Medikilti

Medikilti Médecin, Philantropist, Entrepreneur, Educateur, Penseur, Ecrivain, Blackbelt Kyokushin Karate...

BRAVO CHÈF LEEN... SE EKZANP SA YO NOU BEZWEN KOMINOTE NOU AN BAY SOU REZO SOSYO YO.
04/15/2025

BRAVO CHÈF LEEN...

SE EKZANP SA YO NOU BEZWEN KOMINOTE NOU AN BAY SOU REZO SOSYO YO.

03/08/2025
03/08/2025
Ayisyen bliye 12 Janvye...🥲
01/12/2025

Ayisyen bliye 12 Janvye...🥲

BÒN FÈT ENDEPANDANS A TOUT AYISYEN NAN MOND LAN.BON KONBA POU ANE 2025...
01/01/2025

BÒN FÈT ENDEPANDANS A TOUT AYISYEN NAN MOND LAN.
BON KONBA POU ANE 2025...

12/01/2024

"BYEN MANJE" pa vle di VANT PLEN".
Fin abòne epi poze m' kesyon, m'ap esplike w' kijan pou ou byen manje.

MK Squad yo ak lòt konpatriyòt Ayisyen... SISPANN PRAN MEDIKAMAN SAN SE PA DOKTÈ KI PRESKRI NOU LI... SISPANN FÈ MELANJ ...
12/01/2024

MK Squad yo ak lòt konpatriyòt Ayisyen...

SISPANN PRAN MEDIKAMAN SAN SE PA DOKTÈ KI PRESKRI NOU LI...

SISPANN FÈ MELANJ AK PLIZYÈ BWASON SAN NOU PA MENM KONNEN KISA KONPOZE A TOUNEN.

SISPANN PRAN KONSÈY SOU SANTE NAN MEN MOUN KI PA PWOFESYONÈL SANTE.

ABÒNE- PATAJE- KÒMANTE... 🙏🏿

12/01/2024

Manje fwi pou nou ka viv pi byen e an sante...

ABÒNE POU N' KA TOUJOU JWENN KONSÈY AK KONESANS SOU SANTE...

Mèsi Peyi m'😱😥😢😭😭😭😭
11/13/2024

Mèsi Peyi m'😱😥😢😭😭😭😭

KANSÈ NAN TETE. Mwa Oktòb se mwa SANSIBILIZASYON ak KANPAY kont kansè nan tete. Se pou sa li batize mwa ROZ.KISA KANSÈ N...
10/13/2024

KANSÈ NAN TETE. Mwa Oktòb se mwa SANSIBILIZASYON ak KANPAY kont kansè nan tete. Se pou sa li batize mwa ROZ.

KISA KANSÈ NAN TETE YE ?

Tou dabò KISA KI KANSÈ? Kansè se lè genyen yon group selil nan yon ògàn nan kò a ki pa bon, epi ki kòmanse ap miltipliye san kontwòl, yo vin pi plis, yo vin anpil anpil, epi yo gaye kò yo nan lòt zòn nan kò a, jiskaske yo detwi tisi yo...

Donk, pou kansè nan tete yo menm se lè group selil ki pa bon sa yo, se nan tete a yo kòmanse ap miltipliye a...

Se yon gwo maladi, se pa yon jwèt li ye DITOU.

Fòk mw di nou kansè nan tete se 2èm koz oubyen maladi ki touye plis fanm nan mond lan aprè maladi kè🫀. Genyen anviwon 685000 fanm ki mouri de maladi sa'a pandan yon ane nan mond lan daprè dènye resansman ki te fèt yo. Yon grenn sou 6 mouri...

Kansè nan tete atake tout ras, nan diferan group laj, nou tout peyi nan mond lan, men se ras NWA a ki plis viktim toujou. Donk, noumenm FANM AYISYÈN YO, FÒK NOU PRAN ANPIL PREKOSYON.

Men, yon lòt kote depi nou arive dekouvri maladi a bonè lakay nou, depi nan faz 0 oubyen faz 1, nou kapab konbat li, epi pote viktwa sou li...

Genyen anpil anpil anpil fanm ki te fè kansè nan tete men ki arive pote viktwa sou li. E ki kounye a kontinye ap viv an SANTE💃🏿. DONK GEN ESPWA. Men gen prensip pou nou swiv.

Youn nan prensip pou nou mete lakay nou, se aprann EKSPLORE kò nou. Se pou nou VERIFYE TETE NOU YO CHAK JOU. Lè nou leve nan maten ak avan nou al dòmi leswa se pou nou palpe tete yo. Fè ti masaj ladan yo, òbsève yo. Pou n'ap chache tout sa ki parèt etranj oubyen anòmal nan tete yo ...
TANKOU:

- Si gen yon ti boul, oubyen yon ti mas kèlkonk anndan tete a...

-Verifye si gen youn nan yo ki vin endifòm, gade si w' pa santi doulè ladan yo pandan ou ap mase yo.

- Gade si pa gen "Pij" ak ti malig ki parèt sou kò tete yo...

-Sitou veye si pa gen yon zòn nan kò tete a ki vin bay aspè yon PO ZORANJ...
Etc...

Tout sa yo se siy ki mande pou kouri al wè doktè si ou ta remake youn nan yo. Paske pi bonè se granmaten nan koze kansè nan tete.

PA POTE NEGLIJANS SOU SA DITOU, sitou depi ou nan laj pou fè pitit.

Men kèk prensip ou ka mete nan vi w' sitou si ou gen moun nan fanmi ou ki te fè kansè nan tete deja.
1) Evite pran tròp pwa. Fòk IMC ou balanse.
2) Toujou fè ekzèsis fizik...
3) Evite fimen ak bwè kleren
4) Si w' fè pitit, bay timoun yo TETE depi sa posib.
5) Evite pran KONPRIME POU PLANIN YO sitou lè w' nan laj 40 lane.
6) Manje fwi ak legim plis pase lòt manje yo.
7) PIGA OU PLEDE AP FÈ TÈS NAN TETE W' TWÒ SOUVAN ... 🚫🚫🚫⛔️⚠️ "MAMMOGRAM"

MEZANMI, SE PA TOUT LÈ SE DYAB KI FÈ NOU MALAD, OUBYEN KI KOZ LANMÒ NOU. ANPIL FWA SE NEGLIJANS PA NOU.

Noumenm nan Medikilti , Nou ba nou enfòmasyon yo. TANPRI, APLIKE YO.

Salitasyon ak tout zanmi entènot yo ki li tèks sa'a , espesyalman MKSquad yo.✌🏿

RETE AN SANTE...

PA BLIYE ABÒNE- LIKE- KÒMANTE EPI PATAJE ... POU NOU KA TOUJOU JWENN PLIS ENFÒMASYON SOU ZAFÈ SANTE-KILTI- EDIKASYON AK ANPIL LÒT SIJÈ ENTÈRESAN.

Mèsi, mw renmen nou.

Dr Jn L.

Mwa Oktòb se mwa kanpay ak SANSIBILIZASYON kont "KANSÈ NAN TETE"... Se tip kansè ki touye plis fanm...            KANSÈ ...
10/09/2024

Mwa Oktòb se mwa kanpay ak SANSIBILIZASYON kont "KANSÈ NAN TETE"...

Se tip kansè ki touye plis fanm...

KANSÈ NAN TETE SE YON REYALITE...

Address

Philadelphia, PA

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Medikilti posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Practice

Send a message to Medikilti:

Share

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram