A la rencontre des Infirmieres-ARDI

A la rencontre des Infirmieres-ARDI Nous sommes une association d'Infirmier/Ières en Haïti dépuis février 2023. Merci de nous suivre pour ne rien rater. 🤝🏾

Notre mission est de promouvoir les soins Infirmiers, honorer les Infirmiers/ères en mettant en valeur leur travail. Paj sila kreye nan sousi pou pwomote pwofesyon Enfimye a epi valorize pesonel Enfimye yo. ke chak Enfimye angaje pran reponsablite yo pou leve nivo peofesyon an san ke nou pa nan konpetisyon.

Andikap mwen pa yon fado"Ann aprann timoun yo depi nan ti klas pou yo respekte ak aksepte diferans chak moun. Paske nenp...
02/12/2025

Andikap mwen pa yon fado

"Ann aprann timoun yo depi nan ti klas pou yo respekte ak aksepte diferans chak moun. Paske nenpòt ki lè, nenpòt moun ka vin andikape."

Se nan bon jan edikasyon depi piti nou ka bati yon sosyete ki pi enkli, ki gen plis respè pou diyite chak moun, kèlkeswa kapasite fizik oswa mantal yo. Andikap pa chwazi moun, li pa gen laj, li pa gen koulè, li pa gen orijin. Se pou sa li enpòtan pou nou mete lanmou, respè, ak solidarite nan kè jenerasyon k ap vini yo.

Ann fè diferans lan tounen fòs nou, olye de yon baryè.
Ann bati yon sosyete kote tout moun santi yo alèz, aksepte, e valorize.

Ki plas moun soud yo nan sistèm sante Ayisyen an ? Èske nou tout gen menm aksè ak fòmasyon sou sante ? Eske nou gen menm...
01/12/2025

Ki plas moun soud yo nan sistèm sante Ayisyen an ?
Èske nou tout gen menm aksè ak fòmasyon sou sante ?
Eske nou gen menm akèy lè nou ale lopital ? Èske fòmasyon pwofesyonèl sante yo louvri pou nou tout menm jan?

Ki mekanis ki anplas pou yon moun ki soud ki ta renmen vin enfimyè, doktè, ajan sante, oswa yon lòt opsyon pwofesyonèl nan sante ?
Èske espas fòmasyon pou pwofesyonèl lasante yo fè efò pou akeyi tout moun vre ? Èske baliz oubyen baryè yo menm pou nou tout nan espas sila yo?

Lòt kesyon, Konbyen entèprèt nan lang sign sistèm medikal Ayisyen an genyen ?

Nan sosyete Ayisyèn nan se kilti oralis la ki ap domine.
Sa ki lazoz an Ayiti, Se swa w pale ak vwa, lè sa ou patisipe yon fason ki "lib".
Swa w gen kominote pa w apa pou w devlope.
Ni premye opsyon an , ni dezyèm nan diferan de reyalite yon sosyete ki enklizif.

Yon sosyete enklizif , (toujou nan menm lide sistèm sante Ayisyen an) se kote yon moun ki ale lopital kit li soud oubyen tande di osinon tande byen ap benefisye yon akèy ki adapte ak sitiyasyon yo chak. San se pa paske se moun ki soud la oblije gen entèprèt pa l ki akonpagne l.

Lòt egzanp, se kote espas fòmasyon yo adapte ak diferans nou chak. Men ki p ap mete yon moun deyò jis paske li diferan.

Sistèm sante Ayisyen an dwe prepare li, mete plis estriti pou redui inegalite. Sa ap gen bon efé pou devlopman chak moun nan popilasyon an

Li enpòtan pou nou souligne nan sosyete enklizif la Yon moun soud pa bezwen vini ak entèprèt pa li pou jwenn swen,
Sant fòmasyon yo adapte metòd ansègnman yo pou chak moun jwenn menm chans pou aprann,
Epi Diferans yo transfòme an richès.
Sa enplike yon kilti kote chak moun respekte tout moun.

Rose Berline ELUCIEN
Pwomotris lang sign
Etidyant nan Fakilte Syans Enfimyè Pòtoprens / Inivèsite Leta Ayisyen

C’est ici que prend fin notre campagne de sensibilisation contre le VIH.Merci à vous d’avoir accepté de participer et de...
01/12/2025

C’est ici que prend fin notre campagne de sensibilisation contre le VIH.
Merci à vous d’avoir accepté de participer et de contribuer activement à cette belle initiative.
Rendez-vous l’année prochaine pour une nouvelle aventure !

Spécialement Peterson Ajeun
Dachena Galland, MBonie VBelzumé Rachelle Petion...

