Capriccini

Capriccini Sante se richès (An nou li ansanm)

An nou li ansanmKÈK BAGAY POU NOU KORIJE NAN PRATIK NOU LÈ NOU GEN TI BEBE Ti bebe yo pa menm jan avek granmoun yo kò yo...
08/01/2023

An nou li ansanm
KÈK BAGAY POU NOU KORIJE NAN PRATIK NOU LÈ NOU GEN TI BEBE

Ti bebe yo pa menm jan avek granmoun yo kò yo pa mati menm jan avèk pa nou pou sa gen kek pratik nou dwe korije (kite) avèk kèk lot pou nou amelyore tankou:

☺Le nap pran ti bebe yo pou nou leve yo evite pran yo nan yon sèl zepòl , pran yo avèk 2 men ou oubyen pase yon men nan fason pou ramase dèyè yo epi lòt men an ou kenbe do yo konsa wa evite ke ti bebe yo gen yon deplasman nan zo ki nan koud pwanye oubyen zepòl yo...

💚Lè wap lave cheve ti bebe yo fè anpil atansyon pou pa frote twòp pati ki nan mitan tèt li paske se youn nan pati nan kò yo ki pako fin fèmen, pou ka evite pati zo ki nan tèt yo pa endomaje. Fè ti lavaj la dousman epi esiye li avèk yon ti sèvyet soup...

😍Pou lonbrit ti bebe yo evite mete li andedan daypè a sitou pou sa ki fenk fèt yo pou lonbrit la ka seche pi byen epi tonbe pi rapid epi pou evite infeksyon ladan tou...

😐Poud nou kont ap itilize pou ti bebe yo sa nou rele (poudre de talc) la lontan paran yo te konn itilize li anpil, men denye tan sa yo daprè kèk etid ki fèt sou poud de Talc la yo jouin li kapab bay ti bebe yo pwoblèm respiratwa se sak fè yo pa konseye moun ilitize li anko sou ti bebe yo...

🙁Pou daypè oubyen kouchèt nap itilize sou ti bebe yo toujou asire nou ke yo pa rete mouye twò lontan sou yo, pou yo pa irite dèyè yo avèk pati jenital yo...

😊Toujou sonje mete ti bebe yo domi sou do pou yo ka respire pi byen alye nou mete yo sou vant...



*Wedjine Capriccini CAPRICE*

Une heureuse année à vous mes chersQue DIEU vous bénisse abondamment.
02/01/2023

Une heureuse année à vous mes chers
Que DIEU vous bénisse abondamment.

Nap sove vie nan tout façon nou kapabGOD bless us 19 Janvier 202119 Août 2021
21/09/2021

Nap sove vie nan tout façon nou kapab
GOD bless us
19 Janvier 2021
19 Août 2021

SIFILIS (Syphilis) Li se yon (Maladi yon moun ka pran nan fè bagay). Kijan nou kapab idantifye l ? An nou li ansanmSifil...
22/07/2021

SIFILIS (Syphilis) Li se yon (Maladi yon moun ka pran nan fè bagay). Kijan nou kapab idantifye l ?
An nou li ansanm

Sifilis bay gwo pwoblèm sante, li kòmanse manifeste twazyem semèn ( ant 10e a 90e )jou moun nan te ale nan kontak avèk moun ki enfekte a. Mikwòb ki bay li a se yon bakteri ki rele "treponema pallidum".

◾Li fè bouton parèt nenpòt kote nan kò a, tankou nan lang, nan po bouch, nan bouboun, nan pijon, nan pye, nan pla pye, nan pla men, nan kwis, etc. Bouton sa yo tankou ti blad byen di koulè woz oubyen krèm, lè yo pete yo fè maliy, yo kite s*katris.
◾Li bay gwo doulè nan atikilasyon yo (koud bra, jenou, ...).

Gen 2 tip de sifilis:
1) "Syphilis congénitale" se lè yon timoun tou fèt avè l. Pwoblèm sila a rive lè manman an pase l bay foetus la depi nan vant si li pat gen bon akonpayeman nan gwosès la.

2) "Syphilis nerveuse" se lè maladi a rive nan yon stad avanse si li pa trete li atake sistèm nève malad li, li ka fè l vin entatad, pèdi tèt li pimal pase yon moun ki fè "Alzheimer".

Maladi sa a gen plizyè stad nan devlopman li, nan premye stad la "stade primaire" li parèt tankou yon ti mak won ki gen ti koulè woz ki kapab di tou men ki pa bay doulè ke nou rele "chancre" epi ki pral disparèt apre sa.

Apre kèk tan li retounen "stade sécondaire" avèk anpil bouton ki pi woz ke sa ki nan stad primè a oubyen gwo mak nenpòt kote sou kò malad la e li kite s*katris.

Yon dènye stad ki se "Stade tertiaire" kote nou kapab jouin konplikasyon an

Fason ou kapab pran li:
-Nan fè bagay
-pandan gwosès timoun nan ka pranl
-san ak san tou

Moun ki pi fasil ka pran li:
-moun kap fè bagay san kapot
- moun ki gen plizyè moun yap fè bagay
-si wap fè ti bèf pou yon moun ki enfekte

Nenpòt moun ka pran l si li fè bagay san kapòt oubyen fè sèks nan bouch.

Fason ou kapab pwoteje w kont sifilis se:
-prevansyon
-fè bagay avek yon sel moun
-itilize kapot

Si w sispèk ke ou fè sifilis, kouri ale lopital

*Wedjine Capriccini CAPRICE*

🌸☘️🌼La santé est un état de complet bien-être physique, mental et social et ne consiste pas seulement en une absence de ...
07/04/2021

🌸☘️🌼La santé est un état de complet bien-être physique, mental et social et ne consiste pas seulement en une absence de maladie ou d’infirmité.

🍀🌷☀️La possession du meilleur état de santé qu’il est capable d’atteindre constitue l’un des droits fondamentaux de tout être humain, quelles que soit sa race, sa religion, ses opinions politiques, sa condition économique ou sociale.

🌿✨🌺La santé de tous les peuples est une condition fondamentale de la paix du monde et de la sécurité; elle dépend de la coopération la plus étroite des individus et des États.

An nou li ansanmKLOU NAN JE ( CHALAZION, ONGELET ) Kisa pou fè si ou ta remake sa. 🌼Yon CHALAZION se yon ti boul ki nan ...
15/01/2021

An nou li ansanm
KLOU NAN JE ( CHALAZION, ONGELET ) Kisa pou fè si ou ta remake sa.

🌼Yon CHALAZION se yon ti boul ki nan po je a swa li nan popyè ki anlè oubyen nan popyè ki an ba. Ti boul sa li menm se grès ki ladan. Se yon glann ki rele meibomius ki pwodwi (lipides) lwil ki patisipe nan bon kalite lam ke moun bay lè yap kriye epi ki ede je a netwaye tou se glann sa yo ki vin bouche ki fè boul sa yo vin fòme.

☘️Lè ke menm ti boul sa vini de yon infeksyon epi li fòme nan rasin kote plim je yo ye a yo rele Li ONGELET.

🍁Koman li manifeste:
-Do je a oubyen anba je a anfle
-kote ki anfle a konn vin rouj
-Li fè mal
-Pafwa li konn gen ti likid kap sòti ladan
-Si li vin gwo epi li peze boul je a moun nan ka vin wè twoub pou yon ti moman

🌷Kèk fason ou kapab trete CHALAZION( boul nan je)
- Depi ou wè ti boul la paret la ou komanse fè yon ti masaj tou douseman sou li avek yo dwat ou ki byen pwop sa ap ede grès la pa akimile.

-Fè yon ti konprès avek yon ti dlo tyèd sou yon twal pwòp epi depoze l sou li pandan kek minit.

🏜️Si aprè tout sa yo ou pa jouin rezilta pa neglije ale wè yon Dokte pou fè swivi pou ou.


* Wedjine Capriccini CAPRICE*

💓🌳C'est par la sagesse que la maison s'élève et par l'intelligence qu'elle s'affirmit🍂✨ *Nos habitudes dessinent le cont...
01/01/2021

💓🌳C'est par la sagesse que la maison s'élève et par l'intelligence qu'elle s'affirmit🍂✨ *Nos habitudes dessinent le contour de notre futur !* En 2020, nous avons goûté à de nouvelles habitudes forcées. Certaines furent excellentes, mais d’autres peuvent continuer à saboter notre processus de transformation. 🍀✨
Mon ami(e), nos fréquentations nous inspirent dans nos choix, nos réflexions et nos habitudes. En fonction de nos fréquentations, nous pouvons nous retrouver à la poursuite de ce qu’il y a de mieux ou de ce qu’il y a de pire, mais jusqu'à présent DIEU nous protège et nous protègera encore.🥒❤️ Je vous souhaite une heureuse année 2021🥰🍹
Les bontés de L'ÉTERNEL ne sont pas épuisés ses compassions ne sont pas a leurs termes, chaque matin elles se renouvellent. Santé🍁🌼 Longévité🥒🧉 Sécurité☘️🌿 Protection🥗🌭. Heureuse année dans le SEIGNEUR.
CAPRICE Wedjine

30/11/2020

An nou li ansanm
KISA KI H PILORI ? LÈ DR A DIW H PILORI OU POZITIF KISA LI VLE DI W ?


