10/12/2024
📌Micanor Altes, ke yo konnen sou non Monel Félix alyas « Wa Mikanò », fè touye pèsonaj sa yo, aprè konsèy yon ougan nan zòn nan. Daprè divès òganizasyon dwa moun an Ayiti, e menm Wo komisarya pou dwa moun Nasyonzini rapòte, aksyon sa pase ant vandredi 6, a samdi 7 desanm 2024 la. Jiska maten lendi a, poko gen chif egzat sou kantite moun gang yo asasinen yo. Si RNDDH pale de 110 moun, ki gen plis pase 60 lane ki masakre, Chèf dwa moun nan Nasyonzini an, Volker Türk, deklare nan vil Génève, maten an, ke yo okouran genyen pou piti 184 moun bandi yo egzekite. Selon Pierre Esperance, responsab Rezo Nasyonal kap Defann Dwa Moun yo, Mikanò komèt zak sa a, aprè ougan an fin akize granmoun nan zòn nan, kòmkwa yo ta manje pitit gason Chèf gang Waf Jeremie an. Selon enfòmasyon yo, gang yo touye pou piti 60 granmoun vandredi, epi nan demen samdi, yo touye pou piti 50 ankò, avèk manchèt | Miami Herald RFI RFI