23/01/2021
INFERTILITÉ MASCULINE🧑🏾⚕️👨🏽⚕️👨🏽⚕️👩🏼⚕️👩🏼⚕️👨🏽⚕️👨🏽⚕️👨🏽⚕️👨🏽⚕️
Jodia m vin pale nou de paka fè pitit lakay gason sa yo rele nan tèm medikal "Infertilité Masculine" nan.
Denojou yo plis pale de "Infertilité de couple" pou yo evite bay yon moun responsab, paske se 2 moun kap viv ansanm pwoblèm nan ka lakay yonn ou lòt oubyen lakay tou 2.
Kisa Infertilité a ye?
Kilè'w ka di yon couple infertile?
Daprè OMS ki se òganizasyon mondyal lasante, Infertilité se lè 2 moun ap viv ansanm, yo gen aktivite seksyèl trè souvan epi aprè 1 an couple la pa gen timoun. Premye kritè a fòk 2 moun yo ap viv ansanm.
Gen 2 tip Infertilité:
Gen primaire et Infertilité secondaire.
⏺️ Infertilité primaire la se yon moun depi lè'l fèt ki poko janm gen timoun, swa yon fi ki poko janm ansent oubyen yon gason ki poko janm ansent yon fi.
⏺️ Infertilité secondaire, se yon moun ki te gen timoun deja, men ki pa kapab genyen ankò, swa gason an te konn ansent fi li rete konsa'l pa ka ansent fi ankò, oubyen fi an te konn ansent, li rete konsa menm si'l fè sèks nan peryòb ovilasyon'l li paka ansent ankò.
Anpil fwa, nan yon couple yonn konn gen tandans ap culpabilisé lòt sou kesyon sa, paske anpil fwa gason an konn di li gen pitit deja li pa infertil se fi a ki konsa, oubyen fi a di menm bagay la nan sans chak moun ap defann tèt yo. Sa ki ka vin koz gwo strès epi sentiment de culpabilité, tout sa yo antre nan koz Infertilité a.
Pou processus normal la, kòman sa ta dwe ye pou yon gason ka ansent yon fi?
Kòman yon spermatozoïde pwodui e ki kote'l soti?
Se 2 Testicules yo ki pwodui spermatozoïdes, sa nou rele nan langaj kouran 2 boul grenn yo. Yo se des glandes mixtes ki produit tou testostérone pou lage nan san an avec les androgènes ki se des hormones stéroïdiennes ki kontwole devlopman avèk maintien karaktè mâle.
Gen 2 types cellules nan Testicules yo:
1) Gen de Leydig ki pwodui testostérone
2) Gen de Sertoli ki pwodui spermatozoïde.
Spermatozoïde la gen yon etap spécifique, de lè'l fèt li pase de spermatogonie, spermatocyte, spermatide pou'l rive spermatozoïde. Lè'l soti li pase nan epididyme nan li stocké epi'l pase nan yon canal ki rele canal déférent pou'l ale.
Men sperme gason éjaculé a se yon likid ki genyen yon composition ki complèxe, li gen ladan'l likid ki sot nan épididyme nan (Kote spermatozoïde yo stoke a), li gen likid vésicule séminale la ki reprezante anviwon 60% nan composition sperme nan (Se ti gland sa ki bay plis likid nan sperme nan), genyen prostate ki bay anviwon 20% sekresyon, genyen glande de Corper yo ki se Gland ki nan baz peni an ki bay ti likid ki soti avan sperme nan sa nou rele nan langaj medikal "Présperme" likid sa utilize pou librifye vajen fi a.
_NB: Parfois nan présperme nan konn gen des spermatozoïdes ki infiltré avan sperme nan soti se sak fè lè n'ap pale de contraception masculine méthode retrait a se li ki pi pa fyab.
Sperme nan se yon likid ki visqueux (épais) au début epi aprè kèk minut lè tout protéines yo fin dénaturé li pral vin likid. Pafwa gason an fin éjaculé après lè'l gad condom nan li di sperme li dlo se sak fè'l paka ansent fi. Se yon bagay ki nòmal pou sperme nan vin likid.
Ki diferans ki genyen ant sperme ak spermatozoïde?
Gen gwo diferans ant yo 2 a:
1) Spermatozoïdes yo se des cellules ke'w paka wè à l'œil nu. (Yo Microscopiques)
2) Likid ou wè yo, se likid ki fasilite spermatozoïdes yo bouje, se des cellules très mobiles, yo gen yon ke ki rele flagelle fò'k yo kouri pou yo ka rive al jwenn ovule la kote'l ye.