On vous adore sincèrement.
Pou ayiti👏🏾🥰🇭🇹

Ardii

VIH reyèl, li pa yon fatalite,Nou dwe pwoteje tèt nou poun evite enfekte pandan nap mete kapòt, pran medikaman prevansyo...
01/12/2025

VIH reyèl, li pa yon fatalite,
Nou dwe pwoteje tèt nou poun evite enfekte pandan nap mete kapòt, pran medikaman prevansyon yo.

Si n deja enfekte, ebyen pran medikaman yo.

Si nap pran medikaman, asire n ke nou pa transmèt li bay lòt moun

Fanm ansent ale fè tès la pou ti bb nou an pa enfekte.

Journée mondiale du sida 2025

Surmonter les perturbations, transformer la riposte au sida

La Région de la Méditerranée orientale est confrontée à une épidémie de VIH en pleine expansion, avec environ 610 000 personnes vivant avec le VIH. Seuls 38 % ont été diagnostiqués, et 28 % suivent un traitement, laissant deux personnes sur trois dans l’ignorance de leur statut sérologique.
Ces dernières années, les réductions du financement mondial ont perturbé les services de prévention, de dépistage et de traitement du VIH dans toute la Région, menaçant les progrès réalisés et exerçant une pression supplémentaire sur les systèmes de santé nationaux déjà mis à rude épreuve par de multiples crises.
Surmonter les perturbations, transformer la riposte au sida, la campagne de la Journée mondiale du sida de cette année appelle les pays, les communautés et les partenaires à raviver leur engagement, à s’ouvrir à l’innovation, à intégrer les services liés au VIH dans des programmes de santé plus larges, à agir contre la stigmatisation et les obstacles structurels au traitement et à intensifier la riposte au VIH dans la Région.

Messages clés et appel à l’action

La campagne de la Journée mondiale du sida 2025 vise à mobiliser les responsables gouvernementaux, les programmes nationaux de lutte contre le VIH, les partenaires, les organisations communautaires et l’ensemble des parties prenantes. Elle appelle aux actions suivantes :

1- Renforcer l’engagement politique pour maintenir la lutte contre le VIH parmi les priorités des programmes nationaux de santé

2-Accroître les investissements nationaux

3-Intégrer les services de prise en charge de l’infection à VIH dans des programmes de santé plus larges pour offrir des soins complets et centrés sur les personnes

4-Mettre au point des approches innovantes dans la prestation de services, notamment grâce à l’autodépistage du VIH, aux approches communautaires et aux modèles de soins différenciés

5-Consolider la prévention, en élargissant l’accès à la prophylaxie pré-exposition, en réduisant les risques et en mobilisant activement les communautés

6-Améliorer la production et l’utilisation des données, avec un accent sur les innovations numériques/l’intelligence artificielle pour renforcer la surveillance, le suivi et les réponses ciblées au VIH
https://www.emro.who.int/fr/world-health-days/wad2025/?hl=fr-FR

Andikap pa vle di feblès, li se yon lòt jan pou egziste.Lè nou pale de moun ki gen andikap, nou pa dwe wè limit yo sèlma...
30/11/2025

Andikap pa vle di feblès, li se yon lòt jan pou egziste.

Lè nou pale de moun ki gen andikap, nou pa dwe wè limit yo sèlman, men tout kapasite ak potansyèl yo pote. Chak moun gen valè, kèlkeswa aparans, kapasite fizik oswa mantal. Moun ki andikape se sitwayen tankou tout lòt, yo merite respè, enklizyon, ak opòtinite pou patisipe ak kontribye nan sosyete a.

Se pa pitié yo bezwen, men aksè. Se pa eksklizyon, men enklizyon. Se pa silans, men vwa. Yon sosyete ki vrèman jis se yon sosyete ki kreye espas pou tout moun viv ak diyite.

Ann sonje: andikap se pa yon fado, se yon lòt reyalite. Se responsablite nou chak pou n kraze prejije, leve konsyans, epi bati yon mond kote tout moun santi yo lakay yo.

Respè – Dwa – Diyite pou tout moun.

Par: Stanley POINT-DUJOUR Nan ribrik Ala A la rencontre des Infirmieres-ARDI jodi a , nap prezantew gran dam sa nou souv...
30/11/2025

Par: Stanley POINT-DUJOUR

Nan ribrik Ala A la rencontre des Infirmieres-ARDI jodi a , nap prezantew gran dam sa nou souvan pale de li, men nou ka pat konnen li ase.

Virginia Henderson, ikòn imòtèl, Swen Enfimye.

30 novann 1897, 30 novann 2025, sa fè 128 lane, 1996 li pati pou peyi san chanpo ak 98 lane. Jodi 30 novann 2025 la, sa fè 29 lane depi zèv yo ap imòtalize, ap venere nan milye estidyansten ak kad konseptyel swen enfimye makònen ak yon seri tewori ki chita kò yo sou bezwen ke moun gen bezwen pou li viv.

Lasyans pap lasyans san obsèvasyon, san mo, san konsep, san tewori, san eksperimantasyon, san rechèch, san lide ak moun kòm ki sel let vivan kapab aji ak rezon. Lòm se sant tout aktivite moun ap rantrepran.

Depi nan lane 1960 pou rive jis nan lane 1980, swen enfimye pran anpil etap avan li te rive reyelman yon disiplin syantifik kote pèsonel Enfimye ap komanse elabore yon seri travay sou moun, Swen, anviwonnman ak sante yon fason global kote nou pa wè selman yon pati nan kò yon moun ki gen pwoblèm men se tout moun nan pito.

Avan mwatye ventyèm syèk, anpil travay te rive fèt sou Swen Enfimye ak yon seri pyonye tankou n ka site, Florence.N ki se manman disiplin sa a ki te vle domèn sa tounen tout bon yon domèn akademik. Virginia Henderson, ki se yon fanm kretyèn, ki fèt nan peyi Etazini, li se sizyèm pitit, li pat disipline e li te tibilant men li te vle Enfimyè, kote ak laj 20 lane li te rantre nan lekòl militè Swen Enfimye nan wachintò. Li te pase 3 lane nan fomasyon e kou ak estaj se nan lopital yo te konn fèt. Fi sa a te komanse ap fè chimen e lap reflechi vi ak sa lap viv pandan pakou estaj li yo. Li deside aprann byen domèn sa yo:

biologie, anatomie, physiologie, bactériologie, chimie, psychologie, sciences sociales et concepts relatifs au fonctionnement des services de soins

Men pou kisa tout etid sa yo? Ak kisa lap itil li e moun lap fome ak pran swen? Eske sa vle di, yon pèsonel Enfimye dwe etidyen anpil lot disiplin konek ak syans Enfimyè ? Kisa sa ap rapote pou domèn nan ?

Yon paket ti kesyon ki merite reponn ak anpil sajès

Virginia se yon teworisyèn li te vin ye, li gade byen demach piramid Maslow ki baze sou yon ansanm bezwen annòd (5). Li paret ak 14 bezwen esansyel pou pèsonel Enfimye kapab aji san pwoblèm kote lap ka jwenn pwoblèm ak solisyon moun nan ap gen bezwen an.

Jedi a, tout mond medikal la sèvi ak modèl sa, syantifik yo moutre modèl sa se pilye ki pouse etidyan nan domèn swen enfimye poze ki bon jès san ris epi rann li vin konpetan sou mache travay la.

Virginia Henderson bati lekol bezwen pami tout lekol ki egziste yo. Objektif li se ede moun rive pran kap kò jiskaske li vin otonòm.

Konbyen nan nou ki ta renmen Enfimyè Henderson?

Jodi a m pase isit la jis pou m di nou, ann bay valè ak tout moun ki pèmet syans sa ap evolye, se pa selman Florence.N paske Florence se yon gout dlo li ye pami lot yo, pase yon disiplin fè li tonbe nan nivo syans se tout yon bagay entèlektyel.

Ann fè jounen sa tounen yon jounen opòtinite, kote nap valorize èv Enfimyè Henderson e nou ka vin ranfose domèn nan demen.

Nou se ekip ann rete ekip

Stanley POINT-DUJOUR, Inf.Lic
Manm aktif ARDII

Nou pral fè yon ti pale sou VIH ki se,Viris Iminodefisyans ImenVIH se yon mikwòb ki atake sistèm defans kò a. Li fè kò a...
30/11/2025

Nou pral fè yon ti pale sou VIH ki se,Viris Iminodefisyans Imen

VIH se yon mikwòb ki atake sistèm defans kò a. Li fè kò a vin fèb epi li pa ka goumen kont lòt maladi ankò. Lè moun pa pran swen, VIH kapab mennen yo nan yon etap ki pi grav, yo rele *SIDA*, ki se Sendwòm Iminodefisyans Akiz.

Kijan ou ka pran VIH?

VIH pa transmèt fasil. Men li ka pase nan:
- Rapò seksyèl san pwoteksyon
- Pataje zegwi, sereng, oswa materyèl tatoo ki pa esteril
- Manman ki gen VIH ka bay pitit li pandan gwosès, akouchman, oswa lè l ap bay tete
- Transfizyon san ki pa teste (ra jodi a)

*Kijan ou pa ka pran VIH?*

Ou *pa* ka pran VIH nan:
- Bo, akolad, manje ansanm
- Sèvi menm twalèt
- Piki moustik
- Dlo je oswa swe

*Siy ak sentòm VIH*

Nan premye tan, moun ki gen VIH *pa toujou gen sentòm*. Men yo ka santi:
- Lafyèv, fatig, gangliyon gonfle, gratèl
- Pèdi pwa, dyare, tous ki pa sispann

Si maladi a avanse, li ka mennen nan SIDA. Lè sa, moun lan vin pi vilnerab kont lòt maladi tankou TB, enfeksyon nan po, fongis, ak kansè (tankou Kaposi).

*Kijan ou ka konnen si ou gen VIH?*
Fè *tès depistaj*. Li gratis e li disponib nan plizyè sant sante. Konnen estati w, se pran swen tèt ou ak lòt moun.

*Tretman VIH*

Yon moun ki enfekte ak viris sa a pa ka geri, men gen medikaman yo rele *antiretrowiral (ARV)* ki ede moun viv lontan ak an sante. Medikaman sa yo pèmèt kenbe viris la anba kontwòl.

Lè moun pran ARV chak jou jan doktè a di, kantite viris la vin tèlman piti nan san an, yo di moun nan *endetektab*. Lè li endetektab, li *pa ka bay lòt moun VIH ankò*.

*Kijan pou w fè prevansyon pou pa pran VIH ?*
- Sèvi ak kapòt (prezèvatif) chak fwa w ap fè sèks.
- Fè tès VIH regilyèman pou konnen eta w.
- Pa pataje zegwi, lam razwa, pens pou fè zong, elatriye.
- Manman ansent dwe fè tès VIH pou pwoteje tibebe a.
- Ou ka pran *PrEP*, ki se yon medikaman prevantif si w ekspoze ak gwo risk pou trape viris la.

*VIH se yon maladi grav, men li pa yon kondanasyon.*
Avèk tretman ak bon swen, moun ki gen VIH ka viv menm jan ak nenpòt lòt moun.

Sa ki pi enpòtan, se *konesans*, *prevansyon*, ak *respè* pou moun k ap viv ak VIH. Ann travay ansanm pou nou kraze prejije, bay plis enfòmasyon, epi pwoteje tèt nou ak lòt yo.

Nou jwenn moun ap plenyen sou rezilta egzamen doktè pa vle pran nan men yo, paske yo pa fèl kote yo te voye yo a. Sa se ...
30/11/2025

Nou jwenn moun ap plenyen sou rezilta egzamen doktè pa vle pran nan men yo, paske yo pa fèl kote yo te voye yo a. Sa se enjistis..
Noubdi enjistis paske pasyan konn pa gen lajan ppul ale nan laboratwa vo dil se la menm pou fèl la.

Wi doktè a ka refere on pasyan yon bon laboratwa poul fèl, ki pap bay fo rezilta, men lèw di siw moun nan pa fèl la ou pap pranl nan sa pa okenn gen sans.

Andikap mwen pa yon fadoJou kap 3 Desanm 2025 lan, se ap jounen Entènasyonal moun Andikape.Nan okazyon Jounen Entènasyon...
29/11/2025

Andikap mwen pa yon fado

Jou kap 3 Desanm 2025 lan, se ap jounen Entènasyonal moun Andikape.

Nan okazyon Jounen Entènasyonal Moun Andikape a, nou menm nan Ardii pran angajman poun mete pataje mesaj sansibilizasyon kont stigmatizasyon epi mete aksan sou tèm nan:

"Ann bati yon sosyete enklizif kote tout moun gen plas yo, pou avanse pwogrè sosyal."

Moun andikape yo pa bezwen pitye, yo bezwen opòtinite. Se devwa nou, kòm sosyete, pou n elimine baryè, kraze prejije epi mete aksan sou diyite chak moun, kèlkeswa limit fizik oswa mantal yo genyen.

Ann kontinye lite pou plis aksè, plis enklizyon, plis respè ak plis lanmou.
Andikap pa fè moun pi piti, li mande plis kouraj.
Se pou nou tout mete tèt ansanm pou bati yon Ayiti kote tout kapasite konte.





Ayiti maladi enfektyez(VIH/SIDA), chimen richès blankomani, pye kout pran douvanAyiti, peyi akizatè, viktim, meprize, ma...
29/11/2025

Ayiti maladi enfektyez(VIH/SIDA), chimen richès blankomani, pye kout pran douvan

Ayiti, peyi akizatè, viktim, meprize, maltrete, imilye pa tout sòt prejije nan debi lane 1980. Avan 1980, anpil moun te konn rive tonbe malad kote yo gen yon ansanm manifestasyon nan kò yo : bouton nan kò yo, cheve yo vin swa, yo konn gen dyare, yo pèdi anpil pwa, men lasyans pat anzimi pou konnen reyelman sa ki tap pase a.

Blan meriken fè konprann se dwogè masisi oswa lesbyèn ayisyen ki malad nan san ki pote maladi sa a, ki te rele 4 H (Homoséxuels, Héroïnomanes, lHémophiles et Haïtiens).

Nan jounal New York Times, 3 jiyè 81, ki gen tit rare: cancer observé chez les 41 homosexuels. 7 mwa aprè (6 jan 82), nan yon jounal ki rele liberasyon, li sòti yon atik ki di : mystérieux cancer chez les homosexuels américains. 6 lane aprè, jounal sa, ki se Le Figaro, yo fè sòti yon tèm anglè *gay syndrome*. Se nan menn lane sa a, ekspresyon *maladi 4H* te rive. Toujou nan lane 82, sig AIDS-SIDA: La maladie est renommée AIDS (Acquired Immunodeficiency Syndrome), en français SIDA (Syndrome d’immunodéficience acquise).

Gen letid ki moutre, ta sanble pwoblèm sa te la depi 1880 yo; paske nan lane 1959, pèp Afriken te gèlè frape pa yon bagay konsa. Rezon an se paske yo jwenn viris ki ta sanble parey ak VIH ki rele: les Virus de l’immunodéficience simienne (SIV). kote se nan bet yo rele senj la li sòti, animal sa a gen trè moun e li ka bay li ak moun, mod repwodiksyon anpil, se sak fè pral gen VIH 1 ak 2.

Men nan mwa me 83, syantifik yo te rive vrèman kapab pale san danje oswa site non mikwob sa lòm patka gen kontwol e ba li non reyelman.

Mezanmi tande, viris sa a rive tabli kò li nan preske tout mond la (pandemi) ak yon vitès egzajere sitou nan peyi, yo oze rele sou devlope, anpil moun rive ale nan peyi san chapo (mouri). Trape jèm VIH nan opòk sa, mezanmi, se te tankou yon fado ki chita sou tèt nou (epe damoklès), li gen pou li wè 7 koulè lakansyel telman imilyasyon te avayi yo. Men m vle raple nou yon bagay, epòk sa, medikaman pou pwoblèm sa te vreman koute. Si nous ta pran zidovudine (ZDV), ki se premye ARV ki apwouve nan lane 1987, answit 1996 yo nou pral gen zidovudine, didanosine, stavudine, lamivudine anfen nan lane 2000 nou pral gen sa yo :abacavir, emtricitabine, ténofovir ki vin ranplase kek nan sa nou te site avan yo akoz efè sonkondè yo. 31,6 milyon moun ki te aksè ak medikaman.

*Estatistik*

Nan denyè (2024) rapò ògònizasyon ki responsab sante nan mond la, OMS. Gen 65% kap viv ak VIH la men se nan zòn Lafrik (nwa); OMS di gen anviwon 630 000 moun ki mouri epi 1,3 ak 1,5 milyon moun ki rive atrape enfeksyon sa a(nouvo), sa vle di danje a reyelman la, se met kò ki dwe veye kò li. Alò gen anpil efò kap fèt paske nan lane 1996, te gen anviwon 3.4 milyon moun ki te enfekte kont 1.3 nan lane 2024. Nan lane 2004, te gen 2.1 milyon mò VIH men 2024 gen 630 000 moun e 2010 li te 1.4 milyon moun.

*Men kijan viris la transmet*

Frè ak sè m yo, men sa map di nou, se konnen ki ale lajistis tande, pa konnen chita kò li yon kote epi li pa chèche moun kont. Ekoute zanmim yo, kiyès ki pa janm gen yon tet femal, pa janm gen yon ti grip, yon kò kraze, yon dyare, vini piti, epi rive ap touse san rete, e menn rive gen yon ti fyèv?. Kiyès nan nou la a ki pa rive fè bagay ( fè seks) ak tiboubout li (sila a ki marye, oswa ki poko marye, moun ki renmen, sila kap fonksyone nan kafe elatriye, menn ka vyol yo)?. Nou tout ekspoze ak tout kalte enfeksyon moun ka pran nan fè bagay san kapòt, kote nou ka rive trape yon bakteri, yon viris (ki li menn pa gen gerizon pou li men gen tretman), parazit elatriye?.

Eben nan sans sa a, se konnen pou nou konnen kisa nou dwe fè, si nou deside fè bagay san kapòt oswa ak kapòt. Se nou ki dwe konnen, eske nou deja konnen patnè a byen e rive fè li konfyans je fèmen san prèv (egzamen ki ka di moun nan gen yon enfeksyon lakay li). Tankou m toujou di, lavi pa vann nan mache men lavi jere nan lopital.

Sante w se pou ou li ye, pwoblèm ak konsekans yo, se pou w yap ye paske se w menn ki pral viv yo. Men nou ta ka evite yo, si tout fwa nou pran anpil prekosyon epi fè prevansyon. Eben tande, mikwob sa ki rele VIH la, moun ka trape li nan fè bagay san kapòt, nan kontak san lot moun ki te deja enfekte, nou ka pran li nan preske tout likid kap sòti nan kò nou men li pap posib nan krache, nan swe, nan p**i men li nan espèm gason an, li nan likid kap sòti nan bouboun fi a. Se pou rezon sa nou dwe pridan ak moun, si nou deside fè bagay ak yon moun tout bon san kapòt, nou dwe fè tès VIH nou. Fè tibèf gen two danje nan sa paske likid kap sòti nan bouboun ak kòk, gen VIH la ladan yo. Nap jwenn VIH la nan let manman pitit ki gen VIH la, sa vle di timoun nan pap ka nan sousi tete manman li, manman an pap ka rive fè kouch nòmal, se pou tet sa li dwe ale lopital pou bonjan swivi kapab fèt jis pou li kapab mete li sou medikaman jis pou evite pataje viris la ak tibebe a pandan lap akouche( kouch nòmal). Pa bliye tout viris bezwenyon kò vivan pou li devlope e viv, mikwob se pi bon zanmi nou yo ye, dayè pagen moun ki kapab viv san mikwob. Nan trip nou, nou telman gen mikwob, nou pap janm ka rive konte yo, genyen ki ka touye nou konsa genyen yo la pou pwoteje nou.

Youn nan kesyon pou nou poze tet nou, ant mikwob la ak lòm (moun), kiyès ki pi mechan, enbesil?

Selon yon gwo syantifik nan domèn lasante, ki rele Claude Bernard, li di mikwob se zanmi nou, e yo prè pou yo viv ak nou san pwoblèm depi nou respekte règ ak pwensip yo. Li pale nou nosyon teren (terrain) : teren an se tout lame ki nan kò nou ki la pou defann nou, kote ka gen atak yon kò lame kap sòti deyò kò epi lap rantre pa nenpot mwayen. Se tankou 2 ekip foutbòl, chak ekip bezwen genyen donk yo chak gen estrateji yo pral anplwaye pou konvenk anfas la. Se konsa mikwob la ye, li pa responsab anyen, se nou menn ki dwe ranfose lame ki nan kò nou ( sistèm defans nou oswa sistèm iminitè) nan atitid nou, nan konpotman alimantè nous yo, nan mòd jesyon kote nap viv(anviwonnman), nan mod jesyon sante mantal nou.

Eske nou te konnen medikaman pap fè anyen pou nou si lespri nou pa anpè, si nou pa pa konsyan nou malad, jis pou pa fè eksè e rive konnen kisa nou ka fè kòm solisyon e rive gen bonjan konsyans kote nou pap pataje anyen ki pa bon ak lot moun e pran nonplis. Pi gwo chèn pou n kase nan lespri nou se pè, estrès. Se pou konnen kisa nou kapab manje paske depi yon moun pa rive manje lap mouri kanmèn yon jou akoz sistèm ap vin febli e maladi ap rantre lakay li. Se pa maladi a ki touye li vre men se paske li pa jwenn manje e kò a tonbe adefayans paske li pa rive jwenn sa li ta dwe jwenn nan. Se pou rezon sa :

Nou dwe manje bon jan manje natirel san pwodwi chimik endistriyel tankou angrè. Nou dwe bwè bon ji natirel, manje anpil fwi peyi, sispann ak manje ki sòti nan peyi letranje ki deja pèdi tout nanm li, manje sa yo sanble ak mò oswa kadav ki pa okin selil vivant nan kò li, kote san li tounen dlo. Anpasan, kite m di w sa: anpil pwodwi estale nan makèt ki gen konsèv andedan yo se pwazon pou kò a...

Manje se youn nan mwayen pou kenbe kò nou nan bon jan lasante, evite pote mwens s*k ak alkòl nan kò nou. Se pou manje anpil pwoteyin, bon grès tankou zaboka, kokoye, lwil doliv, zanmand pou, manje bon legim (fey yo)kom anti oksidan kote li pral elimine tout yon seri dechè nan kò nou ki ka koze kansè, entoks*kasyon selil yo, kote selil yo vin paka reponn ak travay yo sitou mitokondri, ki se yon agònit toupwisan pou kò nou. Pran ben soley, pran anpil vitamin b yo, bwè bon dlo trete san lot pwodwi ki pral deranje kò nou, dòmi tankou pou l, sa vle di fok kò nou pran omwen 8 tè jiska 10 zè tan pou li rekipere kek bagay nan kò nou sitou ant minwi pou rive 4 trè nan maten. Fè anpil egzesis fizik, sa vle bouje.

Meyè medikaman kò nou, se pa grenn, se pa piki men se manje daprè sa papa medsin nan te di. Fimen se gwo malè pandye sou sante nou, kote nou abite li dwe toujou pwop e sen.

