ki gen pou wè ak sèvo nou
Stress lakoz sistèm sa libere yn seri òmon tankou adrenalin ak kòtizol, menm òmòn sa yo fè kè’w bat fò, monte tansyon ou ak novo s*k ki nan san’w. Trop stress ka kòz wap plede fè kolè, li ka bay tèt fè mal, depresyon, e mank somèy

4- Sistèm ki pèmèt san s*kile nan kò a
Lèw tro strese, pou kè’w voye san an nan tout kòw li bat fò e li fè plis efò ke dabitid, sa ki ka koz gen veso nan kò nou ki vin lach oubyen ki ratresi. Stress fè tansyon’w monte, li ka fè’w fè kriz kadiak, ou ka menm fè strock.

5-Sistèm ki pèmèt nou fè pitit
Stress ka fè efè sou dezi seksyèl yon moun. Trop stress ka fè yn gason mòlòlò, li ka fè yon fi pa gen règ li nòmalman.

Nou paka anpeche nou strese, men nou ka kontrole e jere nivo stress nou tankou: fikse priyorite’w, pa bay tèt nou trop problèm pou demen, pa atann trop de tèt nou nan chèchè la perfection, pa atann trop de lot moun, cheche konnen kisa ki fèw strese pou travay sou sa, kouri dèyè santiman negatif yo, eseye toujou mete lòd nan tout sa wap fè, chèche viv yn fason ki ekilibre, pran swen sante’w, konble tan lib yo nan fè yn bagay ou renmen.

Si aprè tout efò sa yo anyen pa mache, chèche jwenn èd yon pèsonèl sante ki kalifye pou sa.

Crédit: Clinique Drs Génélus Chery

© 2021 Tous droits réservés.
Aucun des textes, ou une partie du texte, des photos ou des vidéos de Dr. Génélus Michemana, ne peut être reproduit dans un livre ou ailleurs à des fins lucratives ou de propagande sans son autorisation écrite.

Sa ka rive pou yn gason fè tès grosès pou’l soti pozitif?Oui, yon gason ka fè tès grosès epil soti pozitif, men se yon s...
03/01/2022

Sa ka rive pou yn gason fè tès grosès pou’l soti pozitif?

Oui, yon gason ka fè tès grosès epil soti pozitif, men se yon siy ki pou di’w kouri al wè yon doktè touswuit paske li pa nòmal. Tès grosès lan la pou relve kantite Hormone Gonadotrophine Chorionique (HCG) ou genyen nan p**i, òmon ki prodwui lakay fi nan moman li ansent. Men, genyen yn seri tip de kansè nan testikil (boul grenn) ki prodwui òmon sa tou. Kansè sa se kansè ou plis jwenn nan gason soti nan 15 pou rive 35 an.
Prevni miyò ke geri. Aprann konnen kò nou, pa pè touche kò nou, pou si ta gen yn bgy ou pat konn wè lontan ou ta wè ki parèt pou ka pran mezi pou sa pi vit ke posib.
Crédit: Clinique Drs Génélus Chery

© 2021 Tous droits réservés.
Aucun des textes, ou une partie du texte, des photos ou des vidéos de Dr. Génélus Michemana, ne peut être reproduit dans un livre ou ailleurs à des fins lucratives ou de propagande sans son autorisation écrite.

14/11/2021

Jodi 14 novanm nan se jounen mondyal dyabèt.
Men kèk siy ak senton ki ka pèmèt ou sispèk ou fè maladi s*k:
Ou p**i souvan
Ou swaf dlo souvan
Ou grangou souvan
Ou toujou fatige, domi nan je’w tout tan
Bouch ou renmen sèch
Ou pa wè byen.

Pa bliye maladi dyabèt ka kontrole, e ou ka pran prekosyon pou evite genyen’l tou.

Ou ta renmen jwenn ak yn doktè ki espesyalize nan tretman moun ki fè maladi s*k?
Vizite Clinique Drs Génélus Chery
#10 C, Sou wout basen an, Gonayiv
Osinon rele oubyen ekri nan 3540-0663 / 37467676 pou ka pran yon randevou.

16/03/2021

Faîtes une séance d’analyse de résonance magnétique qui recueille les données concernant l’énergie vibratoire des divers systèmes du corps. Cette méthode d’analyse quantique est rapide, précise, indolore et non invasive.
L’analyseur quantique est un moyen fiable d’appréhender les troubles de l’organisme dans une vision globale.

Par une analyse des bio-fréquences humaines, l’appareil Quantum permet la lecture des fonctions vitales du corps.
Avec cet outil exceptionnel, on est capable de suivre et d’analyser l’évolution de l’état de santé des personnes grâce à des mesures précises et fiables. Après une interprétation pointue des données, on peut prodiguer des conseils ciblés, afin de viser une meilleure efficacité de soin.

Le Quantum est un appareil utilisé pour le bien-être des personnes, agissant exclusivement sur les plans informationnels. L’analyse indiquera l’état de votre santé sans examens sanguins, urinaires ou radiographiques.

22/01/2021

Réclamez votre santé...

Ou pa santi'w anfom? Ou paka deplase?Rele nou.Nap Vin pran swen'w lakay ou.
02/10/2020

Ou pa santi'w anfom? Ou paka deplase?
Rele nou.
Nap Vin pran swen'w lakay ou.

L'ACTION est la clé fondamentale de tout succès.CLINIQUE MÉDICALE DRS. GÉNÉLUS & CHERY10 C, Gattereau 20, Rtte de Bassin...
29/09/2020

L'ACTION est la clé fondamentale de tout succès.

CLINIQUE MÉDICALE DRS. GÉNÉLUS & CHERY
10 C, Gattereau 20, Rtte de Bassin, Gonaives, Haïti

Réclamez votre santé....

Mesaj ministè sante piblik ak popilasyon
25/06/2020

Mesaj ministè sante piblik ak popilasyon

01/06/2020

Address

10 C, Gattereau 20, Route De Bassin, Gonaives

HT4110

Opening Hours

Monday 07:00 - 19:00
Tuesday 07:00 - 19:00
Wednesday 10:00 - 19:00
Thursday 07:00 - 19:00
Friday 07:00 - 19:00
Saturday 07:00 - 19:00
Sunday 10:00 - 17:00

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when G.C Clinique Medicale posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Practice

Send a message to G.C Clinique Medicale:

  • Want your practice to be the top-listed Clinic?

Share

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram