Goldine Pinchinat Santé

Goldine Pinchinat Santé Mwen se Doktè Pinchinat , mwen kreye paj sa pou pataje enfòmasyon sou lasante pou ede nou viv pi byen

14/08/2025
16/05/2023

Poukisa règ ou koule pa boul?

13/03/2023

Saw pat konnen sou planing

24/01/2022

Sa ki ka koz règ yon fi vini nan yon dat diferan chak mwa

06/01/2022

Pataje nouvèl la!

Chak jou se move nouvèl n'ap resevwa,  kidnaping agoch adwat,  y'ap touye moun nan tout kwen, stress ak depresyon ap fin...
26/12/2021

Chak jou se move nouvèl n'ap resevwa, kidnaping agoch adwat, y'ap touye moun nan tout kwen, stress ak depresyon ap fini avè nou ! Nou tout merite wè psikològ ki pou ede nou travèse moman difisil sa.

Sou platfòm dokpam nan wap ka jwenn yon psikològ akonpanye w' san w ' pa deplase kite lakay ou.

Antre sou aplikasyon dokpam nan kounya pou w' pale ak youn👇👇👇

https://ref.dokpam.ca/JaBULH9Un4wstLbt6

Chak jou se move nouvèl n'ap resevwa,  kidnaping agoch adwat, y'ap touye moun nan tout kwen, stress ak depresyon ap fini...
25/12/2021

Chak jou se move nouvèl n'ap resevwa, kidnaping agoch adwat, y'ap touye moun nan tout kwen, stress ak depresyon ap fini avè nou! Nou tout merite wè psikològ ki pou ede nou travèse moman difisil sa.

Sou platfòm Dokpam nan w'ap ka jwenn yon psikològ akonpanye w san w pa deplase kite lakay ou.

Antre sou aplikasyon Dokpam nan kounya pou w pale ak youn sou lyen sa👇
https://ref.dokpam.ca/JaBULH9Un4wstLbt6

Jodia  m vin prezante nou yon platfòm ki rele "Dokpam". Sou platfòm sa wap gen opòtinite pale ak doktè , jwenn yon avi m...
16/12/2021

Jodia m vin prezante nou yon platfòm ki rele "Dokpam". Sou platfòm sa wap gen opòtinite pale ak doktè , jwenn yon avi medikal sou pwoblèm ou genyen, konsilte, pran randevou ak doktè ou pandan ou chita lakay ou san ou pa deplase.

Nap ka telechaje Dokpam gratis la👇👇
Lyen pou pasyan: https://ref.dokpam.ca/JaBULH9Un4wstLbt6

Si ou se doktè epi ou vle kapab wè malad souli, telechajel sou lyen sa👇👇
Lyen pou doktè:
https://ref.dokpam.ca/LoYfP4t4AkiEUGod7

Mèsi, se nouvèl sa mte pote pou nou

Kisa pika a ye?Se lè yon moun manje tout bagay ki nòmalman pa manjab tankou lakrè, tè, cheve, chabon, wòch, papye , pent...
03/12/2021

Kisa pika a ye?

Se lè yon moun manje tout bagay ki nòmalman pa manjab tankou lakrè, tè, cheve, chabon, wòch, papye , penti ki ap dekale , ajil etc...

Pi souvan se timoun yo ki plis touche pa twoub sa. Fanm ansent yo tou frape anpil de twoub sa, genyen ki konn menm anvi manje twalèt bèf, twalèt kabrit etc...

Lè yon timoun ki gen pi piti ke 2 zan ap met tout bagay li jwenn atè nan bouch li, yo pa konsidere sa tankou yon pwoblèm paske se yon etap nòmal pou timoun nan pase ladan l men se lè li pi gran ki yon pwoblèm.

Kisa ki lakoz sa?

Pi souvan se lòske moun nan gen yon karans an zen oswa fè ki konn lakoz sa. Se sak fè fanm ansent yo konn touche anpil de pwoblèm sa paske lè timoun nan ap devlope nan vant yo li bezwen anpil fè( fè antre nan fòmasyon san ki nan kòw, si ou gen yon karans an fè wap anemi) e souvan fi an konn pajwenn ase fè pou li jwenn pou tèt pa l ak pou bebe ki nan vant li an donk li vin gen yon karans , se sak fè yo fasil devlope pika.

Konplikasyon ki konn rive se lè bagay sa yo akimile andanl epi yo bouche trip li, lè sa se operasyon pou li fè
Oswa li ba li yon entoksikasyon ak plon ki se yon ijans oubyen tou li fè li gen vè( si li konn manje tè).

Lè timoun ou an ap plede manje bagay sa yo se pa kale pou w kale li paske se pa espre li fè men ba li manje bagay ki gen anpil fè ladan yo tankou fèy( lyann panye, panzou lanman) etc... epi si sa kontinye mennen li wè doktè pou yo korije sa pou sa pa konplike pi devan

Fanm ansent yo menm pa neglije bwè medikaman yo preskriw yo chak mwa lè w al nan randevou.

Kounya èske lè ou ansent ou konn anvi manje sa mwen sot site anwo yo oswa ou konn anvi manje lòt ke mwen pa site?

Like, kòmante, pataje ak plizyè moun, nan plizyè gwoup pou ede plis moun jwenn konesans la

Si w poko abone ak paj la sa wap tann pou w fè sa?

Pase sou paj Gold Med Supply la nap jwenn bagay pye pou timoun an gwo ak an detay, jeu lèn, dra ak lòt atik. Klike sou lyen sa👇
https://www.facebook.com/Gold-Med-Supply-1994403707460296/

Babay, abyento nan yon lòt ribrik sante

Dr Goldine PINCHINAT

Adresse

Ville De Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Goldine Pinchinat Santé publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type