Escuphar Complexe Médical

Escuphar Complexe Médical Priyorite nou se Sante ou.

🚨🚨🚨 Kansè ki devlope nan Kòl Matris an rapò dirèk ak yon Viris ki rele HPV. Tout Fanm ki nan déjà nan relasyon Seksyèl a...
27/11/2025

🚨🚨🚨 Kansè ki devlope nan Kòl Matris an rapò dirèk ak yon Viris ki rele HPV. Tout Fanm ki nan déjà nan relasyon Seksyèl an kontak ak Viris sa a.

Pap Tès la kapab gentan dekouvri Chanjman ke Viris sa a fè nan Kòl Matris la avan li rive devlope kansè depi 5 a 10 an anvan. Yo rele Chanjman sa yo (Lésions Pré Cancéreuses). Gen Lésions bas grade e Lésions haut grade.

Avan 25 Lane, nou remake Kòl matris la gen posiblite pou l repare tèt li de Chanjman Viris sa a kapab fè yo.

Se pou sa, tout Fanm ki gen plis pase 25 Lane ki déjà nan fè Bagay dwe kòmanse fè Pap Tès.

🚨 Gen yon ESPESYAL nan ESCUPHAR Complexe Médical pou tout rès mwa Novanm 2025 la. Si w gen Dosye nan Complexe la, w ap peye 2000 goud pou fè li. Si w poko gen Dosye, w ap peye 2500 pou Pap Tès la epi n ap fè Dosye pou ou.

Nan batay kont Kansè nan Kòl Matris, se Mèt Kòl ki Veye Kòl.

Nou kapab fè egzamen « COLPOSCOPIE » nan Escuphar Complexe Médical. Egzamen sa a se pou verifye si gen zone ki malad nan...
24/06/2025

Nou kapab fè egzamen « COLPOSCOPIE » nan Escuphar Complexe Médical. Egzamen sa a se pou verifye si gen zone ki malad nan COL Matris la epi detèmine nan ki pati maladi a ye. ESCUPHAR vle pote pi bon Kalite swen Sante pou Population an chak jou. Pou tout Pwoblèm Gynécologique, Kontakte nou nan: 👇🏿

📞 3411 - 9664
41 15 2335

10/06/2025

Demen Mercredi 18 Juin an nan Grand-Goave. Escuphar Complexe Médical

Priyorite nou se Sante ou.

29/05/2025

Vandredi 6/06/25 Pou moun ki gen Sinizit, Gwo kou, Maladi nan Zorèy 👂🏿, Nen 👃🏽 ak Gòj, Ti Moun ki wonfle anpil.
Rele nan nimewo yo pou pran Randevou. 34152335

Priyorite nou se Sante ou.

Ateroskleroz la se lè gen yon materyèl ki fòme ak Grès, S*k, lòt pwodui ankò anndan Tiyo ki distribiye san nan kò a. Mat...
13/04/2025

Ateroskleroz la se lè gen yon materyèl ki fòme ak Grès, S*k, lòt pwodui ankò anndan Tiyo ki distribiye san nan kò a. Materyèl sa a kapab diminye kantite san k ap pase nan tiyo san yo jiska bouche yo konplètman. Lè se tiyo ki pote san nan Kè a ki gen ateroskleroz, sa ka bay moun nan kriz Kadyak.

Moun ki fè maladi S*k, Tansyon Wo, Moun ki fimen Sigarèt e Moun ki gen Nivo Kolesteròl yo ki wo nan san yo pi fasil genyen ateroskleroz la.

Pa manje anpil S*k, Sèl ak Grès, Evite Tabak ak Alkòl.
Manje Plis Fwi ak Legim, Fè Egzèsis Fizik pou nou rete an sante.

Sante nou, se Avni nou e se Priyorite Escuphar Complexe Médical.

Escuphar Complexe Médical

Escuphar Complexe Médical à un nouveau Directeur Médical.Dr Roben E. DEMASDrDemas Gynécologue
03/03/2025

Escuphar Complexe Médical à un nouveau Directeur Médical.

Dr Roben E. DEMAS
DrDemas Gynécologue

Menm Adrès,  Meyè Posiblite Sèvis nan Pédiatrie, Gynécologie, Urologie ak Konsiltation Jeneral. 842, Rue Boisrond TONNER...
13/02/2025

Menm Adrès, Meyè Posiblite Sèvis nan Pédiatrie, Gynécologie, Urologie ak Konsiltation Jeneral. 842, Rue Boisrond TONNERRE, Grand-Goâve, Haïti (Bò Kalvè a, Nan Klinik Dr DEMAS a).
Kontak 3411-9664, 41 15 2335.

En cours de Finalisation. Byento Escuphar Complexe Médical ap ofri Hospitalisation pou Ti Moun yo. Konsiltasyon Pedyatri...
11/02/2025

En cours de Finalisation. Byento Escuphar Complexe Médical ap ofri Hospitalisation pou Ti Moun yo. Konsiltasyon Pedyatrik yo ap kontinye Chak Jou. Appel 📞 3441-9664, WhatsApp: 41 15 2335.
Priyorite Nou, Se Sante w.

Erlandy Roben Démas
Dr Roben E. DEMAS
DrDemas Gynécologue

Pandan n ap fè tout PREKOSYON pou nou pa Trape ak Transmèt Viris VIH la, Escuphar Complexe Médical vle nou sonje ke Moun...
01/12/2024

Pandan n ap fè tout PREKOSYON pou nou pa Trape ak Transmèt Viris VIH la, Escuphar Complexe Médical vle nou sonje ke Moun ki gen Viris VIH la nan san li pa p janm gen SIDA si li toujou pran Medikaman li epi li pa p ka transmèt Viris VIH la bay lòt moun lè Viris la vin ENDETEKTAB nan san li pandan l ap pran Medikaman. N ap konbat VIH / SIDA san DISKRIMINASYON.

Escuphar remèsye Groupe Réflexion et Debat paske li pèmèt ke Kontribisyon Lajan  Antrepriz la patisipe nan reyalize yon ...
07/11/2024

Escuphar remèsye Groupe Réflexion et Debat paske li pèmèt ke Kontribisyon Lajan Antrepriz la patisipe nan reyalize yon kokenn chenn aktivite Deba sou Enpòtans pou nou chwazi ki lang ant Fransè oubyen Kreyòl nap priyorize nan Sistèn Enstriksyon Ayisyen an.

Escuphar Complexe Médical kontan Sipòte Finansyèman inisyativ sa a. Bravo!
26/10/2024

Escuphar Complexe Médical kontan Sipòte Finansyèman inisyativ sa a. Bravo!

Vandredi 20 Juin 2025 Urologue ap prezan Grand-Goave, nan Escuphar Complexe Médical41152335  / 34119664 appel.41152335 w...
18/10/2024

Vandredi 20 Juin 2025 Urologue ap prezan Grand-Goave, nan Escuphar Complexe Médical

41152335 / 34119664 appel.

41152335 whatsapp.

Adresse

Miragoâne

Téléphone

+50934119664

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Escuphar Complexe Médical publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Escuphar Complexe Médical:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type