01/12/2025
Jodi a se 1e desanm, jounen mondyal lit kont SIDA.
Eske ou konnen ?
Moun ki ap viv ak viris SIDA (VIH) nan san yo gen plis risk pou devlope kansè pase moun ki pa genyen VIH. Pa egzanp, fanm ki sewopozitif gen omwen 6 fwa plis risk pou devlope kanse kòl matris pase sa ki pa enfekte yo.
Anplis, kansè kay moun ki ap viv ak VIH (MVVIH) yo evolye pi vit e pi difisil pou trete.
Kansè yo plis jwenn kay MVVIH yo an Ayiti se kansè kòl matris, kansè tete, kansè tèt ak kou ak lenfom (kansè nan glann). Men yo ka devlope nenpòt ki kansè.
Si ou ap viv ak VIH nan san ou, fòk ou al konsilte doktè pou mande fè depistaj kansè pou ou.
Si ou gen kansè, fòk ou pa neglije :
- Pran medikaman pou VIH la (ARV yo) chak jou ;
- Swiv tretman pou kansè ou kòmsadwa nan yon sant ou lopital ki espesyalize nan sa.
Fòk leta ayisyen ajoute depitaj kansè nan swen li ap ofri moun ki ap viv ak VIH nan san yo.
Annou depiste kansè bonè pou moun ki ap viv ak viris SIDA nan san yo !
Ministère de la Santé Publique et de la Population GSCC C3G Centre de Traitement du Cancer et de Chirurgie Générale Haiti Health Ministries Hope for Haiti Télé Caramel OPS/OMS Haïti Hôpital Saint François de Sales Hôpital de Turgeau Health Equity International GIPA Network Haiti UNAIDS