Inf Roberto

Inf Roberto paj sa la poul pote bel infomasyon sou sante kap pèmèt ou jere sante byen

  Inf.Roberto Abone,pataje,like, avan ou li poste sa svp Èske li bon vrèman lè yon fi bwè spèm yon gason?Spèm lan gen an...
31/12/2022


Inf.Roberto
Abone,pataje,like, avan ou li poste sa svp

Èske li bon vrèman lè yon fi bwè spèm yon gason?

Spèm lan gen anpil avantaj li pote pou kò fi a, lè fi a bwè. Men pa inyore li gen anpil lòt ti efè ki pa avantaj li pote tou.

Pa bliye ou sou platfòm paw la, (santé plus)🩺. Ou pral aprann nan post sa, ki tout avantaj bwè spèm yon gason genyen.

1) Spèm gason an, se yon anti dépresseurs. Lè fi a bwèl, li ede fi a konbat strès , perèz, depression ak kèk lòt ankò.🩺

2) Spèm lan se yon likid ki riche en vitamine, tankou vitamine C, B12. Sa vle di li patisipe nan sa nou rele byen nouri, lè fi a bwèl.🩺

3) Spèm lan bon pou vizaj fi a, lè fi a bwèl ak lèl kitel sou vizaj li. Sa fèt gras a yon molécule ki rele Spermidine ke spèm lan genyen ladann. Li rajeni peau fi, e pèmèt peau fi a rele soup.🩺

4) Spèm lan bon pou cheve fi a. Lè fi a bwèl, ak lèl fè tretman pou chevel avèl. Li pèmèt cheve fi a paka kase, li pèmèt li grandi, Gras a menm molécules sa ki rele Spermidine lan.🩺

Men tout avantaj sa yo li genyen an, Santé plus pa diw pou al bwè spèm maten, midi, soir. Paske gen anpil lòt dezavantaj li genyen, sitou pou anndan bouch ou

Nan prochen post, nap pale de tout dezavantaj ke spèm genyen ladann.

Pa bliye pataje post la. Lèw pataje post la, ou ede médecin santé plus yo pote plis pou ou, e ou sove lavi yon frèw, sèw, zanmiw.🩺

5 BAGAY KI ENPÒTAN POUW KONNEN SOU KONTRASEPSYON IJANS POU ANPECHE GWOSÉS Konprime sa yo, yo rele yo “Kontrasepsyon ijan...
28/11/2022

5 BAGAY KI ENPÒTAN POUW KONNEN SOU KONTRASEPSYON IJANS POU ANPECHE GWOSÉS

Konprime sa yo, yo rele yo “Kontrasepsyon ijans” savledi yo se konprime ou kapab pran kèk èdtan apre ou soti nan relasyon san pwoteje ew sispèk ke ta genyen posiblite pouw ansent.

Men genyen anpil bagay kap pale sou kesyon konprime sa yo, genyen anpil bagay yap di sou yo ki pa genyen okenn verite, se pou rezon sa a jodia mwen vle eklèsi nou sou 5 pwen sa yo :

1-OU KA PRAN L SÈLMAN NAN DEMEN OU SÒTI NAN RELASYON AN.

-Non! Se pavre, malgre genyen anpil moun ki rele l “Pilule du lendemain” men se pa sèlman demen apre w soti nan relasyon san pwoteje a ke konprime sa a efikas, ou kapab pran l 3 jiska 5 jou apre relasyon san pwoteje a, e lap toujou genyen menm efè a selon tip konprime a, Genyen “Norlevo” yo ki efikas jiska 3 jou, e genyen “EllaOne” yo ki efikas jiska 5 jou.
Men li enpòtan pouw pran l pi bonè ke posib paske lè w pranl pi bonè, genyen plis efikasite .

2-LÈW PRAN KONPRIME SA A, SÈ AVÒTMAN OU FÈ.

-Non! Se pavre,Konprime sa a diferan anpil de konprime ki la pou avòtman yo, konprime ki la pou avòtman yo genyen misyon pou detwi yon gwosès ki deja devlope e ap grandi, men pilil landemen an la poul anpeche fegondasyon an.

3-SIW BWÈ KONPRIME SA YO ANPIL YO KA FÈ W PAKA FÈ PITIT.

-Non! Sepavre, Konprime sa a pa genyen okenn enpak sou kapasite moun genyen pou fè timoun, ni li pa genyen kapasite pou fèw ansent deyò matris ou tou (Gwosès Ektopik).

4-BWÈ KONPRIME SA YO SOUVAN, PA BON POU SANTE W.

-Non! Se pavre, ou kapab pran konprime sa a otan de fwa ou vle evite ansent sanw poko pare, sa pap poze okenn pwoblem, kèk efè segondè konprime sa a genyen an pa depase 24è, efè sa yo kapab:

-Twouble règ la(fèl vini avan oubyen an reta).
-Noze.
-Tèt fè mal.
-Doulè anba vant.
-Fatig.
-Li kapab fè tete w pran yon ti gwosè anplis.

5-DEPIW FIN PRAN KONPRIME A, OU MET ASIRE W OU PAP ANSENT.

-Non! Se pavre, konprime sa yo pa efikas e anpechew ansent a 100% vre, sa kapab toujou rive yon moun te ale nan yon relasyon san pwoteje, li toujou ansent malgre li te pran konprime sa yo, paske “Norlevo” yo efikas a 98% siw pranl 12èdtan apre rapò san pwoteje a, e “EllaOne” yo efikas a 85 PouSan, siw pran l avan 3 jou.
Savledi pou ni youn ni lòt, ou paka genyen yon asirans ki SanPouSan.

PA BLIYE: Mwayen ki plis efikas pouw pwoteje tèt ou nan fè bagay, se mete kapòt paske konprime sa yo pap enpanye w de maladi ak enfeksyon ke w kapab pran nan fè bagay.

❤️Sèl fason ou kapab kontribiye nan travay lan, se pataje tèks sa a pouw ede mesaj lan touche plis moun, deja mèsi pou pataj ou🙏🏿

Adresse

Anse à Galets

Téléphone

+50940151664

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Inf Roberto publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram