Shamira Santé Plus Clinique

Shamira Santé Plus Clinique avec Shamira Santé Plus Clinique c'est votre santé d'abord

4689 4804 rele pou rezeve plas pou seance physiotherapie paw la. Stephond Marc Anderson
12/06/2022

4689 4804 rele pou rezeve plas pou seance physiotherapie paw la. Stephond Marc Anderson

Depi jodia ou menm ki St Marc rele pouw fe rezevasyon konsultasyon paw la , pase vizite nou pou tout pwoblem santé Steph...
12/06/2022

Depi jodia ou menm ki St Marc rele pouw fe rezevasyon konsultasyon paw la , pase vizite nou pou tout pwoblem santé Stephond Marc Anderson

Lontan, li toujou fasil pou granmoun nan kay ka konnen ki semèn tifi lakay yo dwe gen règ san yo pa menm mande li? Paske...
15/05/2022

Lontan, li toujou fasil pou granmoun nan kay ka konnen ki semèn tifi lakay yo dwe gen règ san yo pa menm mande li?

Paske anpil fwa, tifi nan kay la ta dwe gen règ prèske menm moman avèk yo oubyen yon matant nan kay la!

Enben, fenomèn sa rele ' Effet Dortoir ', oubyen ' Effet Mc Clintock ', ki eksplike ke fi ki gen anpil tan ap viv nan menm kay gen posiblite gen règ preske menm semèn.
Se akoz yon bagay ki rele ' Fewomòn ' ki se sibstans chimik ke fi yo bay ki responsab senkwonizasyon sa. Fewomòn sa ou jwenn li lakay anpil lòt espès sou latè, pa egzanp gen bèt se ak li yo sèvi pou atire femèl la lè yo anvi fè sèks .

Eske sa rive ou deja ou gen règ preske menm sèmèn ak yon fi ki nan menm kay avèw?

Sonje pataje pou plis fi ka wè .

——/Nwit yon Manman se lot mwatye jounen an ——Zyeu yo femen men yo pa domi vre, yo konn fatige, yo anvi domi men yo paka ...
08/03/2022

——/Nwit yon Manman se lot mwatye jounen an ——

Zyeu yo femen men yo pa domi vre, yo konn fatige, yo anvi domi men yo paka domi akoz yap siveye bebe a, menm siw ta wè zyeu yo femen men zorey yo toujou ouvri ap tande si bebe a ap respire , defwa men yo konn nan movez pozisyon , yo paka ranjel akoz yo pa vle vire sou bebe a…

***Nuit yon Manman se lot mwatye jounen an a.***

Jodia nan okazyon fet fanm nan paj la swete tout fanm yon bne fete

Pa bliye pataje pou lot moun ka konn page la

Mesi !!!!

  ( amygdalite)L'angine correspond à une infection au niveau de la gorge, et plus précisément au niveau des amygdales(le...
26/02/2022

( amygdalite)
L'angine correspond à une infection au niveau de la gorge, et plus précisément au niveau des amygdales(les boules qu’on retrouve au fond de la gorge). Elle peut s'étendre à l'ensemble du pharynx. L'angine est due soit à un virus - c'est le cas le plus fréquent - soit à une bactérie et est caractérisée par un mal de gorge important. Bien qu'elle puisse concerner tous les âges, l'angine touche plus particulièrement les enfants, et notamment les 5 - 15 ans.
Il existe plusieurs types d'angine.
Lorsque les amygdales deviennent rouges, on parle d'angine rouge. Il existe également des angines blanches où les amygdales sont recouvertes d'un dépôt blanc.

Les symptômes de l'angine
• Maux de gorge
• Difficultés à déglutir
• Amygdales enflées et rouges
• Dépôts blanchâtres ou jaunâtres sur les amygdales
• Ganglions au niveau de la gorge ou de la mâchoire
• Maux de tête, Frissons ; Fièvre
• Voix enrouée

Complications de l'angine
L'angine virale guérit en général en quelques jours, sans complications. Mais lorsqu'elle est d'origine bactérienne, l'angine peut avoir des conséquences importantes comme par exemple :
• un abcès pharyngé, c'est-à-dire du pus à l'arrière des amygdales
• une infection au niveau de l'oreille
• une sinusite
• une fièvre rhumatismale, c'est-à-dire un désordre inflammatoire qui touchait le cœur, les articulations et d’autres tissus
• une glomérulonéphrite, c'est-à-dire un désordre inflammatoire qui atteint le rein
Ces complications peuvent parfois nécessiter une hospitalisation. D'où l'importance de la traiter. ( On n’ a pas dit automédication hein, on dit chez le docteur ORL )
Prévention

Les deux types d'angines (virale et bactérienne) sont contagieux, et les mesures d'hygiènes classiques s'imposent pour éviter la transmission du virus ou de la bactérie
Parmi les conseils de prévention à avoir en tête : se laver régulièrement les mains avec de l'eau et du savon, tousser ou éternuer dans un mouchoir à jeter ensuite ou se couvrir la bouche, surtout en présence de personnes fragiles (personnes âgées, enfants, bébé).

Le médecin va vous prescrire les antibiotiques uniquement en cas d'angine bactérienne…

Partagez

****** Timoun ki fèt ak 6dwèt oubyen 6 zòtèy! ******Nan langaj medikal yo rele sa 'Egzadaktili' (Hexadactylie), paske se...
14/02/2022

****** Timoun ki fèt ak 6dwèt oubyen 6 zòtèy! ******

Nan langaj medikal yo rele sa 'Egzadaktili' (Hexadactylie), paske se 6! Men nòmalman yo pale de 'Polidaktili', sitou lè se plis ke youn ki devlope!
Gen kote nan peyi a yo fè retire yo akoz yo panse timoun sa yo pa nòmal!
Lontan, yo te konn pè moun ki gen 6dwèt, paske yo panse yo mistik!
E poutan, anpil fwa se jis akoz yon pwoblèm jenetik😊!

Ou konn yon moun ki konsa?

************Bon pou nou konnen  ***********Nou konn wè gen kèk ti bebe ki fèt ak yon seri bèl ti plim sou figi yo, sou k...
23/12/2021

************Bon pou nou konnen ***********

Nou konn wè gen kèk ti bebe ki fèt ak yon seri bèl ti plim sou figi yo, sou kò yo? Gen paran ki konn enkyete e genyen menm ki konn vini lopital mande eske yo ka retire yo!
Enben, ti plim sa yo rele ' Lanugo ', se yon seri ti plim ki leve sou bebe a depi zòn 16semèn gwosès ( 4mwa anviwon ), li gen 2 fonksyon prensipal:

1) li pèmèt fikse andwi ki konn kouvri po ti bebe a lè li fèk soti a, sa yo konn siye lè bebe a fèk soti a! Kouch blanch nou konn wè sou po bebe a tankou yon krèm nan, li rele li menm ' vernix caseosa '

2) li pèmèt pwoteje po bebe a kont mikwòb.

Gen bebe ki pa fèt ak li, paske dèfwa li soti pou kont li depi nan vant manman, zòn 9mwa anvan akouchman an, men gen anpil bebe ki fèt avèk li tou. Pa enkyete ou, lap sòti pou kont li, menm si ou ta wè li fè kèk jou sou bebe a toujou!
Pa bezwen retire yo nonplis!

Pataje pou yon lòt pwochen ka wè li!
Mèsi!

*************** Grossesse Ectopique ( Grosès Deyò Matris ) ****************Anpil fwa, nou konn tande fi ap di yo fè gros...
26/10/2021

*************** Grossesse Ectopique ( Grosès Deyò Matris ) ****************

Anpil fwa, nou konn tande fi ap di yo fè grosès ektopik, oubyen yo pèdi timoun nan akoz li deyò matris, jodi a nou pral wè sa ansanm ak tout tèm teknik yo. Men anvan nou pale de timoun ki al devlope deyò matris, annou fè yon ti rapèl pou ou sou etap fekondasyon an pou konnen nan sitiyasyon nòmal, kijan yon bon devlopman fèt lè yon fi ansent .
Fekondasyon se rezilta lè spèmatozoyid gason an rive kwaze ak ovil fi a, yo fòme yon ze nan langaj vilgè, fenomèn sa posib nan moman ovilasyon fi a. Pou sa rive fèt, se yon miltitid spèmatozoyid ki nan likid gason an ejakile a ki tonbe anndan fi a, men anpil arive mouri, se kèk grenn ki gen chans kontinye wout yo pou al rankontre ovil fi a, yo kite matris fi a, yap monte nan tronp fi a pou al kwaze ovil la kap desann byen dousman, e se yon sèl ki ap gen chans pèse manbrann ki antoure ovil fi a, otomatikman li antre anndan ovil la, pa gen posiblite lòt antre ankò, yo rele sa Fekondasyon. Ze a fòme, e gras ak anpil reyaksyon chimik, ze sa pral kontinye wout li e pral plante anndan matris fi a pou bebe a devlope nòmalman.

* Enben grosès deyò matris la rive lè prosesis nou sot rale pou ou a la gen yon obstak oubyen yon derègleman ki prodwi, chemen pou ze fekonde a ta swiv la, li pa swiv li, sa vinn bay sa nou rele Grosès Ekstra Iterin, timoun deyò matris.
E se sa ki pral detèmine non yap bay grosès sa gras ak kote ze a te ale kache kò li, dèfwa se nan tronp lan, yo pale lè sa de 'grosès tibè', dèfwa se nan kòl matris la, dèfwa nan ovè fi a, dèfwa tou li deyò nèt nan kavite vant fi a. Sa depan de kote li ye, li ka grav e ijan, pa egzanp yon grosès ki al kache nan kouch tronp fi a ka ba li gro emoraji e ka chire tronp li, ka sa se yon ka ijan e grav.

*********** Ki siy ak sentòm fi a ap santi? **********

*Tete li lou
*Gro doulè vant
*Li remake lap bay ti san nan vajen li
*Doulè nan ba do li, zòn senti li.
*Vètij, li ka rive pèdi konesans, sa depann de gravite sitiyasyon an .

* Ki faktè de risk pou gen yon grosès deyò matris? *

* Ou te fè youn deja.
* Ou te sibi yon operasyon sou yon tronp, nan matris ou, oubyen nan vant ak basen ou.
* Fi ki gen enfeskyon seksyèlman transmisib souvan souvan.
* Fi ki soufri andometriyoz
Gen lòt faktè toujou tankou fi ki gen plis ke 35 lane, fi ki fimen anpil .

Fi ki ap senyen pandan 3premye mwa grosès yo, fè panse a plizyè bagay tankou grosès deyò matris, se yon dyagnostik yo etabli byen bonè gras ak anpil egzamen yap reyalize, e se yon ijans li ye, ou pa sipoze jwe ak sa e anplis de solisyon yap pran pou jere sa, yon apwi sikolojik enpòtan pou fi sa.
Fòk nou di ou tou, se pa yon bagay ki rive souvan pase sa , jiskaprezan se 2% nan grosès yo ke yo remake ki fini konsa .

Pataje pou nou pou plis fi ka enfòme.

Nou konn wè sou entènèt la yon seri de foto timoun ki parèt granmoun anpil? Enben jodi a nou pral pale ou de maladi sa. ...
10/10/2021

Nou konn wè sou entènèt la yon seri de foto timoun ki parèt granmoun anpil? Enben jodi a nou pral pale ou de maladi sa.
Li rele ' Projerya' oubyen sendwom 'Hutchinson Gilford', ki se prosesis ki akselere vyeyisman lakay timoun nan zòn 2lane depi yo sòti nan vant manman yo. Non Projerya sa sòti nan mo grèk 'Geron' ki vle di ' granmoun ' .

****************** Kijanl prezante? ****************

Byen rapid, otomatikman maladi sa enstale, li lakoz timoun nan vyeyi rapid a yon vitès akselere :
* Li pèdi cheve.
* Po li pa soup ankò tankou po ti bebe.
* Li gen rid ki parèt tankou jan po granmoun plise.
* Gro problèm nan zo.
* Problèm kadyovaskilè ( nan kè ak nan veso sangen li ) .
Timoun sa pa grandi ankò, kwasans yo kanpe e yo vyeyi rapid vit, esperans lavi yo se 15 lane yo, li ka mwens ou plis, sa depan .