Eske nou te konnen byen nou ka atrape yon mikwob men nou pa rive malad?

Wi sa egziste anfonksyon desa m sot pale anlè a ki se konpotman yo, sitou nan mod konsomasyon nou yo, mikwob la ka rantre nan kò nou men li paka fè nou anyen akoz kò nou byen simante. Moun nan ka gen yon mikwob nan san li men li paka manifeste sou li, pafwa sa sòti nan mòd jèn nou ak mod sistèm defans, pa bliye yon bon sistèm iminitè rive fome reyelman fin fome aprè alètman daprè yon pwofesè, kansewolog fransè ( Henri Joyeux). Tankou si nou ta pran koup sewo diskòdan, youn nan patenè yo gen vih epi lot la pa genyen li malgre yap fè bagay san kapòt. San nou dwe konnen, fok kò nou libere plis pase 200 kopi / ml VIH nan san nou, pou li kapab rive enfekte yon lot. Tan nap manje byen e nap pran medikaman yo alè eben se konsa chaj viral la ap bese, konsa nap rive kase chèn sa a.

Jodi a, ak evolisyon lasyans sitou nan domèn endistri famasetik, anpil molekil ap kreye pou pote solisyon e anmenntan kreye pwoblèm. Kreyasyon medikam vini aprè yon maladi vin paret : vaksen, konprime, piki, siwo e latriye; kiyès ki vin ak yo ? Sak met endistri sa yo ? kiyès kap finansye yo ? Pou kiyès yap medikam yo ap fèt ? Ki konsekans kap vini nan 10 zan ou plis? Epi eske konn gen envestisman san lide pwofi oswa enterè?

Se la a m vle pale richès blankomani. VIH kreye anpil anpwa nan peyi sou devlope yo nan pwofi peyi kap pwodwi medikaman kont VIH -SIDA. Pafwa chodyè a moute sou do nou men lal desann lakay yo, eben nou se viktim sou tout fom, Ayiti pap peri, nap kale je nou sou tout fòm. Nan moman nap pale la se yon kesyon *prèp* pou evite moun pran VIH SIDA. Yon fason pou plis moun vin ekspoze, e pou plis molokil kapab ekoule(politik ekonomik)

Se pou rezon sa m ve di nou frè ak sèm yo, gade kote nou prale e kote nap mete pye nou nan mond sa.

Se pou nou manje byen, pandan nap pran medikaman yo alè, maladi pa yon fatalite, ni se pa lafen dimond, nou dwe pran bon jan mezi pou pwoteje tet nou e lot yo. Se pou nou toujou pwoteje tet nou nan mòd pratik seksyel yo, evite itilize materyel deja itilize tankou jilet, bistouri, sereng elatriye.

Nou ka manje nan menn asyet, bwè nan menn gode, domi menn kote ak sila ki ta frape de VIH IDA. Pa bliye w ka gen viris la men w pa malad paske siy ak sentòm yo poko paret. Pakont li ka kontinye ap transmet viris sa ak lot moun, yo rele yo PV-VIH ( personne vivant avec le VIH), moun kap viv ak viris la nan san yo.

SIDA, se tout PV-VIH ki rive gen siy ak sentòm ki devlope lakay ( sidéen/sideyen).

*Men siy ak sentòm enfeksyon sa* :

Nan premye faz enfeksyon VIH la, gen moun ki gen siy ak sentom konsa li konn pa vreman

Fyèv, tèt fèmal, bouton sou po, anmezi sistèm iminitè ap bese, lot maladi ap paret, gen yon seri gland kap gonfle nan kek kote nan kò li, lap mèg, gen fyev, gen dyare, e lap touse toutan. kan moun nan pa sou medikaman eben lap vin pi grav: konsè, tibèkiloz, maladi nan fwa nou, nan poumon nou.

*Konsey enpòtan*

Si nou rive manje byen, domi alè, pran medikaman alè, gen yon sel patnè, rete w menn sel, evite fimen, evite bwè alkòl, evite konsome s*k, fè espò eben maladi ki ta dwe vini yo ka pa rive tankou tibèkiloz, sifilis, kansè, enfeksyon nan poumon, pwoblèm nan fwa, pwoblèm sou po, nan nè yo kòm zona elatriye ka epanye nou kom maladi opòtinis.

Se pou rete fidèl nan relasyon nou
Se pou nou pratike tès san yo
Se pou nou mete kapòt
Se pou nou pap bay ni pran
Se pou manje e pran medikaman nou yo alè

Sante w se sante m, ann koze sou lasante. Ann konbat VIH nan pratike bonjan prekosyon paske gen maladi sou bout tè sa ki pired ke sa, tankou s*k, tansyon ak kansè.

Viv lasante

*Stanley POINT-DUJOUR, Inf.Lic*

Andikap se pa yon fadoAndikap se yon limit ki fè yon moun gen difikilte pou patisipe nan kèk aktivite nòmanlman.Andikap ...
28/11/2025

Andikap se pa yon fado

Andikap se yon limit ki fè yon moun gen difikilte pou patisipe nan kèk aktivite nòmanlman.
Andikap pa defini moun ki nan sitiyasyon an paske avan tou, li se yon moun ki gen pwòp idantite l, valè l, kapasite l, emosyon l ak rèv li.
Andikap pa retire nan ni itilite, ni enpòtans, ni entèlijans moun nan, se sak fè nou dwe chanje fason nou gade moun ki nan sitiyasyon andikap yo.

Nou pa dwe di yo mo ki ka blese yo ni rele yo selon andikap yo tankou "Je pete oubyen avèg, bout ponyèt, bout pye, kokobe, tizòrèy, tèt pa dwat, kreten" elatriye.
Nou dwe rele yo nan non yo oubyen nou ka di yon moun ki nan sitiyasyon andikap, sa montre respè nou gen pou yo antanke moun.

Trete yo ak diyite, pa fè vye kòmantè ki ka fè yo santi yo enferyè.
Pa gade sou feblès yo men pito sou fòs ak kapasite yo, pèmèt yo montre pasyon yo, talan yo ak entèlijans yo san nou pa jije diferans yo de lòt moun.

Yo bezwen opòtinite, envite yo nan aktivite sosyal, ede yo, pale ak yo, pataje ak yo, travay ak yo.
Enklizyon yo nan sosyete a pa yon favè, se yon dwa.
Yo dwe nan yon sosyete kote yo jwenn plas yo, pou yo santi yo itil, respekte epi aksepte.

Lè nou aksepte yo nan antouraj nou, nou pa sèlman ede yo men nou vin plis ouvè, plis sansib e plis imen.
Ann ba yo lanmou respè ak diyite epi pran pasyans ak yo paske andikap pa yon fado.

Karline ALUSMA, Enfimyè
ARDII-HAÏTI

Ann pwoteje tèt nou, youn, lòt poun konbat VIH sidaNon Pam, se miss ANCELOT Bénita Mwen vin pale nou de kisa ki Vih sida...
28/11/2025

Ann pwoteje tèt nou, youn, lòt poun konbat VIH sida

Non Pam, se miss ANCELOT Bénita Mwen vin pale nou de kisa ki Vih sida a?kijan vih sida pwopaje? ki senptom vih sida yo ye? Kòman pou mwen konnen si mwen genyen l? Èske gen tretman pou li? Èske ou ka fè prevansyon pou li?

VIH se ansanm sin ak senptom yo si w pa sou medikaman ki pral fèw tonbe Nan kad SIDA.yon Viris ki atake sistèm iminitè a. Li detwi globil blan yo,sa ki fè kò a vin pi vilnerab pou lòt enfeksyon e maladi.

Kijan vih pwopaje?
Vih ka gaye nan diferan fason:
-Atravè kontak ak san yon moun ki gen vih.
-Lèw pataje zegwi,dwòg
-Soti nan manman ak ti bebe pandan gwosès,akouchman,oswa bay tete
-Si yo te vyolew ou ekspoze ak viris lan

Ki senptom vih sida yo ye?
Premye siy enfeksyon vih yo ka se senptom grip:
-Lafyèv
-Frison
-Gratèl
-Doulè nan misk
-Gòj fè mal
-Fatig

Kòman pou mwen konnen si mwen gen vih?
A tès san di siw gen enfeksyon vih.Founisè swen santew la ka fè tès la,oswa ou ka itilize yon twous tès lakay ou

Èske gen tretman pou vih sida?
Pa gen gerizon pou enfeksyon vih,men ou ka pran medikaman pou diminye risk la,yo rele yo terapi anteretwoviral(ART).
Nou konstate ke anpil moun ki pran ART viv yon vi ki long e rete an sante.

Ki Prevansyon ou ka pran pou vih sida?
Ou ka diminye risk pou simaye vih lèw:
-Fè tès pou vih
-Chwazi konpòtman seksyèl ki gen mwen risk. Sa gen ladanl limite kantite patnè seksyèl ou genyen epi itilize kapòt an latèks chak fwa wap fè bagay
-Pa enjekte dwòg

Sida pa make sou figi pyès moun.zyew pap janm baw verite sou vi yon moun se pou sa ou sipoze toujou pwoteje tèt ou lè wap fè bagay.E menm siw ta genyen l pa fè mechanste pou di wap pataje l ak lòt moun.

Adresse

29, Rue Lamartinière, Bois Verna
Port-au-Prince

Téléphone

+50933724644

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque A la rencontre des Infirmieres-ARDI publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à A la rencontre des Infirmieres-ARDI:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type