30/04/2022
Eklanmsi apre akouchman:..
Gwosès se yon evènman espesyal nan lavi yon fi, nòmalman apre 9 mwa, se toujou yon sipriz pou fi sa ak pwòch li wè moman verite a, akouchman an, malgre yo t ap tann li. Jan nou konn sa ye, se pa yon etap ki fasil, doulè, fatig, pèt san, posiblite pou gen dechiri nan kò fi a ak lòt konplikasyon ki ka prezante konn rann etap sa danjere anpil, men lè bebe rive, fi a delivre, se tout sa yo t ap tann, pou fi sa fini, antre lakay li ak pitit li oswa monte kabann (nan akouchman ki fèt nan kay yo), anpil lakontantman...
Se pa tout fwa, bebe vini, mè vant soti, epi tout bagay fini, gen kèk fwa, gen konplikasyon ki te la ki kontinye, nan ka pa t gen yon bon metòd pou yo te pran fi sa an chaj, oswa nan mankman l pou vin swiv gwosès la nan yon sant sante ki ka ede l prevni konplikasyon sa yo, konsa tou, gen konplikasyon ki vini brit sou kou.
Pami konplikasyon sa yo, gen sa yo rele "Eklanmsi apre akouchman" an, non an parèt dwòl, yon fi fin akouche, ki rapò l gen ak eklanmsi?
Ebyen, eklanmsi apre akouchman an ka parèt 48èd tan pou l fini jiska menm 6 a 12 semèn apre akouchman an, anpil fwa, si pat gen lòt konplikasyon ki te prezante avan sa ki ta lakoz fi a rete, fi sa yo konn gentan ale lakay yo pou sila ki akouche lopital yo.
Kijan Eklanmsi apre akouchman an manifeste?
Se tansyon fi a ki ap moute pandan ke tout bagay te nòmal, si gen analiz laboratwa ki fèt, ou ka remake pwoteyin nan p**i l, Li parèt ak siy atak-eklanmsi yo tankou:
⁃ Sansasyon malèz (Moun lan pa santi l byen, san l paka dekri sa k ap fè l mal).
⁃ Tèt fè mal (oswa gwo migrèn sitou nan fontèn li).
⁃ Dèyè kou rèd.
⁃ Anba kè fè mal
⁃ Kò fè mal, sitou nan zòn atikilasyon yo (tankou jenou, rèl do elt...)
⁃ Ou wè tankou se mouch k ap vole, mini mini devan je w
⁃ Vizyon twoub
⁃ Ou ka tande yon pakèt son nan zòrèy ou pandan pa gen bri vre.
⁃ Pye l kòmanse anfle, defwa men l ak figi l.
⁃ Li ka vin konplike kote tansyon moun lan moute anpil, ògànn li yo touche, jis ki gen kriz tankou malkadi
Nb) Tout siy yo pa p prezante yon sèl kou..
Faktè ki ka okazyone eklanmsi apre akouchman an
⁃ Li ka pa gen okenn bagay ki lakoz li, ankenn antesedan, epi l vini brit sou kou.
⁃ Premye pitit (fi ki fè premye pitit yo)
⁃ fi ki gen mwens pase 17 lane e plis pase 35 lane (Fè pitit twò bonè oswa fè pitit la nan ta)
⁃ Fi ki ansent marasa (2-3 pitit ki te pote pitit yo byen senp, san okenn siy sa yo, epi ki devlope sa a yo apre akouchman)
⁃ Fi ki te gen Eklanmsi oswa atak eklanmsi nan gwosès avan yo ( ki vin pote gwosès sa san danje epi ki prezante eklanmsi apre akouchman an)
Kijan pou ou konpòte w fas ak siy sa yo?
Swiv lopital pandan w ansent paka anpeche tout posiblite konplikasyon ki ka rive apre/pandan akouchman, men rechèch moutre ke plis yon moun pa swiv lopital, se plis konplikasyon ki te ka prevni ka prezante nan gwosès ak akouchman li..
yon egzanp: si ou anemi epi kò w adapte ak sa, ou ka pa rann kont si w pa gen ase san, nan akouchman w ap pèdi san, ka w ka konplike, men si w te ale lopital pou yo te fè egzamen pou ou, yo t ap wè w anemi, yo t ap ba ou medikaman ak konsèy pou w modifye abitid lè w ap manje..
Kidonk kouri lopital fas ak malèz sa yo, se premye epi pi bon opsyon an, konn gen defwa, se melanj fèy epi tizann (ak kalite fèy epi kantite ki demezire) ki konn lakoz tansyon fi sa yo moute.
Depi ou ansent, si gen sant sante ki tou pre w, li mèt se yon fwa chak 3 mwa, fè yon pase lopital, pou yo fè egzamen pou ou.
Pi bonè se granm maten..