09/01/2023
MALADI TANSYON WO SE PREMYE KOZ LANMÒ KAY AYISYEN.
(Tansyon on moun kòmanse wo lè li rive nan
140/90 e plis e se on medsen ki pou kontwole l plizyè fwa pandan pasyan an poze ki ka di si moun nan fè tansyon wo).
Pandan anpil moun ap veye kowona ak kolera, plis pase mwatye moun ki te gen on pwoblèm ki sòti nan tansyon wo.
Youn nan koz wo lakay nou, se abitid nou pou nou konsome anpil sèl;
OPS-OMS konseye moun konsome ant 3 a 4 gram sèl pa jou, men nou konsome anviwon 30 gram chak jou.
lavi kotidyen, , ak difikilte pou n planifye demen nou ogmante chif tansyon anpil nan nou.
Anpil lòt abitid, tankou chita on sèl kote tout tan, manje anpil grès ki soti nan bèt, lafimen ka fè tansyon an monte wo tou.
Nan majorite ka yo (plis pase 90%), yo pa rive idantifye koz tansyon an.
🚩LI BAY GWO KONPLIKASYON..
🔘- LI DILATE KÈ A JISKASKE L PA GEN FÒS POU L PONPE SAN NAN KÒ A ANKÒ.
Lè kè a kòmanse pran kou,
🔷️Moun nan kòmanse pi souvan, pou efò ki pat konn fè l bouke, kè a vin ap bat pi fò jiskaske rive on lè menm pale moun nan pale souf li anlè.
🔷️Moun nan kòmanse pa ka dòmi a tèt li ba, li mete rad anba zorye li, apre sa li mete plizyè zorye, jis li vin santi se tou chita pou l ta dòmi malgre l sou kabann.
🔷️ Toulède pye yo kòmanse anfle ansanm tou piti, lèw peze dwèt ou sou kote ki anfle yo, mak dwet la rete pandan on ti tan apre w fin retirel.
Jiskaske tout anba moun nan anfle, vant li vin anfle tou epi tout kò li.
🔘- LI GATE PASWA KI NAN REN YO KI AP PRAN FATRA TOKS*K NAN SAN AN POU JETE NAN P**I.
(ren pa anch. yo se de ògàn ki nan dow, ki gen fòm grenn pwa, ki preske menm wotè e menm lajè ak menw. Yo preske anba dènye zo kòt yo).
🔷️ Lè fatra sa yo rete nan san an, yo ka bloke kè a, fè a mal fonksyone, bay divès kalite pwoblèm po.
🔷️ Rive on lè moun sa yo kòmanse wè figi yo ap anfle, yo toumante, kò yo ap grate yo, yo anvi vomi, yo preske pa p**i, e p**i yo fè anpil kim.
Anpil fwa moun sa montre sign sa yo paske majorite ren an gentan gate.
Se nan on aparèy kap fè travay ren an pou li pou san moun sa a pase netwaye tanzantan pou li rete vivan.
Se sa yo rele dyaliz la.
(Dapre Lopital inivèsitè Mibalè a, majorite moun ki gen ensifizans renal tèminal ki nan dyaliz yo se tansyon wo ki fè yo sa).
🔘- LI FÈ ANPIL FI FÈ ;
Se tankou on kout loray ak tout zeklè fi a santi nan sèvo li. san n pa rantre nan detay, eklanmsi a souvan koz e manman e pitit pa soti vivan nan akouchman.
🔷️ Tansyon yo konn monte depi avan yo akouche, pye yo anfle, e p**i yo vin gen on kantite pwoteyin ke on medsen ka konfime ak on ti tès.
.li fè moun avèg nan anpeche kouch sansib a limyè nan je a jwenn san paske li gate ti veso ki pote san nan yo a...
🔘- LI KA LAKOZ AKSIDAN NAN VESO KI POTE SAN NAN SÈVO YO ( )
Lè konsa san bloke nan wout e li pa rive kèk kote nan sèvo a. Sa ka gate pati ki pa jwenn san an nan on ti kras tan e bay moun nan on domaj ki mal pou geri si li viv paske selil sèvo yo sansib anpil anpil a oksijèn ak s*k san an toujou pote pou yo san rete.
Li ka fè san gaye nan sèvo a tou.
Se sa yo rele stwok la, ki mete lavi moun nan an danje seryezman.
Nan tou 2 ka sa yo, pati ki domaje nan sèvo a pa ka voye lòd bay kote li te responsab la ankò. Kote li te reponsab la vin lage tankou li mouri, paske li pa resevwa lòd ankò.
On bò bouch la ka pòk, on grenn je ka mal pou louvri, lang nan ka vin lou, on bra oubyen on pye ka ...
************
************
🚩🚩🚩Annatandan enstans konsène yo konsidere maladi sa kòm on pwoblèm ki ijan pou abòde, nou dwe konnen gen plizyè bagay ki ka edew evite tonbe nan konplikasyon fatal sa yo.
⭐ Anpil nan nou pa kwè wè on medsen chak ane, menm si n pa santi anyen, gen menm enpòtans ak lwe kay chak ane.
Menm siw pa santi w malad, wè on medsen chak ane.
⭐ Siw konnen tansyon w konn wo, wè on medsen pou l di w si on ak sifi pou trete tansyon an
oubyen si se medikaman wap bezwen pran.
⭐ Si w deja sou tretman, pran medikaman w chak jou paske lè tansyon w monte ou pap toujou santi sa e lap trennen w nan sa nou sot wè yo an silans.
Pran w menm jan w manje chak jou. Si medikaman yo pa fèw byen, menm si w pa gen kòb, tounen wè medsen an oubyen jwenn on jan pou di l sa vit pou l baw lòt medikaman.
⭐ Pa kite medikaman w fini.
⭐ Si w wè sign e santi pwoblèm kè yo wè on medsen. Tretman yo ap pèmèt kè a reprann fòm li e travay byen ankò si w pa fè sa twò ta.
⭐ Siw wè sign e santi sentom pwoblèm ren yo, sutou si w fè tansyon wo, kouri wè on medsen pou jere ka a pi byen posib, paske ren yo pa rekipere ak menm fasilite ak kè a, pati ki gate yo gate nèt.
Se sak fè lèw fè tansyon wo, ou ka wè doktè w baw fè on egzamen ki rele bilan renal plizyè fwa. E se nòmal pou li mande w refè egzamen sa a chak fwa l panse sa nesesè paske siveyans ren yo plis ke enpòtan kay moun ki fè tansyon.
⭐ Ankouraje pwòch nou ak yo toujou pran tretman yo, paske li pa fasil pou on moun fè plizyè ane ap pran medikaman chak jou.
⭐ Tretman yo rele natirèl yo se bon medikaman. Men li pa fasil pou konn ki valè medikaman ki nan on enfizyon wap bwè. Medikaman yo pa byen doze, sa ki fè yo ka baw lòt maladi lè wap pran yo pandan anpil tan.
⭐ Toujou kontwole tansyon w lakay ou epi ekri chif tansyon an yo nan on kaye. make dat la tou, epi make ki medikaman wap pran, si w pat pran medikaman nan jou oubyen medikaman w fini make l tou.
Lèw pral wè nenpòt doktè mache avèk kaye a, medsen an ap kontan paske w ede l pou l edew pi byen.
**************
**************
Lè nap kontwole tansyon nou, si nou sot mache, fè on 10 minit poze avan.
Evite manje ki gen gou sèl la menm ladan.
Fè on egzèsis fizik 3 fwa omwen nan on semèn pandan on 30 minit pou pi piti.
Evite manje ki gen anpil grès bèt;
Prefere pwatrin poul, kuis yo tou ak pwason kòm vyann, yo pa gen anpil grès.
Evite lafimen sigarèt.
Chèche abitye tèt nou ak on jwèt fizik oubyen ki jwe ak lespri pou diminye .
Pa ezite kraze relasyon ki strese w siw fè tansyon wo.
Pa pran angajman ou paka onore; Aprann di non lèw pa sur ke w kapab, lèw pa alèz, lè sa pa fèw byen.
Sous:
́rielle