06/08/2025
✅Sa tout fanm dwe konnen de Enfeksyon ki rele la
Enfeksyon ke ou genyen san ke se pa nan fè bagay ou trape'l...
Nap pral pale'w de "Vajinoz".
Kisa vajinoz la ye? koman'w kontrakte'l? koman'w ka evite'l?
👉 Pataje ! Pataje! Pataje pou enfòme yon lòt fanm .
➡️Vajinoz se yon enfeksyon ke ou jwenn sèlman kay fi, se yon dezekilib (mank ekilib) nan milye vajinal fi a, bouboun fi a fèt ak tout bakteri'l ki pou pwoteje'l, depi milye vajen an ap chanje, lap vin kreye yon dezekilib ki pral lakoz anpil pwoblèm kay fi a.
Vajinoz pa trape nan faz bagay, sa vle di fi paka bay gason li. Dezekilib sa touye tout bakteri ki te la pou pwoteje kòw de tout lòt ajan deyò kou andedan.
➡️Kòmanl manifeste:
-Ekoulman koulè gri
- Li pa gen bon lodè (odè rans, odè pwason kri)
Ou ka trape vajinoz nan move ijyèn oubyen move pratik ijyèn tankou:
1) Moun kap bwè medikaman apre chak règ yo.
2) Moun kap fè twalèy yo kap foure dwèt nan bouboun yo.
3) fi kap sèvi ak dlo twalèt entim san se pa medsen ki preskri yo li.
4) di ki al sèvi ak gwo dòz pèmaganak pou sere.
5) fi ki ap sèvi ak dlo sitron nan lide panse'l ka trete'l oubyen vinèg pou sere (sa fè bouboun nan si epil chanje PH ph li).
6) Espre bouboun ak savon twalèt kim ki desann lè'w ap benyen ou pa rense'l.
7) Dlo ou ap sèvi.
8) Kilòt ki lave ak twòp pwodwi korozif (pil kloroks elatriye).
9) Kilòt ki tann nan nenpòt kote ki sal oubyen kote anviwonnman pa bon, kilòt ki fè twòp tan sou moun ak kotèks ki rete twòp.
10) Dechaj ki twò asid ki tonbe nan bouboun ou ki asid deja a.
Sil rete san trete li ka bay pwoblèm kay fanm ansent tankou; akouchman avan lè, timoun ki fèt ak pwa yo fèb, maladi kote mè vant lan enfekte san ak timoun lan ladan'l, avòtman san ou pat vle
Nb)👉 si'w pa trete'l ou riske pran lòt enfeksyon moun trape nan fè bagay sou li.