08/09/2025
La Psychométaphysique de l’Être
Pati I
L’Origine de l’Être
Kesyon sou orijin moun se youn nan pi gwo kesyon limanite toujou poze. Nan chak tradisyon, nan chak syans, gen yon tantativ pou esplike ki kote Èt la soti ak ki rezon egzistans li genyen.
1. Dimansyon Syantifik (biyolojik ak sikolojik)
Syans modèn eksplike ke lavi kòmanse nan fizyon gamèt yo (espèm ak ovil). Nan moman konsepsyon, yon nouvo kòd jenetik kreye, ki pote potansyèl byolojik yon nouvo moun.
-Pou Charles Darwin (1859), lavi ak devlopman espès yo sou Latè se rezilta yon pwosesis evolisyon natirèl.
-Sigmund Freud te wè nanm timoun nan kòm yon tabula rasa, kote eksperyans premye ane yo enskri nan enkonsyan.
-Jean Piaget te montre kijan timoun devlope estrikti panse yo pa etap, depi nesans rive nan adolesans.
Nan vizyon sa a, orijin èt imen an pa sèlman yon zafè jenetik, men li depann de anviwònman emosyonèl ak sosyal kote li devlope.
2. Dimansyon Metafizik (espirityèl ak filozofik)
Nan tradisyon espirityèl yo, orijin moun depase biyoloji: li soti nan yon Sous ki pi gran.
Pou Platon, nanm nan soti nan mond ide yo, epi li desann sou Latè pou viv eksperyans nan kò.
Plotin te pale de “Un” (L’Un), ki se inite diven kote tout egzistans sòti.
Nan filozofi endou ak bouddhiste, Èt imen se yon atman (nanm endividyèl) ki soti nan Brahman (nanm inivèsèl).
Rudolf Steiner, fondatè antroposofi, te mete aksan sou lyen ant devlopman timoun ak prensip espirityèl ki gide chak etap nan kwasans li.
Metafizik la wè konsepsyon pa sèlman kòm yon zak biyolojik, men kòm yon chwa nanm nan, ki antre nan yon liy fanmi pou viv eksperyans li bezwen pou evolisyon li.
3. Pèspektiv Psychométaphysique
La Psychométaphysique de l’Être ap chèche rasanble de vizyon sa yo:
Syans montre kòman kò a fòme, kijan sikoloji timoun devlope.
Metafizik esplike poukisa nanm nan antre nan kò sa, ki misyon li genyen, ak kijan eksperyans premye ane lavi yo ka aktive memwa espirityèl li.
Nan sans sa a, orijin Èt la se pa sèlman yon zak biyolojik, men yon renkont ant materyèl ak imateryèl, ant kòd jenetik ak chwa espirityèl.
Referans prensipal
- Freud, S. (1900). Die Traumdeutung – teyori enkonsyan.
- Jung, C.G. (1959). Les archétypes et l’inconscient collectif.
- Piaget, J. (1936). La naissance de l’intelligence chez l’enfant.
- Montessori, M. (1949). L’esprit absorbant de l’enfant.
- Steiner, R. (1909). La science de l’occulte.
- Platon. Le Phédon.
- Plotin. Les Ennéades.