30/05/2020
Eskew te konnen majorite mounn ki fè kansè se nan aliman yo ap konsome an ki lakòz?
Eskew te konnen ke chak jou nap manje yon bann ti bèt san nou pa rann kont de sa?
Eskew te konnen "colorants artificiels" se li ki responsab zafè kansè kap ravaje mond lan?
M pral pale nou de "colorants artificiels"
"Colorants artificiels" la yo itilize li pou yo ka ajoute koulè nan aliman yo, lè ou wè aliman yo gen bèl koulè konsa ebyen se li yo itilize. Genyen ki gen orijin chimik, petwochimik.
Koloran atifisyèl yo se: wouj, jònn, mawon, vèt, nwa, blan ....
Pwodui ou jwenn koloran atifisyèl se: corn flakes, Doritos, Cheetos, Chocola, Cérise, Gatorade, Raisin, Ketchup, Froot loops, Bonbon, Jus, Dentifrices, chiklèt, Coca-cola, medam kap mete fa nan bouch yo ....
Koloran atifisyèl sa yo bay kansè nan glande thyroïde yo, vessie, reins, cerveau etc
Kòm koloran yo plizyè m chwazi wouj la pou yo ti eksplikasyon.
Kote koloran wouj la soti?
"Dactylopius coccus" se yon espès "cochenilles" (koksinèl) ki soti nan fanmi coccoidea, ti bèt sa yo bouyi li ki pral vinn bay koulè wouj ke nou wè nan aliman nap manje yo, men lè nap gade nan engredyen aliman yo nou pap wè cochenilles, nap wè "carmin, Red dye40, Natural40, E121, Rouge40, Lac Red40/Lac en aliminium, FD&C Rouge n°40, Allura Red AC , CL Food Red 17, SIN n°40, E129
NB: toujou byen li pwodui nap achte yo, genyen yo mete colorant, genyen se yellow 6, yellow5, BHT, dpiw ou wèl genyen E ak chif deyèl konnenw pran nan colorant.
M pap di nou ni patajel ni abone paj la pou nou ka sove lavi nou ak lot mounn ki nan antouraj nou epi pou nou ka toujou jwenn info yo lè yo lage.