Dr. Deshommes

Dr. Deshommes Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Dr. Deshommes, Médecin, Cap-Haïtien.

Webinaire sur la drépanocytose (anémie  falciforme) et les complications respiratoires avec Dr. Noélie PLATEL, MD. Pédia...
28/06/2024

Webinaire sur la drépanocytose (anémie falciforme) et les complications respiratoires avec Dr. Noélie PLATEL, MD. Pédiatre

Vendredi 28 juin • 16:00 – 17:30

Informations de connexion

Google Meet
Lien de l'appel vidéo : https://meet.google.com/bvc-wjak-ytg

05/08/2023
Trikomononaz se yon maladi enfektyez ke moun ka pran nan fè bagay. Se yon parazit ki bay li, parazit sa rele TRICHOMONAS...
23/07/2022

Trikomononaz se yon maladi enfektyez ke moun ka pran nan fè bagay. Se yon parazit ki bay li, parazit sa rele TRICHOMONAS VAGINALIS. Ke nou jwenn selman lakay lòm.

Selon OMS, oganizasyon mondyal sante, chak ane gen 1,43 milyon nouvo ka moun ki gen maladi trikomonaz.

Se kijan yon moun ka pran trikomonaz?

Tankou nou sot ekril deja se yon maladi moun pran nan fè bagay. Sa vle di ou ka enfekte lew fè bagay ak yon moun ki te genyenl deja. Men toujou ka pranl nan move ijyèn tankou si wap frekante twalèt piblik ak itilize sèvyèt a 2 ak moun paske trichomonas vaginalis ka viv plizyè è detan sou bouch twalèt ak nan sèvyèt e tout kote ki imid.

Lakay yon gason ki enfekte pa trikomonas souvan pa gen okenn sentom, men lel bay sentom wap jwenn gason sa genyen:

Ekoulman ki gen sant le maten lè l fenk leve
Tet peni li ap wouj epi lap gratel
Kanal brile ak doulè pou p**i
P**i degout

Lakay fanm, trikomonaz toujou bay sentom
Vajen fi a ap anfle epi lap gratel
Lap gen ekoulman koulè vèt
Doulè lè lap fè bagay
Doulè lè poul p**i

Lakay gason lè trikomonaz pa trete li konn vin devlope maladi ki rele pwostatit ak epididimit oubyen tou emospèmi ki se lè spèm ki se likid blanch nou konn wè lè gason ejakile a gen san ladan.
Lakay fanm li ka vin bay gwo doulè.
Metroraji ki se lè san ap koule sou fi a sanl pa gen règ.

Pou fè prevansyon pou trikomonaz se
Fè abstinans
Rete fidèl yonn ak lot
Itilize prezèvatif
Evite itilize objè entim a 2 ak lòt moun
Evite itilize twalèt piblik toutan li posib.

Midena DESHOMMES

Source:
Le manuel MSD
journaldesfemmes.fr/ Julie Giorgetta/ 28.05.2019
Ministère de la santé en Ontario
Health.gov.on.ca

Pa bliye like e pataje svp pou nou jwen enfòmasyon sou lot maladi enfektyez. Envite zanmiw like paj la

Migraine /migrènChak moun gen omwen yon moun nan antouraj li ki toujou ap di li gen tèt fè mal ki pa janm pase oubyen ki...
10/06/2022

Migraine /migrèn

Chak moun gen omwen yon moun nan antouraj li ki toujou ap di li gen tèt fè mal ki pa janm pase oubyen ki toujou ap fi tèt fè mal se maladi mwen. Nou rele an fransè ak nan langaj medikal tèt fè mal "céphalée".

Ebyen jodia nou pral pale de migrèn ki se yon tip de tèt fè mal.

Kisa ki rele Migraine/ migrèn ?

Se yon seri de gwo kriz doulè ki repete lakay yon moun men ki manifeste nan fòm tèt fè mal. Se koz ki pi frekan ki bay tèt fè mal. Se yon tet fè mal ou santi nan yon sèl bò ou konn santi lap bat oubyen ap lansew . Sa ka rive ou santil nan toulède bò tèt ou tou. Yon kriz migrèn ka dure environ 4h tan a plizyè jou, li souvan akonpanye de vomisman, moun sa pa ka gade limyè ni tande bri sinon lap agrave. Donk se yon maladi kwonik.
Entèval yon moun gen tet fè mal ki lye ak migraine varye de yon moun à yon lot.

Anviwon 15% nan moun ki nan mond lan soufri de migrèn. Li pi frekan lakay fanm ke lakay gason, yo jwenn 3 fwa plis fanm soufri migraine ke gason.
Migrèn komanse pi souvan nan laj pibète( peryòd karaktè seksyèl segondè yo komanse devlopetankou pouse tete kay tifi epi chanje vwa kay ti gason.) Men li ka komanse ak tout laj. Apre 50 ans tet fè mal ki koze pa migrèn yo mwens sevè e konn menm disparet pafwa.

Sèvo moun ki soufwi migrèn pi sansib ke sèvo lot moun ki pa soufri migrèn moun sa yo genyen prédisposition génétique pou yo konsa. Pliske mwatye moun ki soufri pwoblem migraine genyen moun nan fanmi yo ki soufri migraine tou.

Sèvo moun sa yo genyen yon sansibilite ki pi eleve ki fè li reaji eksesivman pa rapò ak kek bagay ki vin fè li libere sibstans ki pwovoke doulè lakay moun sa yo.