************** Kibò maladi sa sòti? ***************

Jèn ki responsab maladi sa li rele ( LMNA ), yo detekte li sou kromozom 1 an.
Enben se yon proteyin ki defòme ki rele ' projerin ', ki vinn akimile nan san timoun nan ak nan nwayo selil yo e ki vinn lakoz maladi sa ki rele Projerya .
Anpil rechèch, anpil etid ap fèt pou wè kijan yo ka jwenn tretman maladi sa, men anyen poko ofisyèl, an atandan se soulaje yo eseye soulaje timoun ki touche pa maladi sila.
Fòk nou di ou tou se yon maladi ki ra anpil, ou pa jwenn li fasil, pa bezwen gen twòp enkyetid .

Pataje souple pou plis moun enfòme!
Abone ak nou ....

Atanson AtansyonSelon MSPP gen 2 lot varyan kowona viris ki apenn detecte sou teritwa a, kontinye pran prekosyon . Respe...
20/09/2021

Atanson Atansyon
Selon MSPP gen 2 lot varyan kowona viris ki apenn detecte sou teritwa a, kontinye pran prekosyon . Respekte distans 1.5 m la , lave men nou avan nou manje, mete cache nez

Sonje kenpòt sa manman an fè li aji sou timoun ki nan vant li a! Evite alkòl ak tabak pandan grosès! Li gen gro enpak so...
26/08/2021

Sonje kenpòt sa manman an fè li aji sou timoun ki nan vant li a!
Evite alkòl ak tabak pandan grosès!
Li gen gro enpak sou timoun ki nan vant ou a!
Jere sa🙌🙌
Apataje e abone ak page la pou plis infos

****** Atansyon ak vyann KOCHON ki sòti Sendomeng*******Nan moman la, peyi Etazini entèdi vyann kochon e tout prodwi ki ...
04/08/2021

****** Atansyon ak vyann KOCHON ki sòti Sendomeng*******

Nan moman la, peyi Etazini entèdi vyann kochon e tout prodwi ki fèt ak vyann kochon ki sòti nan peyi Sendomeng antre nan peyi pa yo akoz kèk ka lafyèv yo detekte lakay kochon nan peyi Sendomeng. Se depatman ameriken ki responsab zafè agrikilti ki te mennen ankèt e ki bay siyalman sila.
Pataje tèks sa souple, se enpòtan.

Kòm nou konnen se nou ki pi pre yo, annou fon ti pale sou maladi sa yo detekte lakay kochon yo.
Maladi sa yo rele 'grip pòsin' nan, se yon maladi respiratwa ki koze pa viris tip A, e lakay kochon yo, viris maladi sa provoke : fyèv, kochon an ap plede touse, nen ak je li ap plede rouj e bay anpil dlo, je li anfle, li pa vle kwaze ak lòt kochon pou fè pitit, li ka avòte si li gen pòte nan vant li nan moman, li pa vle manje e sa ka menm touye li.
Yo toujou plis remake viris sa nan fen sezon otòn ak nan sezon ivè.
Nòmalman, viris sa pata dwe atake moun, men moun ki ekspoze ak kochon yo, tankou moun kap leve kochon yo fasil pou pran maladi sila e sikile li.
Grip sila te detekte premye fwa nan lane 1919 pandan pandemi ki tap fè ravaj la, se souch viral H1N1 an ki lakoz li e ke yo te jwenn lakay kochon.

An atandan plis evolisyon nan koze sila, men kèk prekosyon ou ta dwe pran :
* evite ale nan zòn yo sible maladi sa .
* toujou lave men ou, byen lave e bouyi tout sa wap sèvi sitou sa ou achte nan mache.
* toujou tande konsèy otorite sanitè yo.
* evite konsome vyann sila pandan yon moman jis pa prekosyon .

Souple, pataje pou plis moun ka okouran, konsa wa va sove yon prochen.
Abone ak nou pou toujou rete konekte e jwenn pi bèl enfòmasyon toujou! ...

Adresse

Rue Petion #97
Saint-Marc
HT4310

Heures d'ouverture

Lundi 08:30 - 17:00
Mardi 08:30 - 17:00
Mercredi 08:30 - 17:00
Jeudi 08:30 - 17:00
Vendredi 08:30 - 17:00
Samedi 09:00 - 12:00

Téléphone

+50940271963

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Shamira Santé Plus Clinique publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Shamira Santé Plus Clinique:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type