Swen Mobil Ajans Sante

  • Home
  • Swen Mobil Ajans Sante

Swen Mobil Ajans Sante Swen Mobil se yon antrepriz sosyal ki chaje profesyonèl lasante ki vle ofri w swen medikal a domisil.

04/07/2024

Anpil moun konfonn èni nan sak grenn "hernie inguino-scrotale" ak maklouklou "hydrocèle". Jodi a nou pral wè diferans yo ansanm.

Yo pale de èni se lè yon ògan oubyen yon pati ladann kite espas nòmal li pou l al mete kò l yon lòt kote. Gen plizyè kalte èni tankou èni bò lèn, nan lonbrik, èni diskal elt....

Nan ka èni nan sak grenn se lè yon pati nan trip la kite vant nou e pi l desann nan sak grenn nan. Li fè bò lèn nan ak sak grenn nan gwo sitou lè moun nan touse oubyen li leve yon bagay lou.

Pou maklouklou a nou te wè sa l ye deja se lè gen yon kantite likid ki akimile nan pòch ki pote boul grenn nan.

Konn gen ka konplike nan èni yo. N ap wè sa nan yon lòt pòs. Sa konn mande pou kouri ak moun nan an ijans.

Èni ak maklouklou "Hydrocèle" pa menm. Tretman pou yo se operasyon men teknik pou opere yo pa menm.

Si w gen bò lèn ou pou rive nan sak grenn ou ki gwo ou sipoze wè yon iwològ pou evalyasyon ak swivi.

JSO
04/07/24

20/04/2024
Lasante se richès. An n pwoteje l 🙏🏿
03/08/2023

Lasante se richès. An n pwoteje l 🙏🏿

Al profite pandan spesyal vakans lan pou w sikonsi nan  🤩
02/08/2023

Al profite pandan spesyal vakans lan pou w sikonsi nan 🤩

Sezon chalè ⛔️⚠️Nou nan peryòd kote li fè cho anpil, pou sa, nou dwe rete veyatif paske lè tanperati a wo konsa li afekt...
31/07/2023

Sezon chalè ⛔️⚠️
Nou nan peryòd kote li fè cho anpil, pou sa, nou dwe rete veyatif paske lè tanperati a wo konsa li afekte kò a tou.

Men kèk ti konsèy senp ou ka swiv pou pwoteje tèt ou👆🏿

Prekosyon pa kapon!!!

💊Antibyotik—Prekosyon ⚠️Yon antibyotik se yon kategori medikaman ki la pou touye bakteri osinon anpeche yo miltipliye. Y...
19/07/2023

💊Antibyotik—Prekosyon ⚠️

Yon antibyotik se yon kategori medikaman ki la pou touye bakteri osinon anpeche yo miltipliye. Yon antibyotik pa yon medikaman ou ka pran nenpòt kijan. Se yon doktè ki pou preskri w li pou yon rezon byen espesifik, aprè rezilta kèk tès laboratwa. Jeneralman, doktè preskri antibyotik sou yon periòd tan ki kalkile. Lè ou sou antibyotik, li plis pase nesesè pou swiv tretman ou an egzakteman jan yo te preskri w li a.

Lè ou pran antibyotik mal, ou ka vin devlope yon enfeksyon ki rezistan ak antibyotik. Se kote bakteri a vin pran yon lòt fòm ki pi agresif epi medikaman ki la pou ta konbat li a pa ka fè anyen pou li. Sa ki vin redwi chans pou w ta trete, e ou ka menm mouri. Pou evite sa rive, gen 4 mwayen ou ka itilize:

1-Pran antibyotik la egakteman jan doktè w mande w pou w pran l. Egzanp: si tretman ou an se 3 fwa pa jou pandan 7 jou, ou dwe rive sou 7 jou menm si ou ta santi w gentan geri.

2-Pa pran antibyotik si yon doktè pat preskri w li. Evite mande fanmi/zanmi kisa yo te pran pou w ka al pran tou, menm si nou ta genyen egzakteman menm sentom. Li mye si w ka wè yon doktè.

3-Pa sere rès antibyotik pou w repran si w ta vin gen yon enfeksyon ankò. Si doktè preskri w yon antibyotik, l ap selman valab pou periòd yo ba ou l lan. Ou pa sipoze rete rès.

4-Pa ensiste pou mande doktè preskri w antibyotik. Si doktè jije ka w lan pa nesesite antibyotik, pa pèsiste pou w jwenn li. Antibyotik pa toujou repons lan.

Anpil nan nou gen tandans pran antibyotik pou de seri enfeksyon viris ka lakòz tankou tous, zòrèy fè mal, gòj fè mal, elatriye. Antibyotik pa touye viris. Yon lòt fwa ankò, lè w pran antibyotik pou ka ki pa nesesite l, li favorize rezistans. Sa ki ka vin fè nenpòt lòt enfeksyon ou ta vin genyen pi difisil pou trete. Donk pwochèn fwa w ap pran yon antibyotik, panse ak 4 mwayen prevansyon nou site anlè yo.

Lave men nou pou evite simaye enfeksyon🤲

Otè: Jennifer S. Dorestant

Sous: www.cdc.gov/drugresistance
apic.org/infectionpreventionandyou

Anpil fwa nou wè moun yo nan lari an nou pa ka konprann yo, nou trete yo de moun fou. Souvan nou di se djab ki gate yo o...
20/03/2023

Anpil fwa nou wè moun yo nan lari an nou pa ka konprann yo, nou trete yo de moun fou. Souvan nou di se djab ki gate yo oubyen « Yo pa ka manje l, yo fè l fou ». Ebyen jodi a m vin aprann nou moun sa yo ap soufri yon maladi ki rele skizofreni.

Kisa skizofreni an ye?

Skizofreni an se yon maladi mantal ki chanje jan moun yo panse, aji, santi yo ak pèsevwa lavi. Mak fabrik li se sikoz tankou alisinasyon (tande vwa k ap pale avèl) oubyen dezilizyon (kwayans ki pa reyèl). Sa ki pwovoke yon disosiyasyon pwogresif pèsonalite moun nan ak konstriksyon pwòp reyalite pa l.

Jeneralman s on maladi ki kòmanse manifeste nan kòmansman adolesans. Li fèt ti pa ti pa. Nan kòmansman an moun nan ka gen ti difikilte pou relakse, aprè pou li konsantre l ak dòmi epi san nou pa konn poukisa li kòmanse pran distans ak fanmi, zanmi e pou fini, li neglije aparans fizik li ki vin degrade epi "boom" pèsepsyon li sou reyalite an chanje nèt. Maladi an tou kòmanse taye banda.

Men 4 kategori maladi an ka pran:
1- Siy pozitif: alisinasyon, dezilizyon, pawòl san sans
2- Siy negatif: pèt enterè, retrè nan sosyete an
3- Siy kognitif: twoub atansyon ak konsantrasyon, pa ka konprann kèk bagay byen senp
4-Siy emosyonèl: depresyon

Kibò maladi sa sòti?
Jiskaprezan poko gen bon jan eksplikasyon sou sa. Men gen kèk eleman limyè yo eseye pote. Yo avanse yon pwoblèm nan devlopman kèk pati nan sèvo an, sa ki fè sèvo an pi piti. Youn nan kote ki touche se kòtèks fwontal (pati ki responsab memwa, kreyativite, ki ede w pran desizyon ak rezone).

Lòt faktè ki ka favorize sa:
1) Faktè jenetik: si gen moun nan fanmi an ki soufri maladi sa deja, risk pou timoun nan devlope l lan wo anpil.
2) Jan gwosès lan te pase an: anpil enfeksyon pandan gwosès la tankou grip pa egzanp ka anpeche sèvo an byen fòme, si manman mal manje sa ka rive tou
3) Bòz: Yo remake moun ki fimen bòz twò bonè yo, sitou avan 17 lane yo, gen plis chans devlope maladi sa.

Moun ki soufri skizofreni se moun menm jan avèk nou yo ye, sispann imilye yo, sispann fawouche yo. An n ba yo lanmou ak sipò nou pito epi mennen yo kot doktè ki etidye pou sa pou yo ka jwenn bon jan swen.

Yon nouvo mo nan ribrik  -mo pou semèn nan✅Eske w konn yon moun ki gen yon maladi kwonik?!!
14/03/2023

Yon nouvo mo nan ribrik -mo pou semèn nan✅
Eske w konn yon moun ki gen yon maladi kwonik?!!

Nou salye kouraj tout moun k ap goumen pou dwa fanm respekte✊🏿
08/03/2023

Nou salye kouraj tout moun k ap goumen pou dwa fanm respekte✊🏿



Nou souvan tande pale de idrosèl oubyen maklouklou nan langaj pa nou. Kisa l ye? An n aprann ansanm.....
16/02/2023

Nou souvan tande pale de idrosèl oubyen maklouklou nan langaj pa nou. Kisa l ye? An n aprann ansanm.....

Jodi 13 Fevriye a se jounen mondyal Epilepsi, sa nou rele "malkadi" pa bò isit. Malerezman anpil nan nou pa gen bon jan ...
13/02/2023

Jodi 13 Fevriye a se jounen mondyal Epilepsi, sa nou rele "malkadi" pa bò isit. Malerezman anpil nan nou pa gen bon jan enfòmasyon sou maladi sa. Lè yon moun gen yon kriz malkadi, nou souvan asosye li ak yon kòz ki pa natirèl. Sa ki vin fè moun ki soufri l yo pa souvan jwenn asistans medikal yo bezwen. Men kèk eleman enpòtan ou dwe kenbe sou sa👆🏿

Address


Opening Hours

Monday 08:00 - 16:00
Tuesday 08:00 - 16:00
Wednesday 08:00 - 16:00
Thursday 08:00 - 16:00
Friday 08:00 - 16:00
Saturday 08:00 - 14:00

Telephone

+50937934953

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Swen Mobil Ajans Sante posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Practice

Send a message to Swen Mobil Ajans Sante:

  • Want your practice to be the top-listed Clinic?

Share

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram