Groupe D'action Psychologique et Sociale

Groupe D'action Psychologique et Sociale Club Santé Mentale De Delmas! Sante mantal ou se priyorite nou
Konsèy - Terapi - Atelye - Yoga - Dans - Ri
Edew libere lespri.

18/11/2025

On est sur tiktok

0 abonnés, 1 abonnements, 5 j'aime - Regarde des vidéos courtes géniales créées par Groupe D'action Psychologique

10 OKTÒB 2025​Jounen Mondyal Lasante Mantal​Lasante Mantal se Dwa Nou Tout!​Lasante mantal se poto mitan byennèt ou. Pra...
10/10/2025

10 OKTÒB 2025
​Jounen Mondyal Lasante Mantal
​Lasante Mantal se Dwa Nou Tout!
​Lasante mantal se poto mitan byennèt ou. Pran yon poz pou w gade kijan ou santi w. Ou pa poukont ou! Lespri an repo se premye etap pou yon lavi epanouwi.
​Kisa Nou Ka Fè Jodia?
​🧠 Pran Swen Tèt Ou: Fè yon bagay ki fè w plezi e ki bay kè w lajwa.
​🗣️ Pataje: Pale ak yon moun ou fè konfyans pou di kijan ou ye.
​🧘 Respasyon: Fè kèk egzèsis pou respire gwo lè, mete kò a an repo.
​🫂 Sipòte: Montre yon moun nan antouraj ou ke ou la pou li.

Swisid reprezante 4èm koz lanmò lakay jèn ki gen ant 15 pou rive 29 lane. Dapre OMS anviwon 700 000 moun bay tèt yo lanm...
10/09/2025

Swisid reprezante 4èm koz lanmò lakay jèn ki gen ant 15 pou rive 29 lane. Dapre OMS anviwon 700 000 moun bay tèt yo lanmò nan mond lan chak ane Se yon koze ki konsène tout mond lan, e ki lye ak anpil faktè..

SWISID PA YON SOLISYON
LAVIA KA SANBLE DIFISIL, MEN SONJE KE W PA POUKONT OU PALE DE SA KAP TRAKASE W AK YON SIKOLÒG KALIFYE OUBYEN PALE AK YON MOUN OU FË KONFYANS E KI KA KOUTE W LA VA REFEREW MOUN KI KAPAB EDEW.

08/08/2025

Yo bezwen èd paw.

01/08/2025
Terapi gwoup (terapi an gwoup) se yon fòm terapi kote plizyè moun (an jeneral ant 5 ak 15) ki ap fè fas ak difikilte emo...
10/07/2025

Terapi gwoup (terapi an gwoup) se yon fòm terapi kote plizyè moun (an jeneral ant 5 ak 15) ki ap fè fas ak difikilte emosyonèl, sikolojik oswa sosyal, reyini ansanm ak yon terapis ki gide sesyon an. Gwoup la ka gen moun ki gen menm tip pwoblèm (tankou depresyon, twoub de panik, depandans, twoub manje, elatriye), oswa li ka melanje ak diferan eksperyans, men ki pataje objektif devlopman pèsonèl ak geri anndan.

Enpòtans Terapi Gwoup

1. Pataje eksperyans yo san jijman
2. Sipò sosyal ak emosyonèl
3. Aprann nan eksperyans lòt yo
4. Bati konfyans nan tèt ou
5. Devlope konpetans sosyal
6. Fè rezotaj ak zanmitay
etc.
Siw ta renmen patisipe, ekri nou.

