29/08/2022
Bonjou
Jodi a nou vin pale de yonn nan metòd planin familyal yo,men nou pral pale de sa ki enjektab,genyen plizyè metòd planin familyal.
Genyen 2 metòd ki enjektab:
1)noristerat(chak 2 mwa)
2)depo-provera( chak 3 mwa)
Nap konsantre jodi a sou depo-provera paske se li menm yo plis itilize.
Yo rele li tou piki planin
Li se yon planin ki pa gen estrojèn,yo utilize'l pou anpeche yonn fanm ansent,yon fanm ki chwazi fè metòd planin sa gen poul pran yon piki planin sa chak 3 mwa,swa nan fès oubyen nan sous-cutanée,bras (nan deltoïde,ponyèt)
Siw ap itilze metòd planin familyal si la genyen kritè pou'w respekte.
Pa egzanp:fi a pa dwe ansent nan moman an,pou kelke swa metòd planin yo fanm ap itilize li pa dwe ansent,fok se yon fanm ki gen laj poul fè timoun,menmsi li gen timoun deja li k itilize'l,menmsi'l pa genyen li ka itilize'l men!fok li fòme sa nu rele gen règ la,fok fanm sa vle itlize metòd sa,fok li pa prezante okenn kont endikasyon.
KI AKSYON LI FÈ LÈW ITLIZE'L?
1)li fè glè sèvikal la epès
2)li modifye andomèt la
3)li inibe ovulasyon an
KI KONT ENDIKASYON METÒD PLANIN SA?
1) fok li pa ansent(janm t dil la)
2) fok li pa gen sèyman nan bouboun li avan menm li komanse itilize metòd sa.
3)fok li pa gen prezans kansè nan tete l
4)fok li pa malad deja
KI AVANTAJ KI GENYEN LÈ W AP ITILIZE METÒD SA?
1) li efikas
2)li fasil pou'w kapab itilize
3)li pa anpeche'w fè bagay
4)li pa afekte alètman(si tout fwa ou ap bay timoun tete)
5)li diskrè
KI AVANTAJ METÒD PLANIN SA GEN PU SANTE'W?
1)li proteje'w kont kansè nan andomèt,kont grosès ekstra iterin
2) li redwi kriz drepanositoz kay fanm ki genyen maladi sa
3)li prevni kriz epileptik kay fanm ki gen epilepsi
KI EFÈ SEGONDÈ METÒD SA?
Règ ou ap iregilye
Ou ka pa gen règ menm
Lap fè'w grosi
Lap baw tèt fè mal
lap baw Kè plen
ENKONVENYAN PLANIN SA?
1)retou tadiv a fètilite(sa vle di siw chwazi abandone metòd sa ou ka pran 9 mwa o mwen aprè dènye enjeksyon an pou'w kapab ansent)
2)efè segondè yo kouran
3) li pa proteje'w kont VIH/SIDA ni enfeksyon ou ka pran nan fè bagay
Pa bliye metòd planin sa pa fè'w paka fè timoun.
Li byen pou'w konprann!
Patajeee,abone,like
Miss Sabée Charles Georges