15/04/2018
Nan peyi pa nou, pi souvan depi yon moun pale de maladi moun pran nan fè sèks , nou toujou prè poun di selman "Sida" e neglije tout lòt yo. Se sak fè jodia "sante paw se enterè'm" ap devlope pou ou youn pami lòt maladi yo ke moun pran nan fè sèks ki se sifilis.
*kisa sifilis la ye?
*kijan nou ka rekonèt li?
*ki kategori moun ki ekspoze ak li?
* eske gen trètman pou li?
* kisa nou dwe fè pou'n evitel?
Sifilis se yon enfeksyon ki koze pa yon bakteri ki rele "Treponema Pallidum" e bakteri sa lè li prezan li ka pèmèt ou gen divès kalite bouton ak maliy nan plizyè pati nan kò' w. E fason ou atrape bakteri sa a se nan fè bagay san pwoteje.
Sonje,
Sifilis se yon maladi ki genyen 3 faz ladanl , e nan yo bakteri a reaji diferan e nan plizyè pati nan kò a tou.
Pou premye faz la, sa ou ka remake se yon mas di (bouton ki di) , men li pap fèw mal , lèw peze ou ka jwenn yon ti dlo klè, mas saa ka youn nan kote sa yo, kay gason: sou tèt peni a, ak sou po boul grenn yo . Kay fi: nan 2 bò bouboun yo, sou tèt krèk la, nan antre bouboun nan ak nan kòl matris la.
Pou dezyèm faz la, ou ka jwenn bouton ou mas sa a ki komanse pwopaje nan plizyè pati sou po'w ak nan bouch, lang , bouda, tèt peni, sou do bouboun etc. Anplis wap santi sa yo : fatig, fyèv, tèt fè mal , kò fè mal, pa gen apeti, pèdi pwa.
Pou twazèm faz la, li ap prezan se si malgre tout siy ak sentom nou sot pale'w yo, moun nan pa arive al lopital pou swiv yon trètman. kounyeya , bakteri sa a pral kòmanse atake ògan sa yo: sèvo, kè, fwa, ren, zye ak lòt toujou.
Se kategori moun sa yo ki plis ekspoze tankou:
- moun ki fè seks san pwoteje
- moun ki gen kontak ak san moun ki enfekte deja
-tibebe ki nan vant eke manman an enfekte
Wi, sifilis trete, selman wap bezwen al kay yon doktè e swiv òdonans li yo. e tank ou pran bonè plis ou trete pi rapid.
Mwayen efikas nou ka itilize poun evitel yo se :
-"pa fè sèks ditou (abtinans)
- itilize kapot
- evite fè sèks ak youn moun ki enfekte.
Sante paw se enterè'm ap toujou la, pou edew rete veyatif , e konbat tout kalite maladi.
Pa bliye like paj la e patajel ak fanmi e zanmi'w yo.