25/10/2025
(Lanmou ak timoun la ri yo se menm )
Gen yon remak mwen fè lèm finn gade imaj Jcom yo epim di tèt mwen poukisam pa fè moun yo remake sa tou
Oubyen gen moun kite konn fè remak lan men ki pat konn pale de sa
N'ap pale de timoun lari jeremi yo paskem travay avèk yo plis ke lòt zòn yo
Si yon Atis vil lan vil la premye moun k'ap mobilize pou moun konen se Timoun yo
Si yon otorite antre lan vil la moun k'ap fèl avan lan vil la se youn lan timoun sa yo
Siw gen yon aktivitew ap fè si gen yon timoun Nap wè avan se yo menm
Menm kew pata vle yo antre men yap itil ou kanmèm aprè aktivitew ap fè a oubyn pandan
Pa gen okenn mouvman ki ap fèt lan vil jeremi pou timoun yo pa lan tèt mouvman
Men eskew konen lan tèt mouvman yo ye a gen anpil rezon ki koz yo ladanl
Genyen ki konn lan mouvman pandan tout yon jounen ki tou boule jounen pal paskel vle sa chanje pou li demen ,
Mwen pap site nom chak sa ki parèt lan imaj la paske nou pap fasil ka idantifye yo nou menm men yon moun ki konenm byen ap konen tout non yo nèt preske lan tèt mwen si pa gen nouvo kem poko kontre
Timoun ki lan la ri yo konn anvi peyi a chanje
Yo konn anvi al lekòl yo konn
Pa alèz lan mande a tou
Konsa tou gen youn mwen konen kite dim lap mouri lan mande paskel pa pral lekòl li pap fè lot bagy ke mande menm te pale avèl fè lot moun pale avèl mwen panse ide sa vinn chanje
Poukisa mwen mete foto Cadafy lan tèks sa
Lan lane pase yo HFTUH t'ap fè yon aktivite pou timoun ki lan la ri jeremi yo
Cadafy PDG Découvrir la Grand'Anse lan te bay ésponsò lan aktivite sa
Avan menm aktivite ya te fini mwen te fèl salye timoun yo et fè timoun yo remesyel tou pou bèl bourad sa li te bay aktivite a ,
Mwen t'ap swiv (Live) lan sou paj JCOM lan kote timoun sa yo ap mande Libere Cadafy travèse moun nou pa janm panse poul manifèste
Poukisam ekri tout sa yo la
Se poum di nenpòt moun li ye anh pa fè timoun yo mal kòm kwa yo se ti vòlè oubyn yo se timoun sal paskew pa janm konen kilè la vi ka chanje bò pou li
Siw paka ede yo pale ak yo konsa yap konprann ak prinsip yo ka sove vi yo malgre yo lan la ri a jodiya
pou moun ki fè byen ak yo HFTUH
Cadafy @à la une
CP JcomHaiti/ chender swoh