Donc 1% sèlman de likid la menmsi pata gen spermatozoïdes ladan'l dutou, wap toujou wè li menm kantite a. Sa vle di avèk ou san spermatozoïde ou pap konnen si yon gason ka fè pitit ou non paske'w pap ka wè'l à l'œil nu.
Epi antèm de volim spèm nan
Otrefwa volim nòmal li te ant 2,2 a 2,5 CC, men konnya OMS ki se òganizasyon mondyal lasante di depi'l 1,5 CC li nòmal. Yon kiyè kenbe 5 CC, mwatye kiyè a se 2,5 CC sa vle di se prèske yon ka kiyè nòmal (yon ti kal).
Chak CC ta sipoze genyen 20 millions spermatozoïdes ke'w pap ka wè à l'œil nu. Donc, se konpozisyon an ki enpòtan.
Kisa ki ta dwe ladan'l ki ka fè'w konnen si sperme nan ka ansent fi ou pa?
Jan m sot di nou talè a, antèm de konpozisyon li ta dwe 20 gen millions spermatozoïdes, men'w bezwen yon grenn pou'w ansent yon fi, sa ki pral rankontre ak ovule la. Men yo wè pou grenn spermatozoïde sa ta rive fòk ou ta bay 17 à 20 millions par CC, sa vle di nan chak mililit.
Donc, pou sperme nan antou li varye ant 5 à 6 CC, fòk ou ta bay 60 milions environ paske si'w ejakile 60 millions an gen chans pou yonn rive paske gen anpil k'ap mouri nan wout, gen anpil ki pa mobil, gen anpil ki pa gen fòm nòmal. Gen anpil k'ap fè fo wout tou paske genyen ki pral nan twonp dwat la, men se nan pati externe twonp goch la fekondasyon an ap fèt.
Sa vin fè nou pale de Oligospermie, lè moun nan gen mwens ke kantite nòmal la.
Yo konn pale tou Asthénospermie lè moun nam gen spermatozoïdes yo ki fatige, ki paka kouri pou y'al jwenn ovule la.
Si yon moun pa gen kantite fòm nòmal la, lè'w gen plis ki anòmal ke nòmal yo rele sa Tératospermie ou Tératozoospermie epi pou sa ki mouri yo yo pale de Nécrospermie konsa tou ou gendwa pa gen spermatozoïdes ditou nan sperme nan, lè sa yo pale de Azoospermie.
Azoospermie an ka fèt 2 fason:
1) Gendwa se paske testicules yo pa pwodui ditou, lè sa yo pale de Azoospermie sécrétoire (Sa vle di testicules yo pa jwenn lòd nan men hypothalamus, hypophyse) pafwa tou ou ka pale de Azoospermie sécrétoire d'origine central. Konsa tou yo ka voye lòd la epi testicules yo pa pran'l, lè sa yo pale de "Azoospermie sécrétoire d'origine périphérique"
2) Spermatozoïdes yo gendwa pwodui men yo pa gen kote pou yo pase, twou yo bouche, lè sa yo pale de "Azoospermie excrétoire"
KÈK KOZ KI KA FÈ YON GASON PAKA FÈ PITIT
1) Enfeksyon ki koze pa yon bakteri ki rele Chlamydia Trachomatis, li se yon pwoblèm paske'w ka genyen'l san'w pa konnen. Li gendwa pa ba'w sentom. Sitou sa ki pa trete yo.🌐 Li ka paralize spermatozoïdes yo, fè yo paka kouri al jwenn ovule la.
🌐Li ka bouche canal déférent kote spermatozoïdes yo pase a.
2) Cryptorchidie, moun ki fèt ak testicules yo ki pa desann oubyen ki desann twò ta
3) Traumatisme testiculaire, moun ki pran kou nan testicules.
4) Orchi-épididymite, Enfeksyon nan testicules yo
5) Fatigue
6) Varicocèle, lè veine yo dilate arebò testicules yo.
7) Alcool
8) Cigarette
9) Les problèmes hormonaux, spermatozoïdes yo genyen des hormones ki stimulé yo tankou FSH (Hormone Folliculo-stimulante) lè hypophyse la sekrete li pral aji sou testicules yo pou fòse production spermatozoïdes yo epi LH (Hormone Lutéinisante) ki stimulé production spermatozoïdes yo.
```Pataje pou plis moun ka jwenn konesans, idantifye yon lòt moun li avè'w```
Rolph Péguy DALIEN