Dr Jo Wellness

Dr Jo Wellness Información de contacto, mapa y direcciones, formulario de contacto, horario de apertura, servicios, puntuaciones, fotos, videos y anuncios de Dr Jo Wellness, Medicina y salud, Santo Domingo.

20/02/2026

Anpil fwa, pwoblèm bann pa gen rapò ak laj, men ak pwoblèm metabolik ou pa menm remake.

Sa ki plis an koz :
⚠️ S*k nan san ki wo
⚠️ Rezistans ensilin
⚠️ Grès vant an eksè
⚠️ Tansyon
⚠️ Manje mal + sedantarite

📌 Ereksyon se yon kestyon s*kilasyon san + òmòn + enèji. Lè metabolis la deregle, rezilta a parèt… menm lakay jèn gason.

❌ Se pa “laj k ap frape”
❌ Se kò a k ap voye siyal

👉🏾 Klike sou lyen nan bio a pou n pale plis.
Oswa tape “Mwen vle “ nan kòmantè.

20/02/2026

👉🏾 Pwa w se baz tout bagay :

✔️ Konbyen kalori kò w boule pa jou
✔️ Konbyen pou w manje pou megri san febli
✔️ Ki vitès w ap pèdi pwa a
✔️ Si plan w la ap mache… oswa non

❌ Pèdi pwa se pa devinèt
❌ Se pa kopye sa lòt moun fè
📌 Si w pa konn pwa w, w ap mache a l’aveuglette.

:

19/02/2026

Obezite pa jis fizik. Li mantal tou. 💔

Sa yo pa pale:

- Depresyon (40% moun ak obezite) 😔
- Anksyete sosyal (evite aktivite)
- Estim de swa fèb (kache kò w)
- Izolman (rete lakay plis)
- S*k viktimizasyon (jijman chak jou)

Epi pi move pati a? 👇🏾

Moun di w:
“Jis pèdi pwa.”
“Ou Parese.”
“Ou pa eseye ase.”

Men yo pa konprann:

Obezite kreye s*k:
Estrès → Manje → Pran pwa → Depresyon → Plis estrès 🔄

Brize s*k la mande plis pase “jis manje mwens.”

Li mande:
✅ Sipò emosyonèl
✅ Adrese pwoblèm lan mantalman
✅ Plan ki adrese TOULÈDE (kò + lespri)
✅ Zanmi/fanmi ki pa jije, k’ap sipòte

Si w ap viv sa, ou pa pou kont ou. 💚

19/02/2026

“Mwen bwè kafe pou ede metabolism mwen!”

Men... w mete 3 kiyè s*k ladan l. 😅

Ann fè matematik: 👇🏾

Kafe brile pou ou: 5 kal ✅
S*k ou ajoute: 120 kal ❌

Benefis NET: -115 kalori

Se tankou:
- ou fè 10 minit egzèsis
- Epi manje 1 moso gato apre

Ou travay pou ANYEN. 😔

Solisyon?

Bwè kafe NWA oswa:
✅ Yon ti s*k sèlman (1 kiyè max)
✅ Lèt ekreme (pa lèt konplè)
✅ Stevia/eritritòl (zewo kalori)

Oswa jis aksepte: Kafe dous se PLEZI, pa zouti pèdi pwa.

Kafe pa move,
men jan w ap bwè l la ka kraze tout efè li.

✔️ Kafe san twòp s*k
✔️ Ak manje ki balanse
✔️ Pa kòm eskiz pou sote bon dejene

18/02/2026

Èske w ap BYEN MANJE…
oswa ou jis ap manje BON MANJE? 🤔
Bon gou ≠ bon pou kò w.
Sa ki fè diferans lan, se sa kò w bezwen, pa sa lang ou renmen sèlman.

👉🏾 Ou ka:
Manje bon manje men mal nouri
Manje senp men byen nouri
BIEN MANJE se lè 👇🏾
✔️ Repa yo balanse
✔️ Pwoteyin, fib, bon grès prezan
✔️ Ou pa toujou fatige ni grangou
✔️ Kò w reyaji byen (pwa, enèji, dijesyon)

🎥 Gade videyo a pou w rekonèt diferans lan.
👉🏾 Tape “PWOGRAM” si w vle aprann manje pou kò w, pa pou abitid.

18/02/2026

Spoiler 🚨 : lè w manje a pa pi enpòtan pase sa w manje + ki kantite ak kisa + kijan kò w fonksyone.

❌ Manje apre 6è ≠ otomatikman gwosi
❌ Grès pa parèt paske mont lan fè 6è di swa

Sa ki fè diferans lan 👇🏾
✔️ Total kalori w sou jounen an
✔️ Kalite manje a
✔️ Òmòn yo (ensilin, kòtizol, dòmi)
✔️ Abitid ou chak jou

🤌🏾 Si w manje an reta men w manje byen, kò w pa pini w.
🎥 Gade videyo a pou w konprann plis.
👉🏾 Tape “PWOGRAM” si w vle pèdi pwa san mit, san presyon.
:
:

17/02/2026

"Mwen vle gwosi rapid!" 😤

Mwen konprann. Men kite m di w verite a. 👇🏾

Sa anpil moun pran pou gwosi:
💊 Sipleman "mirak"
💉 Piki omòn
🍺 Bwason pou w "gwosi vit"
💊 Steroyid/kòtizòn

Sa yo reyèlman fè: 😳

- Debalanse omòn ou
- Domaje fwa ak ren
- Kreye grès viseral (danjere)
- Ogmante risk maladi kè
- Koze depandans
- Retounen pwa a lè w sispann

Epi pi move pati a

Lè omòn ou debalanse, kò w:
❌ Pa ka pran misk nòmal
❌ Estoke SÈLMAN grès
❌ Santi w mal (fatig, chanjaman frekan imè w)
❌ Difisil pou repare apre

Men imajine si w te ka:
✅ Pran pwa NATIRÈLMAN
✅ Bati misk solid
✅ Kenbe sante omònal
✅ Rezilta ki dire

SA POSIB. San risk. San domaj. 💪🏾

Nou espesyalize nan TOULÈDE:
🎯 Pèdi pwa an sante
🎯 PRAN pwa an sante

👇🏾 Tape "PWOGRAM"

N'ap kreye yon plan pou OU.

17/02/2026

Youn nan eleman nimewo 1 pou pèdi pwa moun toujou bliye? (Non, se pa sa w panse a…)
❌ Se pa jimnastik
❌ Se pa rejim sevè
👉🏾 Se DÒMI. 🛏️

Mwens pase 7 èdtan pa nuit :
🚨 Grangou ogmante (+24%)
🚨 Anvi s*kki pa kontwole
🚨 Grès vant pran plas
🚨 Tout efò w yo vin prèske initil

7–9 èdtan dòmi :
✅ Òmòn pi balanse
✅ Grès brile natirèlman
✅ Metabolism monte
✅ Rezilta pi rapid, pi dirab

📌 Vrè fòmil pèdi pwa a se :
Bon manje + Ekzèsis + byen DÒMI = S*ksè

👉🏾Si w vle pèdi pwa san gaspiye efò w:
Tape “PWOGRAM” nan kòmantè yo 💬
:
:
:

👉🏾 Èske w’ap kontinye eseye menm bagay yo pou w jwenn menm rezilta yo …
oswa w pare pou yon metòd ki finalman mache pou ...
16/02/2026

👉🏾 Èske w’ap kontinye eseye menm bagay yo pou w jwenn menm rezilta yo …
oswa w pare pou yon metòd ki finalman mache pou OU?

💬 Tape “Mwen Vle” si w pare.

:
:
:

16/02/2026

Tape “Pwogram” si objektif ou se konprann kò w pi byen pou w pèdi pwa .

15/02/2026

Diferans lan pral CHOKE w. 😳

VYANN AK ZO:
- Ou achte: 500g (peze ak zo)
- Ou manje: 300g (apre retire 200g zo)
- Pwoteyin reyèl: 60g

VYANN SAN ZO:
- Ou achte: 500g (tout manje)
- Ou manje: 500g
- Pwoteyin reyèl: 100g

Menm lajan. 40% PLIS pwoteyin. 💰

Epi lè w ap pèdi pwa?

Pwoteyin = Kenbe misk + Satisfè lontan + Brile plis kalori ✅

Donk vyann SAN zo se:
✅ Plis pwoteyin
✅ Fasil pou peze/konte
✅ Mwens gaspiyaj
✅ Pi bon pou pwosesis pèdi pwa

👉🏾 Tape “MWEN VLE” nan kòmantè pou yon pwogram ki gen lis manje optimize an fonksyon de ou menm ak objektif pwa ou vle atenn.

15/02/2026

“Mwen fè espò 5 fwa pa semèn... men pwa m PA desann ke sa .” 😤

Poukisa? 👇🏾

Paske w ka pa fè spò men w’ap mal manje.

Reyalite di a:

1 èdtan jimnastik = 300-500 kalori brile 🔥
1 asiyèt fritay apre = 800 kalori ❌

Ou travay DI pou brile 400 kalori...
Epi remanje 800 nan 10 minit. 😔

Donk:

Espò SAN bon manje = Pa gen rezilta ❌
Bon manje SAN espò = Rezilta modere ✓
Espò + Bon manje = REZILTA MAKSIMÒM ✅

Fòmil la senp:

80% manje + 20% espò = Pèdi pwa

Si w vle yon plan ki balanse TOULÈDE pou w pèdi pwa byen fasil:

👉🏾 Tape “PWOGRAM”

Dirección

Santo Domingo

Horario de Apertura

Martes 09:00 - 17:00
Miércoles 09:00 - 17:00
Jueves 09:00 - 17:00

Teléfono

+50942690430

Página web

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Dr Jo Wellness publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Contacto El Consultorio

Enviar un mensaje a Dr Jo Wellness:

Compartir

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram