20/03/2021
men youn nan rezon ki koz anpil fanm ansent an mouri an Ayiti,mwen pèsonèlman premye moun ki mouri devanm lopital se te sak te tiyel
Yon ti konesans aplis ap bon pou ou ,pataje tèks sa poul atenn plis e pou pwoteje plis vi, si yon fanm ansent ta remake yon sèl kou ou pran anpil pwa se kouri al kay Doktè
Jodia m pral pale nou de preeklanmsi ak eklanmsi
Kisa preeklanmsi ye ?
Se yon konplikasyon danjere pandan yon fi ansent , ki konn koze lanmò fanm ansent lan avèk tout bebe ki nan vant li an
Li se tansyon wo avèk anpil pwoteyin nan p**i fi a
Fi a ka gen tansyon wo a pandanl ansent la selman savle di , tansyonl ka wo selman pandanl ansent lan, li pat gen tansyon wo anvan, el ka pa rete aprèl fin akouche
Konsa tou fi a ka te tou soufri tansyon, savle di li te gen tansyon an avanl ansent e lap rete aprel fin akouche , 10 % fanm ki te soufri tansyon anvan yo ansent gen 3 fwa risk pou yo gen preeklanmsi
Tansyon wo pandan gwosès la , konbyen tansyon an dwe ye pou nou pale de preeklanmsi ?
Se lè premye chif la pi wo pase 14 e dezyèm chif pi wo pase 9
Savledi yon tansyon ki piwo ke 14/9 ( katòz(14) pa nèf (9) aprè 5 mwa gwosès
Ki moun ki a risk ou di mwens ki moun ki ka gen preeklanmsi plis ?
1) si se premye pitit li
2)dezyèm pitit ou ak yon lòt papa ( risk la pi elve)
3) fanm ki gen mwens ke 20 lane ak plis ke 40 lane
4)fanm ki te gen nan fanmi yo manman ousinon sè ki te fè preeklanmsi
5) fanm depi anvan yo te ansent ki te malad nan veso sangen yo tankou tansyon ak maladi s*k
6) fanm ki obèz
7) fanm ki gen karans an vitanmin D
Kilè nou di preeklanmsi a sevè ousinon grav ?
Se lèl asosye ak tansyon ki wo anpil e ki atenn o mwen yon ògan:
Fi a ka:
-p**i an fèb kantite ( li p**i mwen)
-Doulè anba kè
-gen pye ki anfle
- gen tèt fè mal
-pa wè byen, li wè tankou yon bann ti mouch devan zyel
-li pran yon pwa egzajere nan yon ti tan kout
-gen konvilsyon ( kriz )
si yo pa kanpe gwosès la ou ka mouri
E Eklanmsi a menm ? Kisal ye ?
Se kriz kay fanm ansent ki soufri tansyon
Jeneralman li fèt pandan premye gwosès la el frekan kay jenn fanm
Pye anfle, figi anfle ,tansyon wo epi moun nan gen yon kriz tanzantan
Koman yo trete sa?
Meyè solisyon an se akouchman , se kouri kanpe gwosès la...
Koman pouw evite eklanmsi?
Kit ou te soufri tansyon anvanw ansent , kit tansyonw vin wo pandanw ansent lan, al wè doktè w chak mwa poul edew jere tansyon an!
Depiw gen siy preeklanmsi yo pa chita lakay ou paske eklanmsi a pi grav toujou! Ou ka pèdi laviw e w ka pèdi ti bebe a tou
Evite manje bagay ki ka monte tansyon an plis tankou sèl ak grès
Ki konplikasyon preeklanmsi
-Manman ka mouri ni bebe a tou
-Manman ka vin fè stwòk
-li ka fè eklanmsi
- pwoblèm nan fwa ak ensifizans renal poun site sa yo selman
-Ti bebe a ka fèt anvan lèl ( prematire)
-li ka pa devlope andedan vant el ka mouri andedan vant
Kisa ou dwe toujou sonje ?
Tèt fè mal , vètij ak boudònman nan zorèy ou siyifi tansyonw wo anpil
Dèfwa non selman gen siy m sot site la yo , men' w ka pa wè byen, ew ka gen doulè nan lestomak
Li ra men sa konn fèt : ou ka pèdi konesans , manb yo rèd, ew ka gen yon kriz tankou malkadi.
Santew se paw , se ou ki pou jerel !
Mèsi
Lizay!
Bon jedi epi bòn fen semèn
like & pataje pou plis moun jwenn ti konesans sila
idantifye yon moun li avèw
Nurse Augustin
Pouw kapab jwenn pwochen atik lan,E li atik ki te la deja kew pat gen chans li yo,Klike sou lyen sa a pouw like paj Yon ti konesans anplis ap bon pou ou : https://www.facebook.com/Yon-ti-konesans-anplis-ap-bon-pou-ou-801172843616518/
aprèw fin like a pataje tèks sa ,map pwofite envite nou gad yon videyo ansanm ,se 10 move abitid anpil paran ayisyen genyen ,ke yo pa ta dwe fè a bebe yo , ou menm ki pako paran ou dwe pran nòt tou wap gen pou paran, abitid souvan ki konn koze bebe yo mouri ,genyen se nan nwit… aprè yo akize lòt moun , ben a pati de konesans sa ,nap aprann de kèk erè e sove plis vi, pouw gadel klike sou lien a poun ka al gadel sou channel Youtube la : https://youtu.be/g2WRyUNVZL0