Men 7 siy ki ka montre ou gen yon move estim de tèt ou (ba estime de tèt) :---1. Ou toujou ap diminye tèt ouOu di souvan...
14/06/2025

Men 7 siy ki ka montre ou gen yon move estim de tèt ou (ba estime de tèt) :

---

1. Ou toujou ap diminye tèt ou
Ou di souvan "Mwen pa ka", "Mwen pa bon ase", "Mwen pa merite sa". Ou pa rekonèt valè w.

2. Ou pè sa lòt moun panse de ou
Ou toujou ap chèche apwobasyon. Yon mo negatif sou ou ka kraze tout jounen w.

3. Ou konpare tèt ou ak tout moun
Ou toujou ap gade lòt moun tankou yo pi bon pase ou. Ou panse ou pa janm rive.

4. Ou difisil sou tèt ou
Ou pa padone tèt ou pou erè ou fè. Ou egzije twòp nan men ou.

5. Ou pa ka pran konpliman
Lè moun fè ou konpliman, ou santi ou mal alèz, ou panse yo pa sen.

6. Ou aksepte sa ki pa vo ou
Ou rete nan relasyon ki pa bon pou ou, ou pa mete limit, paske ou panse ou pa merite plis.

7. Ou pè eseye nouvo bagay
Ou panse ou pral echwe, ou pa menm eseye. Ou mete tèt ou dènye nan tout.

---

Si ou rekonèt tèt ou nan youn oswa plizyè nan siy sa yo, pa dekouraje. Estime de tèt ka grandi, chanje, devlope – etap pa etap.

Kisa otomitilasyon ye ?Nenpòt konpòtman kote yon moun fè tèt li mal pou l jere emosyon difisil, ka konsidere kòm otomiti...
03/06/2025

Kisa otomitilasyon ye ?

Nenpòt konpòtman kote yon moun fè tèt li mal pou l jere emosyon difisil, ka konsidere kòm otomitilasyon. Pi souvan, li parèt nan fòm koupi, boule, blese tèt li san entansyon pou fè swisid, oswa lòt konpòtman ki danjere.
Li enpòtan pou konnen ke pifò moun ki fè otomitilasyon pa gen entansyon mete fen nan lavi yo.
Yon pwofesyonèl sante ka ede moun sa yo jwenn lòt fason pou jere doulè emosyonèl yo.

Ki sa ki lakoz otomitilasyon ?

Tout moun konn fè fas ak pwoblèm ki lakòz enkyetid ak estrès. Pandan ke majorite moun rive jere sa yo ap viv lè yo pale ak zanmi oswa fanmi yo, gen lòt ki santi difikilte yo twò lou pou yo sipòte.
Lè nou kenbe tout sa nou santi anndan nou, san nou pa pale sou sa k ap deranje nou, fache nou oswa boulvèse nou, presyon an ka vin tèlman fò li tounen entolerab.
Gen moun ki, olye yo eksteryorize sa yo santi, chwazi fè tèt yo mal. Yo sèvi ak kò yo pou eksprime panse ak santiman yo pa ka mete an mo, epi sa fini pa mennen yo fè otomitilasyon.

Kijan ou ka ede yon moun jere otomitilasyon?

1- Ankouraje l pale avè w, ouvè kè li

2- Reaji ak kalm, san jijman

3- Chèche èd nan men yon pwofesyonèl sante

4- Toujou voye je sou moun sa
5- Jwenn bagay pou okipe li pase tan lib li yo.

Hier GAPSYS avait L'immense opportunité de partager un moment extraordinaire avec beaucoup de jeunes sur le trauma trans...
01/06/2025

Hier GAPSYS avait L'immense opportunité de partager un moment extraordinaire avec beaucoup de jeunes sur le trauma transcendantal de l’histoire d’Haïti de 1973 à 1986, on dit quand on connaît notre histoire, il paraît plus facile d’aller de l'avant.

22/05/2025

Ah Oui.

Bonjour, bonne journée et bon jeudi à vous. veuillez sur votre santé mentale.
22/05/2025

Bonjour, bonne journée et bon jeudi à vous. veuillez sur votre santé mentale.

Adresse

Delmas 40B, Impasse Marcadieu
Port-au-Prince
6112

Téléphone

+50941488097

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Groupe D'action Psychologique et Sociale publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Groupe D'action Psychologique et Sociale:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram