02/11/2025
🩸 Avòtman Espòntane ak Repete : Kisa ki lakòz sa?
Avòtman espòntane repete se lè yon fanm pèdi de oswa plis gwosès youn apre lòt. Sa se yon sitiyasyon ki mande anpil atansyon medikal, paske gen plizyè koz ki ka eksplike li.
⚕️ Kòz prensipal yo
1. Pwoblèm nan matris tankou fibrom .polip oubyen lot malfomasyon konjenital tankou interis klwazone oswa nan kòl matris la tankou enkonpetans nan kol matris sa vledi li ouvé li paka kenbe timoun lan lel rive sou 3 mwa ou
2. Pwoblèm jenetik
Anomali nan kwomozòm ni nan manman ni nan papa ka afekte devlopman tibebe a.
3. Maladi kwonik
Dyabèt, maladi tiwoyid, tansyon wo, maladi ren, oswa lupus.
4. Pwoblèm nan san (trombofili oswa sendwòm antiphospholipid)
Lè san an fè twòp kayo , li ka bloke s*kilasyon nan plasenta a epi lakoz foskouch repete.
5. Faktè feto-placentè
Pwoblèm nan plasenta oswa nan devlopman tibebe a (anomali jenetik oswa anatomik).
6. Kòz paternal (lòtbò papa)
Move kalite espèm oswa laj papa ki plis pase 35 an ka ogmante risk la.
🧪 Tès ak egzamen pou chèche koz la
Echografi oswa hysterosalpingografi pou gade matris la.
Tès san: TSH, s*k, antikò antiphospholipid.
Tès jenetik (karyotip) pou manman ak papa.
💕 Bon nouvèl la
Menm lè yo pa jwenn koz la, plis pase 60% fanm rive fè yon bèl gwosès apre swen ak bon siveyans medikal.
Avòtman repete pa vle di ou pap ka vin manman. Gen espwa si ou jwenn bon swen ak bon sipò.
🔹 Perpetuel Complexe Médical de Silo – Nou la pou ede w konprann kò w, pwoteje gwosès ou, epi kenbe espwa w vivan. 💫