Diferan faz ki gen nan yon kriz Migraine:

Gen yon faz ke yo rele # # #
_Se faz ki anonse kriz migrèn nan pral vini, moun nan ap chanje imè lap gen difikilte pou reflechi lap santi fatig oubyen li jus santi li pral gen tèt fè mal la.
_ Genyen tou faz yo rele # # #
Ki rive lakay selman 25% moun ki gen migrèn. Lè sa moun nan gen twoub vizyèl tankou wè flou, wè imaj kap danse devanl, Wè tach nwa etc.... li ka gen twoub langaj tou tankou paka pale e mm difikilte pou fè mouvman. Men moun nan dwe sonje ke yo pap dire se pasaje yo pap dire mm si se enkyetan. An jeneral yo dire ant 5 minit ak 1h tan.
_ genyen faz ki se faz doulè a menm
Lè konsa reseptè doulè yo aktive se sèvo ki voye mesaj gras a medyatè newochimik yo san pou otan pa gen anyen vrèman.
_ epi dènye faz la se faz # -drome # #
Doulè a pase moun nan santil fatige epi li ka de movèz imè paske doulè a tap fatigel.
Apre sa moun nan ap retounen nan aktivite nòmal li.

Kèk faktè ki ka deklanche yon kriz migrèn:

• Paka dòmi oubyen manke dòmi
• Stress, grangou
• Kek manje ki gen yon pwodwi yo rele tyramine tankou fwomaj rafine.
• sosis, pwason sèch oubyen boukannen.
• Manje ki gen nitrate tankou hot-dog ak vyann glase.
• Manje ki gen glutamate de sodium ke nou twouve nan maggi ak kek pwodwi nou itilize pou asezone vyann.
• Cafeïne ke nou jwenn nan kafe an gwo kantite ak yon ti kras nan chokola.
• Chanjman klimatik
• Limyè
• Odè ki fò
• Aktivite fizik

Konplikasyon posib yon moun ki soufri migraine ka genyen.

Apre aktivite sosyopwofesyonèl yo ki paralize nan moman kriz yo pa gen konsekans imedya. Men yo remake ke à long terme genyen risk pou moun sa vin gen pwoblem kadyovaskilè.

Kisa yon moun ka fè lè li gen kriz migrèn?
Repozel
Kouche yon kote ki nan nwa pa gen limyè ki pa gen bri. Pran medikaman doktè preskril.

Konsey ou k aplike pou gen kriz migrèn mwens souvan:
• Fè omwen 8h tan dòmi
• Manje à lè
• Bwè dlo
• Pratike yoga,meditasyon
• Evite strese le plis ke posib
• Evite kek manje
Siw abitye genyen Migrèn toujou evite bagay ki deklanche kriz lakay ou epi sonje pran medikaman yo.
Siw apèn konnen ou fè migrèn oubyen si ou gen yon kriz tèt fè mal ki sanble ak migraine ale kay doktè pou yo fè priz anchaj pou ou.

Dr Deshommes

Bibliographie:
www.msdmanuals.com
www.passeportsanté.net
www.sosmigraine
www.collegedesmédecinsdefamillesducanada.
medlineplus.gov
Www.hopkinsmedicine.org

Syndrome de l’Intestin IrritableLe Syndrome de l’Intestin Irritable (SII), aussi nommé colopathie fonctionnelle, est un ...
04/06/2022

Syndrome de l’Intestin Irritable

Le Syndrome de l’Intestin Irritable (SII), aussi nommé colopathie fonctionnelle, est un trouble du système digestif. Caractérisé par des douleurs abdominales, ballonnements, crampes ou encore constipation, ce dérèglement provoque une gêne importante au quotidien pour certains.

Le syndrome de l’intestin irritable (SII) fait partie des troubles fonctionnels intestinaux. L’emploi du terme de côlon irritable n’est plus utilisé car l’intestin grêle joue également un rôle dans ce syndrome.

Il s’agit d’une pathologie chronique (au moins 6 mois d’évolution) associant des douleurs abdominales et des troubles du transit intestinal comme des épisodes de diarrhée ou de constipation voire une alternance des deux.

Le syndrome de l’intestin irritable est une pathologie dite « fonctionnelle ». Cela signifie qu’aucune anomalie des organes en cause n’est repérée au moyen des examens courants (pas d’anomalie de la muqueuse intestinale, par exemple).

Les douleurs (spasmes, torsions, parfois brûlures) sont souvent au premier plan, d’intensité variable chez une même personne, très fréquemment associées aux ballonnements. Elles peuvent siéger partout dans l’abdomen, principalement autour du nombril (région péri-ombilicale, dans les flancs et les fosses iliaques, la région pelvienne...) ou même être une douleur en cadre c’est-à-dire qui suit le trajet du côlon. Ces douleurs, parfois intermittentes, sont souvent accentuées quelques heures après les repas et peuvent être soulagées ou au contraire aggravées par l’émission de selles et/ou de gaz.

D’éventuels symptômes extra-digestifs ne sont pas à négliger (céphalées, bouffées de chaleur, douleurs musculaires, asthénie (fatigue), etc.).

L’ensemble des symptômes du syndrome de l’intestin irritable sont bénins mais ils peuvent altérer de manière très importante la qualité de vie, que ce soit l’alimentation, le sommeil, l’image de soi, la vie en société, professionnelle et sexuelle.

04/06/2022

Être en bonne santé, c'est la condition élémentaire de la tranquillité.

" Olivia Benhamou"

Adresse

Cap-Haïtien

Heures d'ouverture

Lundi 07:00 - 17:00
Mardi 07:00 - 17:00
Mercredi 07:00 - 17:00
Jeudi 07:00 - 17:00
Vendredi 07:00 - 17:00
Samedi 09:00 - 15:00
Dimanche 09:00 - 15:00

Téléphone

+50941978474

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Dr. Deshommes publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Dr. Deshommes:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type