23/10/2025
Bullying oubyen harcèlement
Se yonn nan konpòtman ki fè anpil mal nan mond lan
Kote moun ki sibi menas-vyolans la ka touye tèt li,tonbe nan depresyon ect ….
Vyolans lan kapab vèbal,fizik,sikolojik
Li fèt sou timoun tankou granmoun
Li kapab seksyèl
Li kapab moral
Li kapab nan telefòn
Li kapab cyber-harcèlement oubyen sou intènèt
Dènye a se li menm moun plis itilize nan dènye moman yo pou fè lajan
Men 2 egzanp pou semèn nan :
1-Yonn nan Tiktokè ki pi popilè sou rezo a ,tap menase yon moun e menm mande lajan pou pati entim li pat pran lari
Viktim nan pote plent lajistis
Jounen Jodi a sa anba kòd
2-Sa gen kèk jou depi yon jèn demwazèl nan vil Seville peyi Espagne 🇪🇸 swiside paske kondisip li te konn souvan anmède ,entimide l pou fòm li ect….
Ann sispann trete moun nenpòt jan nan sosyete
Ann sispann fè vyolans sou tout fòm