H PILORI (Helicobacter pylori) se yon bakteri ( mikwòb) ki devlope nan lestomak ou. Adedan lestomak la li menm li asid bakteri sa alèz ladan. Bakteri sa bay yon enfeksyon kronik() nan lestomak la li ka menm rive bay kansè nan pati sa si li pa trete.

Li touche anpil moun nan mond la, li konn komanse pandan ou piti epi li konn pèsiste si ou pa chèche chimen doktè pou li trete oubyen si ou pa pran medikaman yo byen ak dyèt ki mache ak trètman.

Lè mikwòb sa nan lestomak la li fè li anfle yo rele sa (Gastrite). Li vin ba ou siy sa yo :
*Doulè nan pati lestomak la (ki se anba tete gòch ou oubyen anba espas fant tete yo),
*Noze
*Vomisman
*Dlo si kap monte nan gòj

Ou ka genyen mikwòb sa lè ou pase anpil anpil tan grangou, lè ou manje fwi ak legim ki pa byen lave, manje pa byen kwit yo. Oubyen nan twalet yon moun ki genyen l.

Si ou wè ou gen siy sa yo ki di la ale lopital yap fè tes h pilori a pou ou si li pozitif yap ba ou trètman pou sa.

Lè wap pran trètman ke Dr preskri ou a ou pa sipoze pran gazez yo, ni ji ki gen asid yo se sa ki pa gen asid egzanp( ji melon) pou ou pran. Ou pa sipoze manje gwo epis tou, ni piman ak manje ki gen twòp asid.

*Wedjine Capriccini Dr Caprice*

Sources : Harrison et helicobacter Canada info
CP: News médical

An nou li ansanmPWOBLÈM BANN: KISA KI KA LAKÒZ YON GASON PÈDI BANN?Gen anpil gason kap afwonte pwoblèm bann sa, genyen k...
26/07/2020

An nou li ansanm
PWOBLÈM BANN: KISA KI KA LAKÒZ YON GASON PÈDI BANN?

Gen anpil gason kap afwonte pwoblèm bann sa, genyen ki bay tèt yo anpil pwoblèm paske yo paka satisfè madanm yo. Gen sa tou ki pa ret gade sa konsa yo pran anpil bagay pou yo ka jere koze sa.

Ki sa ereksyon an ye ?
Se lè peni ou gigit la byen kanpe,nou rele sa bande, jis poul ka pèmèt relasyon seksyèl la posib avèk yon bon penetrasyon.

Pou gason an rive bande gen anpil aksyon ki fèt nan kò l. Tout bagay komanse nan sèvo a pandan estimilasyon seksyèl la li voye signal bay nè ki nan peni an atravè mwal epinyè.

Si yon gason gen problèm s*kolojik oubyen fizik sa ap aji sou bann li. Gen anpil maladi ki kapab koz ou pa ka bay randman.

1)si gason an gen problèm kè
2)sil fè s*k
3)sil fè tansyon
4)yon moun ki droge
5)yon moun ki strese
Nòmalman fòk mental la anfòm pou pi pèfòman.
Gen gason se fatig ki koz li paka remèt anyen. Fason gason an manje tou ka koz sa.

Siw ta wèw pa ka bande, oubyen avanw kòmanse ou gentan vini nap konseyew ale lopital pou konnen ki koz paw la ou menm.

Fason gason an manje, bwason ke yo konsome aji sou bann yo.

Evite pran bagay ki pou fè nou bande lèn gen prob sa paske yo gen efè segondè.

Nou menm medam si mariw gen problèm sa pa plede blazel, lap santil pi mal ba li kèk konsèy akonpanyel lopital pou n ka jere pwoblèm bann sa.

*Ann pale santé*

An nou li ansanmLÈ YON FANM PÈDI YON GWOSÈS ( FÒS KOUCH ) KIJAN SA YE? KISA KI KONN LAKÒZ?Yon fos kouch se yon gwosès ki...
23/07/2020

An nou li ansanm
LÈ YON FANM PÈDI YON GWOSÈS ( FÒS KOUCH ) KIJAN SA YE? KISA KI KONN LAKÒZ?

Yon fos kouch se yon gwosès ki fini pou kont li san timoun nan pa fin devlope. Se yon mwayen kò a konn jwenn pou li rete bout nan yon gwosès, lè ti bebe a ki pako fin devlope gen yon bagay ki anpeche l grandi nòmalman.

Pifò fòs kouch yo fèt nan 3 premye mwa gwòses yo. Apre yon fos kouch yon fanm ka ansent anko.

Sa ki konn lakòz fòs kouch:
-Yon enfeksyon li te pran nan fè bagay
-Matris la konn pako prè pou sa
-Matris la konn pa byen fòme pou resevwa ti bb
-Yon defisi nan òmon yo
-Maladi jenetik
-Gwoup sangen 2 patenè yo ( sa enpòtan)

Siy fòs kouch se doulè ak san. San kap koule a konn kòmanse menm jan ak règ yo apresa san an vin pi plis epi doulè a vin pi rèd.

Si san an kontinye koule, si doulè a dire plis ,si san an vin plis pase san règ, si fanm nan gen lafyèv épi si vajen an ap bay ti dlo sa konn rive se rès kò ki rete andan moun nan (sa rele fòs kouch enkonplè) sa ka lakòz gwo emoraji oubyen gwo enfeksyon oubyen menm lanmò.

Ou ta sipoze ale nan yon lopital pou ou wè doktè ( jinekològ) oubyen yon yon bon pèsonel sante ( sa depan de zòn ou ye a) pou li fè swivi pou ou.

Si yon fanm santi gwo doulè san rete anba ti vant li, li ka byen gen yon gwosès ki pa nan matris li ( se yon pwoblèm ki gen anpil danje) pa neglije ale lopital.

Apre yon fos kouch yon fanm sipoze pran repo evite fè gwo travay evite leve bagay ki lou.
Pa pran dlo cho se yon danje.

Si ou ta fè bagay gen pozisyon ou pa ka pran pou yon ti tan. Pa kite ou tris apre yon fos kouch.Ou ka toujou ansent apre yon fos kouch.

*Wedjine Capriccini Dr Caprice*

20/07/2020
An nou li ansanmKISA GAL LA YE? KOMAN OU KA TRAPE LI? SI OU GENYEN L SOU PO OU KISA POU FÈ ( PRINSIP IJYÈN). Pataje pou ...
19/07/2020

An nou li ansanm
KISA GAL LA YE? KOMAN OU KA TRAPE LI? SI OU GENYEN L SOU PO OU KISA POU FÈ ( PRINSIP IJYÈN).

Pataje pou plis moun ka enfòme.

GAL se yon enfeksyon nan po ki trapan ke se yon parazit ki rele (Sarcoptes Scabiei hominis) ki bay li. Parazit sa ka viv 3-4 jou san li pa nan po kò ou, nan dra sèvyet sou kabann kote wap sèvi.

Lè li antre nan kò a li fè yon ti tou pou li mete ze li yo epi lap avanse chak jou.

Gen plizyè fòm gal:
-Gal klas*k
-Gal nourison
-Gal granmoun
-Gal moun ki iminodeprime yo

Ou kapab pran li :
-Pa kontak moun ak moun
-Lè wap fè bagay ak yon moun ki genyen l
-Si ou kouche sou dra ou byen ou sèvi avèk sèvyet yon moun ki genyen l.
-Si ou kite fant dwèt ou nan fant dwèt Yon moun pandan lontan ki genyen l.
-Si ou mete rad ak moun ki genyen l.

Lè ou gen gal wap grate anpil anpil epitou wap grate plis lannwit ak lè li fè pi cho epi lap vin kite tach sou po kò ou.

Pati nan kò a ki plis pran se:
-Men , pye, fant dwèt, koud, lombrit, zesèl, do pati fanm (gason) ou, tete.
-Pou gal granmoun yo li konn nan do ak nan po tèt tou.
-Pou gal moun iminodeprime yo menm li ka nan tout kò yo.

Lè ou santi gratèl sa yo ale kay doktè yap ba ou trètman pou yo kapab edew.
Pandan wap fè trètman toujou sonje chanje dra, sèvyet wap sèvi souvan, mete yo pran gro solèy pa sèvi ak bagay ki sal, toujou fè pwopte kote wap sèvi.

*Wedjine Capriccini Dr Caprice*

Sources : Dermatologie ouvrage

Adresse

Port Au Prince
Croix Des Bouquets

Téléphone

+50938359223

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Capriccini publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Capriccini:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram