Doc Orismé

Doc Orismé Doc Orismé se yon platfòm ki la pou fè pwomosyon pou Iwoloji nan ede w konprann kisa l ye ak ki maladi li trete.

Nou la tou pou n ede w fè prevansyon ak byen jere eta sante w.

Espesyal operasyon sa yo ap kontinye pandan tout mwa novanm lan. Kontakte n pou plis enfòmasyon. "Uroclinique" se refera...
10/11/2025

Espesyal operasyon sa yo ap kontinye pandan tout mwa novanm lan. Kontakte n pou plis enfòmasyon. "Uroclinique" se referans lan.


12/10/2025

Mesaj Ministère de la Santé Publique et de la Population

M pa gen okenn dwa sou videyo sa.

03/10/2025

M pa gen okenn dwa sou videyo sa....


Se aprè egzamen sa n ap konnen si reyèlman pasyan an gen pwoblèm fè pitit.
28/09/2025

Se aprè egzamen sa n ap konnen si reyèlman pasyan an gen pwoblèm fè pitit.




M fè pòs sa pou m adrese m ak kòlèg medsen yo k ap refere malad yo. Li t ap trè bon si n ta pran yon ti tan pou n ta eks...
18/09/2025

M fè pòs sa pou m adrese m ak kòlèg medsen yo k ap refere malad yo. Li t ap trè bon si n ta pran yon ti tan pou n ta eksplike malad la kisa ki referans lan. Nan eksperyans mwen, lè yo refere m malad, gen ladan yo ki pa konprann demach la. Si yo te fè egzamen avan referans lan, yo estime se abize w ap abize yo si w mande yo fè lòt egzamen. Gen kèk lè menm konsiltasyon an yo pa vle peye paske yo di yo te konsilte deja.

Referans se yon bagay ki egziste nan domèn medikal la. Generalis ka fè l konsa tou espesyalis konn fè l. Lè w jwenn yon ka ki pa nan domèn konpetans ou, sa ki pi saj la se refere l. Men lè n ap fè sa eksplike pasyan an se yon lòt konsiltasyon li pral fè e sa ka rive medsen li pral wè a mande l fè lòt egzamen aprè evalyasyon li fin fè pou li.


N ap kontinye pale sou enfètilite kay gason. Dènyèman nou te wè fimen sigarèt oubyen bòz ka diminye kalite spèm yon gaso...
12/09/2025

N ap kontinye pale sou enfètilite kay gason. Dènyèman nou te wè fimen sigarèt oubyen bòz ka diminye kalite spèm yon gason. Jodi a an n gade ansanm kèk aktivite pwofesyonèl ki ka afekte kapasite yon gason pou l fè timoun.




Abitid sa yo ka diminye kalite spèm gason an, diminye kantite spèmatozoyid ki ta dwe genyen nan likid spèm nan.
10/09/2025

Abitid sa yo ka diminye kalite spèm gason an, diminye kantite spèmatozoyid ki ta dwe genyen nan likid spèm nan.



Gen anpil koup ki soufri de koze sa. Depi yo poko ka fè pitit tout chay la tonbe sou do fi a. Eben mesye yo tande sa. No...
09/09/2025

Gen anpil koup ki soufri de koze sa. Depi yo poko ka fè pitit tout chay la tonbe sou do fi a. Eben mesye yo tande sa. Nou gen responsabilite nou tou nan koze sa. Fòk nou wè iwològ pou verifye si nou kòrèk.




Nou ka di pousantaj la piti, men lè n konsidere konbyen koup etewoseksyèl ki gen nan mond lan li vle di anpil bagay. 15%...
09/09/2025

Nou ka di pousantaj la piti, men lè n konsidere konbyen koup etewoseksyèl ki gen nan mond lan li vle di anpil bagay. 15% sa reprezante 60 000 nouvo ka chak lane.





Toujou sou sijè enfètilite a. An n gade ansanm.
04/09/2025

Toujou sou sijè enfètilite a. An n gade ansanm.



Adresse

#25, Rue Aubrant
Pétionville
HT6142

Téléphone

+50937934953

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Doc Orismé publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Doc Orismé:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram