Cleef-dentist

  • Home
  • Cleef-dentist

Cleef-dentist Cette page a pour but d'éduquer la population haïtienne sur les différentes maladies bucco-dentaire auxquelles elle est éxposée....
(1)

Un beau sourire,  ça se fond au visage 😊!! N'hésitez pas a vous faire réstaurer vos dents cariées afin de retrouver vos ...
03/10/2021

Un beau sourire, ça se fond au visage 😊!! N'hésitez pas a vous faire réstaurer vos dents cariées afin de retrouver vos sourires si radieux!

Cas réalisé par  en clinique 2 à la faculté d’odontologie de l’UEH.   Bridge dentaire en céramo-métallique sur 1.1;1.2;2...
05/08/2021

Cas réalisé par en clinique 2 à la faculté d’odontologie de l’UEH. Bridge dentaire en céramo-métallique sur 1.1;1.2;2.1 . . . . . . . . . .

Tout saw dwe konnen sou pwotektè pou bouch!                                                                      ⏭⏭⏭⏭.  ...
18/07/2021

Tout saw dwe konnen sou pwotektè pou bouch! ⏭⏭⏭⏭. Pa kenbe tèks la poukont ou patajel pou plis moun ka jwenn konesans lan.

Aprè yon aksidan pasyan sila a te pèdi souril paske 2 dan devan li yo te soti sou plas, sa te vin fè ke li pat ka ale tr...
24/06/2021

Aprè yon aksidan pasyan sila a te pèdi souril paske 2 dan devan li yo te soti sou plas, sa te vin fè ke li pat ka ale travay ni pran kontak ak zanmil paske li pat ka pale byen epi li te wont soti nan lari. En ijans nou te prepare yon pon pwovizwa pou li( sa vle yon pwotèz ki pap nan retire mete ) ki menm koulè ak dan li te genyen avan yo pendan ke nap tann travay definitif ke laboratwa ap gen poul remèt nou. Deja pasyan an te kontan anpil epil te satisfè paske li rejwenn souri li. En gwo mvle raple nou ke li pa janm twò ta pouw rejwenn souriw, jis vizite yon bon dantis epi lap pèmèt ou rejwenn bèl souri saw te genyen avan an.

Tout dan merite yon dezyèm chans, yn chans pou li kapab fè souriw pi bèl. Pa ezite bay danw possibilite poul ka jwenn de...
19/06/2021

Tout dan merite yon dezyèm chans, yn chans pou li kapab fè souriw pi bèl. Pa ezite bay danw possibilite poul ka jwenn dezyèm chans sa pou souriw ka vinn pi bèl.

Jodia anpil moun prefere pran kouraj yo pou yo di yon fanmi, yon zanmi ke yo gon lanmò nan fanmi yo ke yo di yo pran san...
13/06/2021

Jodia anpil moun prefere pran kouraj yo pou yo di yon fanmi, yon zanmi ke yo gon lanmò nan fanmi yo ke yo di yo pran sant yon odè ki pa two agreyab nan bouch yo. Se yon problem ki rive souvan epi ki jenan pou entouraj nou.

Move odè nan bouch se yon problèm ki konsène 1/3 e menm mwatye nan popilasyon nou an, poutan se yon sijè ki rete tabou sa vinn fè ke menm si moun lan genyenl li wont pale de sa ak medsen li. Problem sa li rele alitoz. Kisa li ye? Ki sa ki koze ? Epi ki pi bon fason pou nou ka jere problem sa?

Alitoz la se yon eta, yon sinyal ki di ke gen lot maladi nan kò a tou. Youn nan aspè ke nou jwenn ladann , se paske moun nan konn pa pran lodè sa ki nan bouch li, se antouraj li ki dil sa. Sa ki ka kreye yon tansyon ki bloke moun sa mentalman ou ki anpeche l evolye kote lap viv la. Dabitid , alitoz la se yon eta ki pa dire. Lè ou leve granm maten, pafwa ou ka pran sant yon ti lodè ki pa finn korèk. Aprè kèlke minit tout bagay ap vinn nomal. Alitoz la li ka endike nou ke gon lot maladi nan kò a tankou si moun nan gon absè nan dan an, maladi sinis, problèm nan fason lap dijere manje yo ( maladi lestomak, problèm respiratwa)

Nan sousi pou nou aprann ou plis detay sou koze sa, nou pote pou ou 10 rezon ki ka lakoz yon moun gen move odè nan bouch li :
1️⃣-Kèk aliman tankou lay, zonyon ki gen yon lwil ladan yo ki koz lè yo fin dijere yo ka bay move odè nan bouch moun nan.
2️⃣-Yon moun ki pa byen pran swen bouch li kras manje ki rete nan fant danl oubyen anba jansiv li, lè yo finn dekonpoze yo ka lakoz move odè nan bouch moun lan.
3️⃣-Yon infeksyon nan bouche tankou kari oubyen maladi nan jansiv. Bouch sèch ou byen plak dantè ka koze sa tou.
4️⃣-Moun bouch yo pa bay ase saliv sa vle di ki soufri zewostomi.

5️⃣-Moun ki bwè anpil alkòl.

6️⃣-Moun ki fimen tabac.

7️⃣-Òmon pendan fi an ap ovile ak lè li ansent. Nan moman sa yo sa konn rive ke plak dantè ki nan bouch moun nan ogmante epi bakteri kite deja nan bouch la pral dijere yo, lè sa yon move odè pral degaje nan bouch la.

8️⃣Moun ki gen enfeksyon nan gòj tankou amigdalit.

9️⃣-Kèk maladi tankou: Moun ki soufri s*k, maladi nan vant, nan fwa ak nan ren.

🔟-kelke medikaman tankou: Anti istaminik, medikaman kont tansyon,antidepresè, anti ps*kotik.

Se vre problèm nan la, men li pa enposib pou trete. Solisyon an se al kay dantis, lap konsiltew epi fè yon plan tretman pou ou oubyen li ka refere w bay yon entènis tou.

Pa gen anyen ki fatalite nan vi sa. Alitoz la pa yon fatalite, li ka trete .Men sa depann de volontew pou ale kay dantis pou li ka byen pran swen bouch ou epi korije problem nan . ki donk vizite dantis ou souvan epi toujou kenbe bon prisip ijyèn bouch ou pouw ka evite li vinn yon problem pou ou oubyen pou antoutaj ou.

Sete Doktè JOASSAINT Cleaford kite vle enfòmew plis sou kisa ki ka koze alitoz epi ki meyè fason ou ka tretel. Mèsi pou konpreyansyon nou. Toujou rete konekte ak paj la pou plis enfòmasyon toujou ki gen rapò ak sante bouch nou ak dan nou. Mèsi !

Yon ayisyen sou 5 soufri ak pwoblèm jansiv kap senyen *( Jinjivit )*, kidonk li enpòtan pou nou enfòme nou plis  sou mal...
18/10/2020

Yon ayisyen sou 5 soufri ak pwoblèm jansiv kap senyen *( Jinjivit )*, kidonk li enpòtan pou nou enfòme nou plis sou maladi sa. Pou rezon jodi a nou pote pou ou nan atik sa kèk enfomasyon kap pèmèt ou konnen plis sou sijè a.
Ladanl nap aprann konnen :

*-Kisa ki bay jinjivit la?*

*-Kisa moun nan ap santi lè li genyenl?*

*-Kijan li ka trete maladi sa?*

*-Si li pa tretel ki konplikasyon kap genyen?*

*Avan tou, kisa jinvivit la ye?*
Se yon enfeksyon nan jansiv ki lakoz jansiv yo vin rouj,
irite epi anfle.

*-Kisa ki bay jinjivit?*
Pi souvan se yon move ijyèn dantè ki koze pwoblèm sa kay on moun,men gen lòt faktè ki ka koz yon moun devlope li, tankou:
-Moun ki fimen oubyen chike tabak.
-Moun ki dyabetik.
-Fanm ansent ( a koz dezekilib òmonal )
-Predispozisyon jenetik.

*-Kisa moun nan ap santi lèl genyenl?*
Jansiv lan ap vin rouj,sansib epi gonfle.
Jansiv lan ap senyen lè wap brose, epi lap komanse dekole sou yo dan yo.
Jansiv yo ap fèw mal lè wap mastike oubyen lè wap manje yon aliman ki frèt.

*-Kijan li ka trete maladi sa?*
An plis de kenbe yon bòn ijyèn dantè,fòk li wè yon dantis pou li ka fè yon netwayaj an pwofondè pou li( detatraj) poul ka elimine plak avèk tat ki sou dan yo ak anba jansiv la. Si jinjivit la avanse dantis lan ap preskriw medikaman kap pèmèt ou geri pi rapid.

*-Si jinvivit la pa tretre ki konplikasyon ki ka genyen?*
Si jinjivit lan pa trete li ka kite jansiv lan li desann nan zo ki kenbe dan yo lè sa li vinn bay yon parodontit kote ke zo a ap detwi dan yo ap vinn souke epi yo tonbe.Oubyen
Bakteri ki nan bouch lan ka pase nan veso pou li bal yon endokadit bacteryèn.

Poun evite pwoblèm sa yo,li enpòtan pou nou kenbe bouch nou pwòp epi vizite dantis nou o moin yon fwa nan yon lane.

*Siw te aprann nan saw sot li a abòne ak page la pouw pa rate sa kap vini yo.
👇🏽
https://www.instagram.com/cleef_dentist?r=nametag

#

"Pa bliye bwose danw non! Se sa paranw te toujou konn diw e se sa ou menm ou pral di pitit ou...Pou sa jodi a mw vle pal...
05/10/2020

"Pa bliye bwose danw non!
Se sa paranw te toujou konn diw e se sa ou menm ou pral di pitit ou...

Pou sa jodi a mw vle pale nou de yon sijè trè simple ki se brose dan.
Nan sijè sa nap jwenn:

Poukisa li enpòtan pou nou bwose dan nou?

Koman nou dwe bwose dan nou?

Kilè nou dwe bwose dan nou?

Men avan, kisa ki bwose dan an???
Bwose dan an se lè nou pran yon bwòs a dan nou mete pat ladanl epi nou frotel sou tout fas dan ki nan bouch nou.Nònalman bwòs nou itilize a pa sipoze ni twò du ni twò mou pou li pa agrese emay dan nou e nou dwe pran 3 minit pou pi piti lè nap bwose.

Poukisa li important pou nou brose dan nou?
Li enpòtan pou nou bwose dan nou paske se sa kap pèmèt nou lite kont bakteri ki nwizib nan bouch nou. Lè kras manje yo rete nan bouche la epi yo vinn melanje ak bakteri yo sa ka ba nou anpil problèm. Si bakteri yo dijere manhe ki rete sou dan an li ka libere yon asid ki pral fè moun nan gen kari dantè oubyen si li rantre anba jansiv lan li ka devlope yon jinjivit oubyen parodontit nan bouch lan.

Kòman nou dwe bwose dan nou?

Nòmalman nou dwe inkline bwòs la a 45° janl ye nan imaj la epi pou nou fè mouvman tankoun tap desine yon sèk sou tout kote nan dan yo. Li enpòtan pou nou toujou itilize fil dantè nan fant dan yo. Epi pou nou bwose lang nou nap fè mouvman ki soti dèyè pou ale devan paske sa ap toujou kenbe alèn nou fre.

Kilè nou dwe bwose dan nou?
Li tap pi bon pou nou bwose dan nou chak lèn finn manje men kòm nou pa toujou lakay nou, li empòtan pou nou bwose maten lèn leve avèk aswè lèn fin manje dènye bagay nou tap mange avann domi an.

# Cleef-dentist
Follow Jcleaf-dentist on Instagram and Tweeter.
Like and Share

Address

87, Rue Oswald Durand

Opening Hours

Monday 09:00 - 17:00
Tuesday 09:00 - 17:00
Wednesday 09:00 - 17:00
Thursday 09:00 - 17:00
Friday 09:00 - 17:00
Saturday 09:00 - 17:00

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Cleef-dentist posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Practice

Send a message to Cleef-dentist:

  • Want your practice to be the top-listed Clinic?

Share

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram