60 Minit Sante Ak Dr Filias

60 Minit Sante Ak Dr Filias This page was created for your health related questions. Your new radio tv show, Be part of it.

we're here to help you get to know your body better and the things that can affect your health. “ 60 Minit Sante ak Dr Filias” is a new way of life.

08/05/2023

Jodya nou chwazi pale de youn nan pwoblèm kè an ka genyen ki se palpitasyon (kè bat fò).

Nòmalman, nou pa janm santi lè kè nap bat. Son fenomèn natirèl. Men sa konn rive pafwa pou yon rezon oubyen lòt nou santil kap bat sa ki bay yon sansasyon dezagreyab ke nou rele Palpitasyon. Sa ki fè nou santi mouvman kè an lè konsa se paske swa li bat twò fò, twò vit oubyen twò rapid. Palpitasyon se youn nan koz konsiltasyon ke nou rankontre pi souvan. Anpil fwa li pa konn grav konsa tou sa ka rive li touye malad, li pral depann de sa ki lakoz li.

Gen anpil bagay ki k koz kè yn moun ap bat fò , ann gade kèk ansanm:

● Pwoblèm kè tankou aritmi sa vle di lè kè an pa bat nan kadans li sipoze bat la

● Kriz panik, anksyete

● Kokayin, nokotin (sigarèt)

● Pwoblèm nan glann tiwoyid

● Anemi

● Fyèv

● Fanm ansent

● Ekzèzis fizik

● Ipoglisemi (s*k desann twò ba)

Palpitasyon yo, daprè koz la kapab bay anpil konplikasyon pami yo:

● Pèt konesans

● Mouri sanzatann

● Doulè toras*k

● Domaje kè an

Li toujou enpòtan pou gen avi yon Spesyalis si nou konn gen palpitasyon. Anpil fwa yon senp konsiltasyon ka evite anpil dega.

Si nou konn santi kè nou kap bat fò epi nou bezwen avi yon spesyalis klike direktemn sou lyen sa: https://wa.me/message/AMZ44Q3F6DKPA1

Mèsi

Doc_Megg

07/23/2023

Gen anpil fi an Ayiti kap bwè antibyotik aprè règ yo panse sa ap netwaye vajen yo, san yo pa konnen a ki danje yo ekspoze, eben men danje yo,anpil pa konn sa ,pa kenbe konesans sa pou kòw , pa neglije pataje tèks sa poy plis moun li

genyen ki konn fè sa yo panse sa ap ede vajen yo dekrase yap ka al fè sèks pi rapid , avan tou fòn konnen vajen an pa bezwen sa li netwaye pou kòl

Pataje tèks sa pou plis moun nan peyi an ka jwenn konesans paske son pratik ki gen kèk tan nan peyi an, fi kap bwè bwè antibyotik nenpòt kòman, se youn nan rezon ki fè anpil fi ap plenyen di yo gen yon enfeksyon ki pa janm trete e pratik sa koz anpil moun gen gwo problèm pou konbat maladi enfektyez tankou tibèkiloz , nemoni, gonore, tifoyid etc...

e si yo trape yon enfeksyon ki vin grav sa konn koze lanmòl, li jis nan fen tèks la m bay konsèy pou pa sa rivew...
OMS(òganizasyon mondyal sante)deklare pratik sa son menase pou sante popilasyon yo

Ann fon ti rapèl kisa antibiotik la ye ?
Se yon klas medikaman ki gen ladann dè santèn medikaman ki la pou konbat yon jèm mikwòb
nou ka konn kèk tankou amoksisilin, pen*silin etc...e yo konn itilize yo pou prevni enfeksyon , lè mikwòb yo kòmanse bay problèm li abouti a sa nou rele enfeksyon , gen dè e dè milye de mikwòb...

Tout antibiotik pa aji sou tout mikwòb
Problèm ki vin gen a bwè antibiotik san okenn ekszamen, san avi medsen pou mikwòb kap baw problèm nan ou souvan bwè yon antibiotik ki pa aji sou li sa vin fè a fòs kew ap plede ekspoze kòw a antibiotik sa mikwòb ki nan kòw yo vin reziste a antibiotik la, vwala kounya ou gen yon enfeksyon e mikwòb yo gentan reziste a antibiotik la donk antibiotik ou pral bwè an pap fè anyen pou ou

Pratik sa anpil ayisyen renmen fèl bwè amoksisilin, pen*silin , flikonazòl etc... pou konbat enfeksyon san yo pa konn ki mikwòb ki kozel , gen medam ki bwè antibyotik yo menm pou netwaye vajen yo sa ki pa gen okenn rapò a vajen, sa vin fè yo konn gon enfeksyon ,yo konn remake ki pa janm geri jiskaske enfeksyon an vin grav anpil

lè medam sa yo gen yon enfeksyon yo konn remake enfeksyon sa pa janm geri jiskaskel grav e konn menm anpeche medam sa yo fè pitit, nan moman fi an pral gen règ li , li konn remake yon sekresyon blanch sa pa gen okenn rapò a enfeksyon , se nòmal nan fonksyonnman vajen an,se kouch vajen an kap renouvle ki konn bay sekresyon blanch sa

Konsa tou gen fi nan moman règ nan ki konn gen yon ti kanal brile sanl pa konn ki jèm( gen anpil anpil jèm ki ka baw kanal brile) li pran antibyotik, saw tande an bagay yo agrave li kòmanse p**i san, li kòmanse gen gwo doulè anba vant etc...

Pratik sa fèw:
- pèdi anpil lajan nan achte medikaman

-fèw fè anpil tan lopital (plis tan ke w ta sipoze fè) donk plis kòb ap depanse

-diminye chans pou konbat yon enfeksyon e ogmante chans pou mouri etc...

Kisak pase an reyalite?
Se rezistans mikwòb ki nan kò nou vin devlope fas a yon antibiotik a fòs kew ap ekspozel a antibiotik la e pratik m tap pale ki koze sa se lè yon fi pran plezi bwè nenpòt antibiotik aprè règ li , genyen ki konn bwèl menm lè yo pa gen règ pou nenpòt ti enfeksyon

Lèw provoke rezistans lan ou ka :
-gen gwo problèm trete yon enfeksyon

-ou pral pèdi tan nan plede achte medikaman plis depans

-ou pral fè plis tan lopital , plis depans

-ou gen mwens chans pouw geri e plis chans mouri de yon enfeksyon

Movèz nouvèl m gen pou nou se ke denyè antibiotik ki te sòti an sòti depi 20 èm syèk , antibiotik nou ret sou mache yo la mikwòb yo gentan reziste a pifò nan yo, sa trè enkyete OMS ki otomatikman deklare sa kòm etan problèm sante piblik e wè anpil maladi kòmanse ap vale teren kounya...

Rezistans sa konsène tout peyi nan mond lan e touche peyi ki pòv yo plis paske pa gen yon kontwòl medikaman sou mache yo, moun achte medikaman nenpòt kòman san preskripsyon

E yon lòt bagay ki koze rezistans lan ogmante an se nan vyann nap manje yo anpil nan bèt sa yo te konn resevwa antibiotik pou yo pat malad vwala kounya ou menm kap manje antibiotik endirèkteman preske chak jou... e 50 % popilasyon moun kap vin an pwovens an Ayiti nan ensekirite alimantè selon CNSA ( Coordination Nationale de la Sécurité Alimentaire) bagay la grav...

imajine yon moun kounya kap pran antibiotik nenpòt kòman

Siw konn ap plede pran antibiotik san kontwòl, medikaman ba pri ki premye entansyon doktè pral prekriw yo pap fè anyen pou ou, vwala poukisa ou konn ap plenyen anpil di antibiotik doktè an pa fè anyen pou ou , ou dwe di medsen an ki antibiotik ou te konn pran avanl preskriw antibiotik li pral preskriw la...

Lap konnen fòl baw youn ki pi fò e ki pi chè ,kounya depans ou ap ogmante...

Kijan pou lite pou sa pa rivew?
-pa bwè antibiotik san avi doktè
-pa bwè antibiotik si w pa nan bezwen , koupe bagay bwè antibiotik aprè règ la...

-si doktèw preskriw antibiotik evite patajel a lòt moun, sa pa vle di se menm mikwòb kap baw problèm nan kap bal problèm menm siw ta wèl gen menm siy a sentòm avèw

Sin anplike prensip sa yo, wap amelyore viw e siw pataje tèks sa wap sove anpil vi

Like & pataje
Idantifye yon moun li avèw

Kerry NORBRUN

Tou anomali ou ta remake a règ ou swal fè boul, swal fè twop tan ,swal pa vini swa, lap dekrase,swal bay gwo doulè ,oubyen nan peryòd ovilasyon ,ou ka rezoud pwoblem nan nou gen medsen a yon bèl klinik ekipe ,pouw pran randevou avè nou ekri oubyen rele nou siw gen whatsapp klike sou lien sa :
https://wa.me/+50944542222
Wap antre an kontak direk , rele nou nan +509 44 54 2222 ,Oubyen vizite nou nan adres nou ki se 1A imp vieux,rue borno , Pétion ville

07/20/2023
07/18/2023
07/12/2023
06/28/2023
Good morning.Happy mother’s day.Bonjour.Bonne fête des mères.Bueno dias.Felix día de la madre
05/28/2023

Good morning.Happy mother’s day.
Bonjour.Bonne fête des mères.
Bueno dias.Felix día de la madre

Address

New York, NY
11415

Telephone

+13473777723

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when 60 Minit Sante Ak Dr Filias posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Practice

Send a message to 60 Minit Sante Ak Dr Filias:

Share

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram