10/07/2023
https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=758461336279113&id=100063457600131
OCMC KONTINYE AP SOVE LAVI POPILASYON AN NAN REJYON AN.
***************************************
Edensky Clerveau se non yon tigason 2 lane ekip OCMC a sove lavil aprè li te fin blese nan yon objè nan vant jis trip li te soti deyò, tilèzanj lan te sibi yon operasyon an ijans nan lanmwit Dimanch 2 Jiyè pou louvri Lendi 3 Jiyè 2023 pase a.
OUANAMINTHE INFO PLUS
09-07-2023,
Daprè direktè administratif Ouanaminthe Comminity Médical Center a Dr Lesly MANIGAT, fanmiy Edensky Clerveau pat wè lavi pou li men gras ak entelijans epi eksperyans ekip chiriji a yo arive sove lavi tigason 2 lane sa ki sibi yon operasyon an ijans, pou kounye a sante l estab pandanl sou sivèyans medsen yo nan OCMC.
Dr Manigat eksplike kijan yon operasyon konsa frajil anpil sitou se Edensky Clerveau se yon timoun li ye, se pou sa li felisite ekip chirijyen an epi remèsye popilasyon an pou konfyans yo fè ekip OCMC.
Poze medsen jeneralis la kesyon, eske aprè operasyon an sa pap fè okenn enpak negatif sou sante tilèzanj la ? Nimewo 1 OCMC a reponn : "Non li pap fè okenn enpak negatif sou santel menm lè li vin granmoun paske chirijyen yo te mete tout trip la deyò pou yo gade eske li pat pete, men gras Bondye nan syèl la li pa pete e li pa menm flaye".
Konsènan ouvriye CODEVI kite pran kout bonbòn gaz nan vizaj la nan jou pase yo, Dr Lesly MANIGAT fè konnen aprè tout entèvansyon ekip OCMC a te fin fè sou pasyan sa yo te transferel an ijans nan yon lopital nan Kapital la poul te ale fin pran swen paske sèvo ouvriye a te afekte.
Nap fè remake se pa premye operasyon konsa ekip OCMC a fè nan kominote a e avan klinik prive a te prezan nan zòn lan se Dajabón ou byen Milo yo te konn ap kouri ak pasyan yo, men gras ak ekip OCMC bagay sa fini.