07/11/2025
Konprann kisa ki yon SWEN PÈSONALIZE
Yo rele l tou MEDSIN PRESIZYON
Nou toujou tande Taï Clinique ap di li bay SWEN PÈSONALIZE, e moun ki branche diskou sou sante a lechèl entènasyonal tande sa anpil tou.
KISA KI YON SWEN PÈSONALIZE ?
Swen pèsonalize yo diferan de swen inivèsèl yo. Lè nou di swen inivèsèl yo kapab konvansyonèl ou tradisyonèl...
Eg swen inivèsèl: Laboratwa famasetik pwodwi yon medikaman pou grip, depi yon moun genyen grip yo ba li l.
Tèl plant bon pou grip, depi yon moun genyen grip li pran l.
Depi yon bagay pa kapab verifye sou yon gwo kantite moun, li pa sèvi nan swen inivèsèl. Lontan yo te konn menm di li pa syantifik, anvan apwòch pèsonalize an te vin mete tout bagay oklè.
SWEN PÈSONALIZE an limenm, anvan pwofesyonèl lan ba ou yon medikaman, yon remèd, yon manje, yon masaj ou nenpòt ki lòt swen an, li dwe asire l swen sa bon pou òganism pasyan an pèsonèlman.
Pou sa rive fèt, genyen materyèl dyagnyostik yo ki diferan de pa swen inivèsèl yo, e genyen materyèl de swivi adapte a swen pèsonalize.
PI GWO ENPÒTANS SWEN PÈSONALIZE
1- PREDIKSYON AK PI BON PREVANSYON
Nan swen pèsonalize, ou konnen ki maladi ou pral genyen nan kèk ane ankò byen bonè, sa pèmèt ou gentan fè bonjan prevansyon pou w repouse maladi sa yo.
2-TRÈTMAN PÈSONALIZE
Chak pasyan benefisye de trètman ki ap bon pou òganism pa l pèsonèlman sa vin fè swen an trè efikas.
ESKE PA GENYEN KONTRENT?
Swen pèsonalize yo parèt pi chè ke swen inivèsèl yo
Egz: Yon medikaman kapab miltipliye plizyè milyon fwa pou bay tout popilasyon mondyal lan, lè sa li kapab vann pi bon mache.
Poutan nan swen pèsonalize, sa pa kapab fèt, medikaman yo dwe inik lè sa medikaman sa vin parèt trè chè, menmsi se klinik ki genyen laboratwa natirèl yo ki plis kapab jere medikaman inik nan sans sa.
Kòm branch konvansyonèl lan fèk ap antre nan swen pèsonalize, e yo dwe kolabore avèk laboratwa famesetik yo, yomenm olye yo prepare yon medikaman pèsonèlman pou pasyan an, yo plis analize jèn pasyan an avan yo ba l yon medikaman. Men genyen ka, y ap oblije fè yon medikaman pèsonalize, menmsi sa ap koute pasyan an anpil lajan.
Kanta pou vaksen yo, yo oblije fè l vrèman sou mezi pou yon grenn pasyan an. E se sa ki vrèman swen pèsonalize. 2 moun pa kapab genyen menm medikaman.
Sa ki vin fè se poko tout moun ki gen mwayen ekonomik pou pran swen pèsonalize.
Taï Clinique
#35, Rue Borno Pétion-ville
WhatsApp 3718 1033