Bas-Limbé Médical Center-BMC

Bas-Limbé Médical Center-BMC Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Bas-Limbé Médical Center-BMC, Santé, Mondion, Bas Limbé.

14/11/2025

14 Novanm chak ane, se jounen mondyal dyabèt. ( maladi s*k)

Poukisa jounen sa a enpòtan ?

Jounen Mondyal Dyabèt la fèt pou :
• Enfòme moun sou dyabèt
• Senkibilize sou risk ak konplikasyon yo
• Ankouraje tès depistaj
• Sipòte moun ki ap viv ak dyabèt

An Ayiti, kantite moun ki gen dyabèt ap ogmante chak jou. Se nan sans nap ankouraje nou fe depistaj bonè paske sa ka sove lavi nou.

Kisa dyabèt ye ?

Dyabèt se yon maladi ki fèt lè gen twòp s*k nan san. Maladi sa rivé,
1- se lè kò a pa pwodui ensilin ditou (Tip 1)
2- se lè kò a pa itilize ensilin jan li dwe itilize l la (Tip 2)
3- oubyen pandan gwosès (Dyabèt jestasyonèl)

Men kèk siy lè ou wè yo ki ta dwe fè nou pran prekosyon e al fe depistaj
• Grangou ak bwe dlo anpil
• p**i anpil
• Pèdi pwa san rezon
• Fatig
• Vizyon trouble
• Blesi ki pran tan pou geri

Kijan pou nou fe prevansyon kont dyabèt ?
• Manje plis manje natirèl : legim, fwi, sereyal
• Diminye sèl, lwil ak s*k
• Fè egzèsis omwen 30 minit pa jou
• Evite fimen ak bwason ki gen alkòl
• Kontwole pwa
• Fè tès depistaj si :
1- gen moun nan fanmi ki gen dyabèt
2- ou gen tansyon wo
3-ou gen plis pase 40 an
4-ou gen anpil pwa.
Swiv ti konsey sa yo paske sante se la vi.

14/11/2025

Sérum pa move, li sove lavi moun !

Lè yon moun malad, pafwa doktè oblije mete yon ti likid nan venn li. Yo rele sa “sérum”.

Sérum sa a se pa maji, se pa zafè satan, se dlo ak sèl menm jan ak dlo lanmè oswa dlo ki nan kò nou an.

Lè moun fè dyabèt, vomi anpil, oswa pa ka bwè dlo, kò a seche, san an vin twò chaje, epi moun nan ka mouri.

Se sérum nan ki ede kò a reprann fòs, mete dlo ak sèl tounen nan san, epi fè medikaman yo mache byen.

Doktè yo pa sèvi ak likid sa pou fè maji. Yo sèvi avè l pou sove lavi moun, menm jan yon ponpye sèvi ak dlo pou etenn dife.

Si yon moun di ou sérum se satanik, sonje : dlo ak sèl, se Bondye menm ki kreye yo.

Lè w aksepte tretman, ou pa bay satan pouvwa — ou bay lavi chans.

Slogan final :
“Sérum pa satani — se lavi Bondye mete nan dlo ak sèl.”

Bas-Limbé Médical Center🏥🚑🩺🩻
27/04/2024

Bas-Limbé Médical Center🏥🚑🩺🩻




Bas-Limbé Médical center🏥🧑‍⚕️👩‍⚕️. Votre santé est notre priorité👍.
26/04/2024

Bas-Limbé Médical center🏥🧑‍⚕️👩‍⚕️. Votre santé est notre priorité👍.

Adresse

Mondion
Bas Limbé

Téléphone

+50933209698

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Bas-Limbé Médical Center-BMC publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type