19/06/2022
MEN 5 ERÈ KE OU FÈ LÈ KE OU DAMOU TWÒ FASIL :
1) Le plu souvan anpil nan nou renmen kwè tout sa ki bèl ke nou tande , san pran le swen pou nou egzamine moun k'ap di'l yo an profondè. Pa bliye tout moun ki te antre nan vi'w oparavan yo te itilize menm astus lan pou yo te drage ou kit sak te blese ou , kit sa ki pat janm desu ou , se konsa yo tout lan te antre nan vi'w avèk bèl paròl ki ka fè'w souri e ki ka ebranle'w. kidonk pafwa lè'w souvan desu nan lanmou fò'w manyen mete'w soud nan sa yap di'w jis pou vizyalize reyaksyon yo pito si yo koensidé avan ou kouri bay moun nan yon plas nan vi'w.
2) Nou renmen atache tro rapid.
se vre pafwa moun nan fè bèl enpak sou nou men pa bliye chak pati nan kò'w si'w gen volonte ou ka kontrole yo statistikman.
Pafwa fòk ou pa kite santiman fè'w presipite , tant ou pran tan pou apran'n kon'n yon moun davantaj , se tant pi devan ou pral vrèman kon'n entansyon li. kidonk si li te vin'n pou serye lap pasyante un peu men sil te vin'n pou jwe l'ap repliye imedyatman li wè ke ou pa prese.
menmsi moun nan demontre'w ke li prè pou ofri'w lò ak dyaman pa kouri di se paske li renmen'w paske gendwa se konsa pou li achte konfyans ou , moun nan gendwa pa pè depanse jis pou'l aten'n objektif li , oumenm fò'w pa pè repouse enpasyans ou jis pou te ka pran tan'w pou apran'n konnen li. sispan'n kite santiman fè'w pote boure pi devan pou'w pa al pete kriye .
3) Nou fasil livre nou imedyatman ke nou fè moun sa yon ti garanti.
men pa bliye kèlkeswa moun ki ta renmen jwi ou li pap janm demontre'w vrèman entansyon li , okontrè lap menm fè'w kwè ke se ou ki pi "this ke se ou ki pi that" devan zye li.
Men oumenm sèlman ki pou sèvi ak entèlijans ou pou teste entansyon moun sa , si'w pa sèvi ak sèvo'w pou jwe yon moun afen ke ou wè kote'w gad ebyen lap sèvi ak pa'w lan pou'l manipile'w pi byen.
4) Nou kouri mete nou prè pou nou fè yon relasyon serye ak moun sa san nou pa menm verifye si moun sa serye limenm , san nou pa chache konnen vrè idantite li , san nou pa pran ti tan pou nou etidye li , ni chache kontrole ki sa ki suspè nan li.
Pafwa nou tèlman apiye sou bèl demonstrasyon ke nou wè kay moun nan , nou pa janm poze tèt nou kesyon sa " Kòm kounya mwen wè tout kalite entèl men mwen poko vrèman kon'n defo li ".
Nou tèlman kite bon sans nou repoze , franchman nou menm panse ke moun sa parfè san ke nou pa reyalize ke toutotan ke ou pa konn defo yon moun ou pap janm konn si wap ka viv avèl.
se sak fè pafwa yo pase pou sa yo pa ye jis pou yo atire nou pi byen se youn nan rezon aprè nou finn damou nap vin'n dekouvri dè bagay ki te deja anba zye nou men santiman te jis avegle nou sou yo .
5) menm lè nou wè ke moun sa te fèt pou nou , manyen verifye si nou menm nou fèt pou moun sa tou.
Paske ou ka wè li posede tout sa ki bon ki ka fè'w damou men limenm li pa wè anyen nan ou ke ou posede ki te ka vrèman ran'n li ere li jis wè yon moman de foli , kèlke jou de plezi.
sak fè se sa yo ke li wè paske limenm li pa verifye enpòtans ou pou'l wè jan ou ka enpòtan nan vi li. men li jis vle akonpli ide dezir li yo ke li gen nan tèt li an.
kounya se ou ki pou verifye dabò si nou konpatib , kontrole chak jès li , chak paròl li , gade sou ki sa ke li plis baze , gade de ki sijè li plis pale , lè sa wa gen yon ti apèsu de pèsonalite li , pou se pa aprè pou wap vinn di ke li vakabon poutan ou pat pran le swen pou te wè posede'l nan vi'w ide sa pa tap janm bon.
Gen yon moman ki rive lèw pran twòp echèk nan lanmou verifye pou wè si erè an se pa nan ou ke li sòti.
Paske si erè ou yo pa pèmèt ou grandi konnen wap pase tout viw ap pran echèk , paske chak erè ke ou komèt ta sipoze ofri'w yon ti matirite, lè'w bezwen yon moun fè anpil tan nan vi ou , fòk ou pran san'w pou'w wè si vrèman lap ka mize nan vi ou, si'w pa ka pase santiman ou pa dèyè pou bay rezon'w valè e refleksyon'w ase espas pou'l egzamine moun ou chwazi pataje vi'w lan , ebyen se menm santiman'w ki pral fè'w pèdi rezon'w a koz de mank refleksyon'w.
LA POÉTESSE TRACY