11/12/2025
Nan objectif pou sansibilize jèn OES (ORGANISATION EDUCOSOCIALE ET SANAITAIRE) te òganize yon CAUSERIE nan jou ki te 9 Desanm 2025 lan sou VIH/SIDA. Pandan anviron 3è de tan TURNIER Shekina , Roobens PIERRE, PAULIN Luther te mete ansanm pou rann ti moman sa bel pandan yo tap pale jèn yo de VIH/SIDA. Chak moun yo te rive jwe wol yo si byen .Nan kontèks sa plizyè pwen te soulve tankou :
- Orijin VIH/ SIDA.
- Diferans ki genyen ant VIH ak SIDA?
- Nan ki peryod ou ka di yon moun kontamine ak SIDA e ki sentom moun sa ka genyen?
- Mod de transmisyon maladi sa?
- Kijan de tretman ki egziste pou moun ki kontamine ak maladi sa sanw pa ofansel tout sa yo ta pral eklèsi jèn yo epi aprann yo yo konn plis de maladi sa.
VIH/SIDA se yon maladi ki fè aparisyon li an afrik nan lane 1981 se François Barré-Sinoussi ak Luc Montagnier ki te dekouvri maladi sila a. Diferans ki genyen se paske nan ka VIH (virus immuno -humaine) se viris ki atake sistèm iminitè moun lan aprè li finn pase 4 Faz yo poun site primo-enfeksyon, faz senptomatik, faz asenptomatik, pou nou rive nan dènye faz la ki se SIDA (syndrome de l'Immunodeficience acquise) se faz avanse viris lan. Yon moun ki gen SIDA prezante sentom tankou lafyèv ,dyare,enfeksyon...Men tou konferansye nou yo aprann jèn yo se pa tout lè sentòm sa yo vizib sou moun ki afekte a gras a medikaman yo tankou ARV etc... Ki ka pèmèt sentòm yo pa parèt e fasilite moun lan viv byen tankou li gen viris la nan sanl, li vinn endetektab. Gen plizyè mwayen pou yon moun pran SIDA li ka pranl pa kontak seksyèl ,pa rapò ak lyen matènèl epi sitou pa kontak dirèk ak san tankou si yon moun ki gen SIDA blese ou menm ou blese nou an kontak donk li fasil pouw genyenl .Yon moun ki gen SIDA se yon moun tankou tout lòt moun yo, nou pa dwe imilye yo ni rejte yo nou dwe ankadre yo san nou pa vekse yo pote èd sikolojik epi sosyal ba yo ankouraje yo pran medikaman yo konsa nap ede yo amelyore sante yo.
Se vre fòw pridan ak yon moun ki gn SIDA , men sonje maladi pa tonbe sou pyebwa dèfwa se ka yon koz grav ki pase epi moun nan pran virus la annou aprann konn kijan de kolaborasyon nou kapab bay moun ki gen SIDA,san ou pa trapel tou paske yon senp lanmen pap ba oul . Siw konn yon moun ki genyenl bal konsèy ak ankourajman pou al lopital poul pran medikaman poul amelyore . Paske jounen jodia ak lasyans yon moun ki gen maladi a viv nòmalman e byen sil pran medikaman yo regilyèman . Annou mete ansanm pou moun ki gen maladi sa kenbe plas yo merite nan sosyete sa .Pou moun ki pa genyenl yo kontinye pwoteje tèt nou nan nenpòt kondisyon yo sitou nan rapò yo e ede lot ki genyenl yo tou . E moun ki genyenl yo pa dekouraje, kontinye swiv lopital , pran medikaman yo epi rete konfyan.