01/04/2025
Lè w gen chans pou fè sa w renmen an, w ap toujou renmen sa w ap fè a.
Alokazyon jounen bòn aksyon (Good Deeds Day) an, ekip sanitè ICMS la ki se pwotagonis lidèchip kominotè an matyè sosyo-sanitè te fè entèvansyon nan vilaj Fratènite an favè kominote ke Rev.Pastè Rositha Augustin Cheristin ap dirije.
ASCP 2e ak 3e pwomosyon ICMS yo te pwofite jounen sila pou yo ale bay lavi jarèt pandan yap bay swen a popilasyon.
Obsèvasyon yo miltip vizavi anplè pwoblèm sante yo nan kominote a...anpil temwayaj bò kote popilasyon an alega travay ICMS la nan kominote yo.
Nou kontan priz de konsyans ak volonte jenès la pou yo aprann e pran responsablite yo anvè peyi a.
Yon fason ou yon lòt, entegrasyon ak kontribisyon chak grenn konpatriyòt konte pou n sipòte anviwònman nou e sove kominote nou yo.
Ochan pou ACTIVEH-Action Toward Initiatives and Volunteering for Education in Haiti ki kenbe flanbo diyite inisyativ sa onivo nasyonal pou asire Good Deeds Day Haiti a o pi wo nivo de motivasyon li chak ane malgre tout kontrent ak kriz jeyopolitik mondyal la alèkile.
Nou pap bliye pataje anblèm nou ki se: touttan gen lavi, aprann! Pa bliye konesans se enèji nanm nou konsome pou n elve nan dimansyon sajès etènèlman!
Dr Lefranc F.